Chwal papa nan jaden papa

New York, USA, 05/02/2023 – Se ekspresyon ki pi senp pou eksplike fòm enjerans ki te toujou egziste depi lontan nan rapò politik kèk peyi etranje gen ak Ayiti. Men ki jodi an vin n depase tout limit nan sa yo rele: relasyon ak respè ant peyi ak peyi.
Paske tout desizyon ki gen pou pran, menm sa w pa ta imajine, li oblije sòti swa nan kèk gwo anbasad peyi etranje ki nan Pòtoprens ou dirèkteman nan Kò Gwoup la.
Pou òganize yon eleksyon, eleman pi enpòtan ki gen arevwa ak souvèrènte nasyonal peyi an, se etranje an ki pou bay lajan, mwayen lojistik ak prèske tout lòt koze yo. Se sa yo rele fèt e founi.
Kò m pawòl lan di mounn ki finanse an, gen dwa pou l pran desizyon tou, kidonk se konsa se yo ki toujou deside kiyès ki pou prezidan, premye minis, minis, depite, senatè, chèf polis elatriye.
Tankou kounye an, gen gwo pwoblèm ensekirite k ap ravaje peyi an, ou tande tout yon pakèt koze sou kòman blan an vle sa rezoud. Pa egzanp, ou tande yo pa vle lame patisipe nan entèvansyon ki gen pou fèt kont bandi. Èske se paske yo legal?
Ou tande tou yo pa vle polisye itilize zam ak minisyon yo sezi nan moman yo t ap mennen operasyon kont bandi yo. Alòske, la polis gen pwoblèm materyèl pou yo travay. .
Men, depi blan an pale, se pawòl levanjil. Dènye pawòl la se nan bouch blan pou l soti. Kriz politik, ekonomik ak sosyal ap sakaje peyi an, tout mounn chita, kale nawè yo, epi y ap tann dènye pawòl blan an.
Pandan blan an kontinye ap pase yo nan tenten. Rankont sou rankont. Anyen pa sòti. Pa vrèman gen anyen pozitif k ap sòti . Toujou menm istwa an, se ayisyen yo ki pou jwenn yon solisyon ant yo menm.
Lòt koze nan zafè dominasyon etranje an, se sa k ap pase kounye an. Kou se blan an ki sanksyone yo, ou pa tande yo di yon mo. Men, kou se enstitisyon peyi Dayiti k ap eseye denonse enplikasyon yo nan kèk zak malonèt, yo mache nan tout radyo pou ap jistifye tèt yo.
Kò m zafè blan sa vinn tounen yon kesyon de chwal papa nan jaden papa, konsa tout politisyen oblije gen blan pa yo nan pòch yo. Se pa tout blan. Se blan nan peyi meriken. Bon blan je vèt nan Washington.
Konsa, depi yon lidè politik poko jwenn envitasyon nan yon selebrasyon fèt endepandans peyi meriken 4 jiyè lakay anbasadè yo nan Pòtoprens, li poko vrèman gwo lidè. Paske se la, tout bon vre, nan espas sa, yo mete ak retire wa sou pouvwa politik (tout kont mal taye fèt sou do peyi y’a.)
Se sa ki fè tou nan nenpòt ti aktivite politik, anpil lidè sa yo renmen kouri pwan foto ak nenpòt ti blan mannan k ap kase kòd nan batiman. Epi, bay patizan yo simaye l sou plizyè gwoup sosyal. Sa w tande an, se kanpay elektoral lan ki kòmanse. Menm lè pa gen eleksyon pwograme.
San respekte sa yo rele yerachi an, nenpòt blan gen dwa sòti nan Depatman Deta, epi w tande li vinn rankontre prezidan, premye minis. Yo vinn pase lòd. Yo vinn bay konsiy ak gwo otorite peyi Dayiti.
Tankou kèk peyizan ta di: bèf pou wa, savan n pou wa. Ki pwoblèm, kite bèf lan kontinye pran plezi l Men lòt peyizan ki gen karaktè ap tou senpman di: kabrit toujou gade je mèt kay anvan l antre. Ou byen: lawouze taye banda se tout tan solèy pa leve.
Esau Jean-Baptiste





