Ayiti : Lanfè ou Simityè?
Massachussetts, USA, 03/01/2023 – Nan pwoblèm ensekirite k ap fè raj chak jou nan peyi an, sanble fòk frè ak sè nou yo ta blije fè testaman yo anvan yo kite lakay yo chak maten! Paske, kounye a ou pa fouti di yon moun k ap viv Ayiti ni fè pridans ak ni pran prekosyon nan lari y’a. Poukisa?
Kouman pou di frè m, fanmi m, zanmi pran prekosyon ou pridan wi lè w ap soti tande, lè se anndan lakay ou menm bandi yo rantre, san di onè pou anbake w, pati ak ou.
Se pou otorite yo di pèp la kisa pou l fè pou l kapab genyen ti moso sekirite. Se pou otorite yo di pèp la kouman pou l fè pou l mache sou trèz (13) li, pou l pa pile (14).
Pèp la pa fouti sòti, pou l al chache ou defann lavi l. Depi l pran lari y’a sèkèy li tou anba bra l. Kounye y’a ou blije ekri adrès ak telefòn yon moun ou pou sizoka ou pran nan pèlen bandi. Paske ou pa konnen ni ki lè, ni ki kote y ap opere.
Dayè menm anndan lakay ou, menm nan katye kote w rete, ou leve, ou grandi ou pa alabri. Pèsonn moun depi ou pa nan kò bandi yo, ou se yon toutwèl, yon zòtolan, ou pa konnen kisa ou ye ankò? Nan lang franse “vous êtes une proie facile”, “capable d’être enlevée à n’importe quel moment selon les caprices des bandits à col blanc et de leurs soufif gaye nan tout rakwen kapital la ak nan rès peyi y’a.
Ki kote sou 27700kilomètkare y’a kounye y’a yon moun kapab dòmi jouk li ronfle epi rive pise nan kabann lan tèlman li dòmi ak kè poze? Sanble menm Bòkò pa kapab pèmèt yo souke Ason, fè seremoni lwa nenpòt lè ankò. Mesyedam k ap egzekite plan bandi ak kravat yo wete tout anvi viv nou.
O konbe se te yon bon moman enspirasyon yon vwayaj Pòtoprens-Jeremi nan aswè pou w ap admire lanati, wap apresye peyi y’a.
Reyalite y’a nan moman sa tout Moun kelkelanswa ki pa nan sosyete gang yo, ki pa nan okenn rapò ak Gang yo, tout Moun sa yo se Kadav Anbilan, se pwovizyon bandi, se labank bandi, se lajan sòl bandi yo ye.
Mezanmi kouman moun kapab fè ap viv nan Kè sere sa, nan Kè kase sa. Se tankou yon bann sourit nan pen frè, sè, pitit, fanmi ak zanmi nou ki rete an n Ayiti ye. Yo pa konn kilè bandi ap vin frape pòt yo. Nou kapab konprann, poukisa anpil Ayisyen soufri maladi sik, tansyon ak stress kounye y’a. Ni remèd Doktè, ni fèy nan bwa pa fouti trete yo.
Pi gwo tretman se otorite ki gen chay peyi y’a, ki gen gouvènay peyi y’a nan men yo ki pou bay li. Tretman pa lòt non mezanmi, se derasinen tout sa ki pwodui bandi nan peyi ya wi.
Èske nou sonje jodi y’a fè 21 mwa depi Matisan tounen chemen Lanfè, tounen Simityè pou tout Moun ki riske lavi yo pou pase nan wout sa. Pou sa an nou tout di otorite peyi nou, CSPN nan mèsi.
Boukan News






Mwen panse li se yon lanfè an menm tan yon simityè pou pèp Ayisyen, e menm Leta a pa an sekirite pou tèt li