BÒN FÈT TOUT FANM
Nan iteris ou lavi antre.
Anndan vant ou lavi kache.
Ou bay lavi lè w akouche.
Lavi kontinye lè w bay tete.
Ou fè lavi souri le w ap chante
Krab nan kalalou pou ti bebe.
Kè gason kontan le w ap karese.
Po bouch ou, se siwo kann sikre
Pou n souse, pou n niche.
Se dwèt dous yon fanm ki kajole
Tout kò nou tout lè nou fatige.
Se fanm ki ale nan mache.
Rou nan men, yo sekle
Jaden; chak fwa gen konbit, se
Yo tou ki fè chay manje.
Lè maten, se fanm ki koule kafe ;
A midi… waw!…me dine!
Aswè, se yo ankò ki bay soupe.
Ah !!! Fanm se lavi nèt ay kole.
Bòn fèt pou tout fanm tout kote !
Fanm, se yon refren ki merite chante:
Lannwit, se yo ki fè zetwal klere.
Lajounen, s’on bèl fanm ki fè solèy leve.
Souri fanm bay lajwa lè bwa bare.
————————–
Rejinal Souffran
8 mas 2014





