Ces salauds de la République

Jakmel, Ayiti, 12/24/2022 – Ariel Henry reyèlman kenbe peyi a an otaj depi prèske 18 mwa. Mwen prèske pa ka konte ankò.
Matisan bloke alòske lajan peyi a nan men’l. CSPN polis peyi a nan men’l. Diplomasi peyi a nan men’l.
Kite’m konte : 1er juen 2021 fòmèlman bandi asasen (service commandé) fèmen nan nivo Matisan tout wout nasyonal # 2 a… Ki mete tout Sid peyi a nan tèt chaje, nan mizè; kote santèn e santèn biznis fèmen, pakèt malere, malerèz pèdi travay.
Ak tout konsekans nou ka imajine. Sa fè donk yon lane, sis mwa vennde jou (1 an, 6 mwa ak 22 jou). Ariel kriminèl reyèl ap aji. Poukisa la aji konsa ?
E byen l’ap fè krim sa yo pou 2 rezon; e pou tou 2 rezon yo li gen ‘backup séparé’. Ayisyen yo dwe konn sa, yo pa dwe jwe ak sa. Nan nivo lokal, dabò, Ariel se PHTK. Yo vle kenbe pouvwa a paske pouvwa bèl. An Ayiti, lè’ w sou pouvwa ou fè sa’w pi pito, sitou enpinite total !
Gade richès Mateli ak pitit Mateli. Mateli-Sweet Micky tap jwe kèk ti bal genyen li te anile lè’l te poze kandidati. Li te vin Jakmèl 1er tou prèske an kandida kokorat. Apre’l fin bon, li te salanbe moun Jakmèl. Jodia l’ap fè etalaj richès. Kidonk non sèlman pouvwa dous, yo poko ka fè jijman PetroCaribe !
Si’l tap fèt… Mwen tap mande eksplikasyon sou lopital Simbie. Dilapide ? Mache Pwason. Anglouti ? Échangeur autoroutier. Depanse ? Hôtel la Jacmélienne. Gaspiye ? On and on… Chavire mounn sa yo, mande fòs ak detèminasyon. Pa bliye Ariel te minis 2 fwa pandan prezidans Mateli. Pa bliye 2 zotobre, ansyen premye minis (LSL e CJ) deja klewonnen, se Michel Martelly ki te fòse Jovenel Moïse mete Ariel Henry premye minis. Pou yo kenbe pouvwa ansanm. Chanje konstitisyon ansanm. Fè eleksyon malatchong ansanm. Vote lwa LGBT ansanm !
Dezyèm rezon, pi gwo ‘backup’ toujou : USA, Canada, Core group pa vle Ayiti gen okenn dirijan konpetan, nasyonalis e vètikal. Mwen raple’m an 1994 (retour d’Aristide) USA de Bill Clinton te enpoze nan chak ministè yon ‘Meriken’ (sitou militè rezèvis). M’pa bezwen di pou Banque de la République d’Haïti ! Konbyen moun ki konn sa ? Ou konbyen ki sonje sa ?
Reflechi pou nou wè. An 1915, peyi an te nan men ‘yankees’, fè e defè pandan 19 lane. Yo gen yon ide sa’n posede. An 1994, yo tounen (20.000 troup), yo pase yon mwa pou kont yo, san Aristid, lame Dayiti plat atè ap kriye. Lt Kolonèl Okap la (André Claudel Josaphat) nou sonje ? Jan Josaphat te fache kouri antre sou tèt Pòtoprens, apre eskamouch initil yankees yo te fè nan kazèn Okap la (san rezon) ak jandam an ble ayisyen yo; kote yo te frape, mare sou vant, mete solda ayisyen nan oun kamyon militè yankee;
Josaphat ki te ofisyèlman Kòmandan depatmantal te rive vekse, li te rive di kolonèl meriken an “li ka fè geriya”. Kolonèl US la te reponn avék anpil awogans: “Tande. Se nou’k fè’w. Si’w te ka fè geriya, mwen t’ap konnen.” Josaphat kouri antre Pòtoprens. Katye Jeneral kalme’l; l’al ka fanmi’l zòn Matisan. Papa’l te yon gwo Duvaliériste BNRH, gwo manm RCH (Racing). Pitit li André Claudel Josaphat te jwenn imilyasyon nan men meriken.
Envazyon, okipasyon. Gwo teknoloji. Yo konn tout min, tout resous anbatè Ayiti. Petrol, iridyòm, iranyòm… you name it ! M’sot bannou doub misyon kriminèl Ariel. Se kenbe pouvwa pou PHTK ak kenbe resous Ayiti genyen nan sousòl li pou zwazo mechan yo. Malgre li jwenn ‘les Salauds’ kap siyen akò salopri ak li.
Serge Pierre-Louis





