Depi 15 jou kolè pèp la ap bouyi

Massachussetts, USA, 09/15/2022 – Depi lendi 12 septanm 2022 bonèt pèp la chavire. Koze monte gaz la leve tout plimsou do l. Soti nan Nò. Pase nan Sid Monte nan Lès Pou rive nan Lwès Bousòl la gen yon sèl Oryantasyon. Li dirije tèt li nan direksyon Ariel Henry.
Pawòl yo pa chanje. Tout Moun ap chante yon sèl chanson. Tout mizisyen yo ap voye
menm nòt nan kò mizik la. Fòk Ariel Henry ak parèy li yo mare pakèt yo. Fòk pa itil sa yo
lage pye peyi y’a. Fòk voras sa yo bay pouvwa.
Ak desizyon ekip san fwa ni Lwa Ariel Henry chèf bann nan ki mare sosis li ak: SDP, Fusion, Inite, Inifòs, Nouhla, MTV, Vérité, Tolbert Alexis, Sorel Jacinthe, EKip PHTK 3ième vèsyon tout gouvènman chanpwèl la
ak alye tankou FMI, Bank Mondyal,
BID, Inyon Ewòpeyèn,
BINUH, Nasyonzini dwe bay peyi an yon chans pou pèp Ayisyen k ab rale yon souf.
Mete ak sa nou pa wè yo k ap sipòte ekip san fwa ni lwa nan desizyon kriminèl sa
kise monte pri gaz la pandan ensekirite, enjistis, mizè, grangou ap bat tanbou san rete nan tout Kò nou jouk nou rive pèdi tèt nou. Pèdi lespwa nan peyi nou. Pèdi konfyans nan nou menm.
Wi ak desizyon enjis sa a, kòlè pèp la pran yon lòt vitès. Li pa tande, li pa wè. Sèl sa li konnen: Se DECHOUKAY.
Kote AVANGAD YO. Kote fòs pwogresis yo?
Moman rive pou tout fòs yo mobilize. Tout fanm ak fason ki mande koupe fache ak sistèm peze souse Ariel ak alye li yo, dwe leve kanpe.
Tout sila yo k ap preche yon lòt peyi. K ap mande chanje sistèm lan. Tout pitit bòn volonte yo ki kwè fwa sa fòk chodyè an chavire, li lè, li tan pou tout bon vre pou nou soti nan twou nou mete kò n deyò pou nou di: Evite tout kraze brize sitou tout Byen Leta. Paske se swè ak san nou yo ye. Se lajan taks ak enpo nou ki fè yo. Detwi byen Leta kelkelanswa. se detwi lavi nou.
Nou dakò e nou mande pèp la kontinye manifeste. Kontinye vomi pouvwa san koutya Ariel Henry ak alye l yo. Pandan Fòs pwogrè yo, fòs chanjman yo mete ak tout pitit Bòn volonte anndan tankou nan dyaspora k ap kore, k ap mache nan pwopozisyon Gouvènman Tranzisyon
Koupe fache tout bon an. Yon Gouvènman koupe fache k ap genyen yon fèy de wout ki deja klè kon klèwòz.
Matris Gouvènman Tranzisyon Koupe Fache y’a se: Koupe fache ak mounpayis. Koupe fache ak politisyen ratdokale. Koupe fache ak tout moun nenpòt sa w te ye. Nenpòt sa w ye. Kit nan sosyete sivil.
Kit nan Enstitisyon moral Kit nan Òganizasyon Popilè. Kit nan Òganizasyon ak Pati politik. Kit nan sektè prive. Kit nan sektè piblik. Klamè piblik lonje dwèt sou ou.
Yo lonje dwèt la, paske sou yon fason ak yon lòt, ou te: kase kès Leta.Trafike lajistis.
Toujou nan kòlèt blan pou toupizi peyi y’a.
Ede, patisipe nan divès masak kote san pèp la koule. Kraze lajan Leta tankou CIRH, Petwokaribe, ONA, AAN, APN ak lòt ankò.
Dappiyanp sou tè Leta pandan tipeyizan yo ap koukouzi atè y’a.
Se sa pou fòs pwogrè yo, Ayisyen bòn volonte anndan kon nan dyaspora ki kwè epi kap defann Tranzisyon koupe fache y’a dwe klewonnen pou bay pèp revandikatif la konfyans, pou bay jenès dezoryante y’a lespwa.
Pou montre vrè zanmi nan kominite entènasyonal la k ap mache ak nou yo
nou konn sa nou vle. Nou konn kote n soti.
Nou konn kote nou prale. Sitou nou konn
kouman pou n mache pou n rive kote nou vle y’a.
Nou vle yon peyi bouvo ak sitwayèn, sitwayen ki kwè tout bon ke yo kapab chanje LAVI YO KÒM PÈP.
Se pa Premye fwa pèp Ayisyen ap make
listwa limanite.-
Marcel Poinsard Mondésir
Photo:actuvision.com





