Declaration du Président Elu de l’Accord de Montana, Mr. Fritz Alphonse Jean

Fritz Alphonse Jean
Président Elu Accord de Montana
Trè chè konpatriyòt Ayisyen,
Nap viv youn nan moman ki pi tris nan lavi nou kom pèp. Se ak dlo nan je, kè fè mal, e ak yon gwo santiman imilyasyon nap gade kondisyon frè n ak sè n ap kouri kite kay yo. Sa oblije nou kesyone mounite dirijan nou yo e mounite tout gwoup sosyal ki sipoze jwe wòl Elit nan bout tè papa Desalin te kite pou nou.
Avan nou kòmanse, mwen vle voye senpati m bay fanmiy tout kanmarad frè ak sè n ki tonbe anba bal kriminèl. Nap di zanmi ak fanmi tout kanmarad sa yo kouraj, pa pèdi lespwa, batay pou byennèt la pap kanpe. Mwen vle pwofite okazyon sa a pou mwen voye senpati m bay fanmi, zanmi, kanmarad etidyan ki nan 5èm lane medsin Inivèsite Leta a, Osny Zidor ki pèdi lavi li nan vyolans san limit nap viv jodia. Apre tout sakrifis paran li fin fè, rèv li fini nan yon kamyonèt sou bwa vèna nan kondisyon nou konnen yo.
Ale an pè Osny, plant sa ke yo rache a sipoze jèmen LESPWA pou sa ki rete yo.
Map salye pèp Ayisyen an an jeneral, tout konpatriyòt kap viv anndan tankou deyò peyi a.
Nan  anviwon yon mwa Matisan pral gen yon lane depi sivil ame ak zam fann fwa pran kontwòl zòn nan. Sitiyasyon tèt chaje sa a pa sispann simaye dèy nan mitan popilasyon an ki lage pou kont li san okenn akonpayman Leta. Sitwayen yo ki san defans, oblije chape kite kay yo, biznis yo, lekòl yo pou refijye sou plas piblik oubyen al  desann kay lòt moun nan lòt zòn. Preske plis pase 19,000 moun kite zòn yo te abite an, selon kèk sous ofisyèl. Men sa se avan Gwo kriz Laplenn nan.
Sa pral fè tou preske yon lane depi Lwès la koupe ak Grand Sid la kote majorite peyizan pa ka alvan pwodui yo nan mache. Pri pwodwi yo monte tèt nèg nan kapital la, e nan rès peyi a. Katchouboumbe sa a vin mete absè sou klou nan do popilasyon an ki te deja ap monte yon maswife ekonomik.
Raple nou lè tranbleman de tè a te pase nan Sid peyi a, 1259 lekòl te andomaje, plis pase 12,763 moun pran gwo chòk, blese e te gen gwo bezwen laswenyaj, anpil biznis kraze. Anpil jefò fèt pou pote sekou bay konpatriyòt nou ki nan zòn Sid la. Men pwoblèm ensekirite sou wout nasyonal nimewo 2 a te antrave demach enstitisyon nasyonal tankou etranje ki vin pote kole.
Jodia mwen vin atire atansyon nou sou sitiyasyon trajik ensekirite a. Lennmi pèp la, ki gen enterè nan klima dezòd sa, ap simen pwav nan mitan katye popilè yo pou monte yonn kont lot, pou yonn kapab masakre lòt. Apre Bèlè, Delma 2, e lòt zòn nan Potoprens, konnya se nan plèn nan, zòn Kwadèmisyon, yap fè jèn ayisyen goumen, kote yonn ap touye lòt. 18 moun pou piti deja pèdi lavi yo, selon kèk rapò ofisyèl. Yo mete gwo zam fannfwa nan men jèn gason, jèn fanm ak timoun, pou anvayi zòn : Bitbwaye, Kwadèmisyon, Damyen, Kafou Chada, Anba Mapou, Marikaj, elatriye.
Zòt deklanche operasyon fèmen Pòtoprens.
Yo touye, asasinen, brile anpil frè ak sè nou kap viv nan kominote sa yo. Popilasyon an nan mitan ap kouri kite kay yo, ti biznis yo, pou y al dòmi sou plas piblik. Yo pèdi tout sa yo te genyen, yo vin pi pòv.
Si sa kontinye konsa, wout Nasyonal nimewo 1 an ak wout nasyonal nimewo 3 a ap bloke, menm jan sa fèt nan Matisan. Pòtoprens ap izole nèt de rès peyi a. Sitiyasyon kawotik sa bay kè sote anpil.
Men sa ki pi grav e ki sipoze fè kè nou tout sote se Nivo ak fòm vyolans kap fèt sou popilasyon an. Yo koupe tèt, yo rache moun, yo boule moun, yo boule kay, elatriye. Jan atis la di l la « N ap fonse nan fènwa ak tout boulin ». E sa ki pi tris nan sitiyasyon sa a, gen moun kap bat bravo e k’ap di chofè ba li gaz ! Yo fè tou sa pou kontwole teritwa pou eleksyon pikekole. Yo fè sa paske yap jwi 2, 3 privilèj nan mitan kafou malè pandye nou ye la. Atis la gen rezon di « Nou prèske pa moun ankò ». Nou sipoze kesyone nou sou imanite nou. Pèmèt mwen di nou, yon sivilizasyon pa disparèt menm jan ak yon kay ki tonbe. Li disparèt lè kalite moun ki te kontwi l la disparèt. E nou sou wout sa.
Move gouvènans, koripsyon ak vyolans ekonomik, vyolans politik ak vyolans sosyal lakòz tout lyen sosyal yo kase. Nan anviwonman tèt chaje sa a, enpostè donnen kon djondjon sou do popilasyon an ki ozabwa. E kòm se nan entèraksyon sosyal yon kominote jwenn sous pou l fabrike pwisans pou l aji, regwoupman sitwayen nou yo vin pi fèb chak jou pi plis. E anpil moun ki santi yo pa kapab ankò kouri kite peyi a.
Nan lane 2021 an, 102 448 moun deplase kite zòn kote yo te rete, selon OCHA. Pami moun sa yo 44 450 ayisyen yo rapatriye ou ekspilse e 58 000 moun ki deplase andan peyi a akòz pwoblèm ensekirite e konsekans tranbleman de tè nan Gran Sid la.
Fas ak sitiyasyon malouk sa, yon kote, nap denonse tout konplis nan Leta kou nan prive ki lòtè tout briganday sa yo, ki montre aklè nivo ensousyans  ak iresponsablite ekip dirijan nou yo. Yon lòt kote, nap di pèp ayisyen an, jodia nou rive nan yon moman pou nou pran responsablite nou. Nou menm ki kondane pou n viv nan peyi sa, fòk nou konnen nap jwen liberasyon nou nan aksyon kolektif.
Li bon pou nou montre solidarite nou lè yon kanmarad nou frape, men se lè nou makonnen tout fòs yo, konsolide lyen sosyal yo, se lè sa a nap jwenn tout bon vre fòs de frap nou (pwisans nou) anndan yon pwojè kolektif, ak yon fèy de wout nou pataje. Se tèt ansanm sa a, travay sinèji sa a, kap pèmèt nou pwodui entèlijans politik ki nesesè pou nou mete kanpe yon lòt gouvènans pou frè n ak sè nou yo sispann batay kote yonn ap touye lòt, men pito batay ak diyite pou n chanje peyi nou pou n viv tankou moun.
Nou tout ki nan Akò Montana a nou lanse yon gwo apèl patriyotik ak tout fòs vanyan nanchon an pou yon :
• konsansis nasyonal,
• yon fèy dewout klè kap pèmèt nou swiv demach sa a :
o kanpe yon Gouvènman enklizif ak pèsonalite kredib ;
o pou n rive tabli bonjan sekirite ;
o amelyore sitiyasyon lavi sosyo-ekonomik popilasyon an ;
o pandan n’ap kreye kondisyon pou gen bon jan eleksyon demokratik lib ak onèt nan peyi a ak anpil transparans kote kandida yo kapab sikile lib e libè tout kote nan peyi a.
Sèl yon konsansis nasyonal ki kapab pèmèt nou leve chay sa a zòt mete sou do peyi a.
Viv Ayiti
VIV YON TRANZISYON KOUPE FACHE, MÈSI

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *