Ayiti : yon Opozisyon pou pozisyon…

New York, USA, 02/23/2023 – Se rezime de konpòtman ou de kòman nèg an Ayiti fè politik. Anpil fwa yo toujou nan opozisyon. Nan sans sa, yo konn men m rive nan opozisyon ak tèt yo e pati politik ke yo se manb ladan l. Yo kon n kite pwòp pati politik ke yo te kreye pou yo k ab al jwui tout privilèj ki gen nan Leta. Kesyon an, yo p ap rete deyò. Fòk yo toujou ap opoze pou yo k ab pozisyone pi byen.
Se sa ki fè ke konn jwoin n yon nèg ki te a goch yè, epi briskeman li kite tout prensip de goch yo pou li ale pran yon plas nan yon gouvènman ki a dwat, pou m pa di nan ekstrèm dwat. Se ka ki fè, kesyon ideyoloji pa jan m vrèman respekte an Ayiti.
Pou nou k ab gen yon ide de sa ke m ap pale an, ansanb, an nou swuiv kèk konpòteman de nèg politik ki nan opozisyon an Ayiti, espesyalman aprè 7 fevriye 1986.
Lòt lan deside ale nan eleksyon. Men li konnen definitivman ke li pap pase paske yo pa konnen l ase, ou byen li pa vrèman popilè pou l te k ab rive fè yon diferans nan mitan popilasyon lokal ke li reprezante an ou byen enpoze l nasyonalman nan tout peyi an.
Men an verite, se pa zafè pase nan eleksyon ki enterese l. Se sa ki fè anvan menm yo bay rezilta, li gentan nan tout radyo pou li ap plenyen de rezilta eleksyon an ki pa bon.
Se vre ke anpil fwa eleksyon yo konn pa bon. Donk si li pa bon, se nòmal pou ta gen mounn ki denonse sa. Ou pa kab pèdi tan fè kanpay pou konvenk moun n ke se program politik ou an ki bon pou peyi an, depanse anpil kòb nan monte desan n, epi se OEA, Kò Gwoup ki ap deside kiyès ki pase e kiyès ki pa pase.
Nan sans sa, se vre ke gen kèk lidè ki konn sensè nan denonsasyon fo eleksyon yo. Men se pa tout ladan yo. De tout fason, se te ap nayivte tou si yon mounn ta panse tout lidè ki ap fè bwui nan radyo aprè yon eleksyon, se zafè move rezilta ke yo ap pwoteste.
Definitivman li pa ta kab yo tout paske depi nan kòmansman enskripsyon kòm kandida, yo pat gen menm objektif. Yo pat jan m vize menm direksyon. Youn ap goumen pou pèp. Lòt an ap goumen pou pòs. E pou sa kapab fèt, se pozisyone nan opozisyon epi fè anpil bwui nan radyo.
Gen anpil, pou m pa di majorite lidè ki ale nan eleksyon yo, yo konnen ke yo pa genyen. Men yo pran radyo pou plenyen, paske se la kòmansman opozisyon pou pozisyon an kòmanse. Yon ti bout tan aprè sa, yo konn vin n kreye yon asosyasyon kandida pèdan. Menm nan yon asosyasyon parèy, youn ap bay lòt move kou. Paske kesyon an se yon fason pou yo pi byen pozisyone pou yon pòs.
An nou onèt, lè w finn fè mwoins ke 1% nan yon eleksyon, epi ou gen 0 depite, 0 senatè nan yon paleman konpoze de raketè, pa gen lòt fason pou w jwoinn yon pozisyon, se pase nan opozisyon. Men yon opozisyon san pozisyon ki gen pou wè ak pèp ki vrèman ap goumen pou chanjman.
Se sa ki fè, pandan ke lidè sa yo ap chache vizibilite, pou yo kab kanpe anfas nouvèl ekip ki gen pouvwa an, yo denonse tout bagay. Nan denonsyasyon ko konn menm rive denonse tèt yo san yo pa konnen. Men se pa vrèman grav paske objektif lan se rete nan opozisyon pou yon pozisyon.
Sa ki enteresan nan moman sa, yo vrèman prese. Kòm yo pa gen tan pou pèdi, yo konn refize tout chita pale piblikman ak pouvwa an plas lan. Lè konsa, nan radyo tankou nan manifestasyon, yo gen yon sèl diskou taboularaza. Men, mounn ki ap fè politik lontan nan peyi an, konnen se plis channtaj ke yo ap fè.
Boum, kou yo rive jwoinn yon pòs nan pouvwa ke yo te ap denonse an, yo vinn pa prese ankò. Yo vinn plis ap pale de ouvèti politik. Se yo ki vinn pòt pawòl pouvwa an kote yo ap pale de eleksyon. Yo gen siyati yo anba tout move akò akwòkò. Yo nan tout vye akò ki kontinye ap dezakòde sosyete an paske de manb opozisyon ke yo te ye yè, jodi an se nan pozisyon mounn ki ap koupe rache nan Leta an ke yo.
Kòm nan tout batay yo nan opozisyon ak nan pozisyon politik ke yo te okipe, se dikta ke yo te toujou ap pran, yo p at janm vrèman rive gen chans pran oken pozisyon pou chanje la vi pèp lan ki ap soufri. Men, pa fatigue w, aprè yo pa nan pozisyon politik ankò, men entènasyonal lan ki te konn ap bay yo dikta pou kraze peyi an, ap gen pou an retou, repwoche yo de tout move bagay.
Esau Jean-Baptiste





