BON FÈT Radio Kiskeya, BÒN FÈT tout zòrèy 88.5 yo.

Boukan News, 08/09/2023 – Yon jou kou jodi y’a, mwen tap soti nan Nòdwès, lè radyo Kiskeya, radyo Zile-a, parèt sou bande FM lan, nan peyi DAyiti.
Depi jou sa, 88.5 lan, ansanm ak li fè 4è, fè yon sèl, nan ajennda tout fanm ak gason, ki kwè nan yon lòt vwa, yon lòt diskou, anndan kòn deyò peyi nou Ayiti.
Les événements que nous sommes en train de vivre, et l’accompagnement sans trébuchement de l’équipe de la Radio de l’Île, le prouvent à 1000%.
Pou 28 rekòt kafe sa, kote kafe a anmè kon fyèl pou anpil moun, 88.5 lan, apre 3 lane sabotaj fenk kòmanse sonnen nan zòrèy yo.
Se tankou lanbi-a, Boukman te soufle, pou l te rasanble esklav yo, pou n te rive nan premye janvye miluitsankat (1804).
Lè sa, nou te flanke Napoléon, ak tout lame-l yo deyò.
NAN melanje volonte ak pasyans, plis detèminasyon, n ap rive!
Jou sa-a, lap fè 4 trè, tout bon e solèy la, ap klere nèt ale.
Radyo Kiskeya,
Radyo Zile y’a,
Radyo pa nou an,
Lili, nou vin di w : Onè, respè pou ou.
Lili san ou, fizikman,
Sitiyasyon rèd anpil
Men Vwa w, ap kontinye sonnen nan zorèy tout moun nan peyi dAyiti.
Tankou ekip la fè l pou Sony,
detèminasyon ak angajman
Marvel, Stéphane ak tout rès ekip la, radyo Kiskeya ap kontinye sonnen chak katrè.
Se kounye ya *demonkrat* yo
Pral gen Kè yo sou biskèt.
Yo pral tranble pou tout bon.
*Paske 88.5 lan pral rezonnen fò. Pèp la pral kanpe, tankou yon dig pou pwoteje l*
Se vre zòt ap fete. Yap di kote vwa sa-a, ki te konn fè bandi legal yo, flibistye yo, newo kolon yo, entèlektyèl san konviksyon yo, tranble nan kanson yo-a? Li pap rezonnen ankò, ni nan jounal 4trè-a, ni nan Enterè piblik chak dimanch 8è nan maten!!! Ou ta di jounal 4trè y’a, ak Enterè piblik la, se randevou 2 moun ki fiyanse, pran, pou y al planifye kouman maryaj la ap pase. Pa gen anpil rezon k ap fè moun sa yo rate yon randevou konsa.
Depi 31 jiyè 2023, majorite pèp Ayisyen, anndan kòn deyò peyi y’a, poko kapab kwè mapou sa tonbe tout bon.
Depi nan minit kote yon lòt vwa vin okipe espas la, dlo poko sispann seche nan je anpil nan nou. Anpil nan Ayisyen tout kote, anndan kòn deyò peyi y’a, ap mande si se nan rèv yo ye. Pouki se Lili? Pouki se vwa sa nou pèdi? Vwa pèp la tande piplis, yon vwa ki rezonnen tèlman fò!!! ak anpil angajman, disparèt tankou yon kout zeklè!!!
Vwa sa tèlman deranje mechan nan peyi dAyiti! Yo bwè gwòg yo, jouk li jou, yo kraze boutèy la. Sèten ladan yo fè bal chante tankou pètpèt mayi.
Yo bliye, mapou sa, se nan toyo Toussaint Louverture li soti. Konsa li fè lekòl, li gen rasin. E, yap gen pou fè donn. Boujon yo la. Yo mèt vole ponpe, yo mèt kontinye mete dife, kit bandi legal, kit bandi ak sapat, entèlektyèl k ap ranpe yo, yo pap kapab boule forè y’a.
Marcel Poinsard Mondésir





