Ayiti ap badnen ak yon jenosid ak konplisite entènasyonal la menm jan ak Wanda.

Wi, kominite entènasyonal la pa fouti di yo pa konnen si Ayiti nan yon sitiyasyon grav pi mal pase aksangrav.
Wi kominote entènasyonal la pa fouti vin lave men l tankou Ponce Pilate, paske li pat janm relve okenn tras pou fè l wè epi konprann politik l ap mennen nan peyi y’a pa gen lòt konsekans se ranfòse lamizè, inegalite sosyal, mete galon sou zèpolèt bandi yo.
Wi kawo Ayiti y’a Kominote entènasyonal la se youn nan pi gwo responsab la. Rezon an tout moun konnen l paske se kominote entènasyonal la ki enpoze gouvènman Ariel Henry ya sou pouvwa kont volonte pifò Ayisyen anndan kon deyò peyi y’a.
Wi Madanm La Lime ak tout sendika Core Group la se prensipal dirijan Ayiti. Yo konstate epi bat bravo pou tout aksyon pouvwa Ariel Henry y’a menm lè popilasyon an manifeste pou di li pa dakò ak yo.
Wi kominite entènasyonal la pran pèp Ayisyen an pou timoun piti. Li fòse l vale koulèv koripsyon. Li kontrenn li viv ak bandi. Li blije pèp la aksepte enpinite y’a. Menm kominite entènasyonal sa ki tanzantan ap jwe jwèt chat ak souris la( se Mwen se pa Mwen).
Wi Pèp Ayisyen pran nan mera tout bon paske kominote entènasyonal la li se abit pandan se menm li menm nan k ap jwe match la. Konsa, pa genyen okenn règ ki respekte se koken sèlman ki genyen sou teren an. Se pou sa pèp la toujou pèdi anvan l monte teren an.
Teren an pou yo, boul la pou yo, tout abit pou yo, konsa pouvwa konnen li kapab fè koken, fè bosal l ap toujou genyen match la kont pèp la. Se nan sitiyasyon sa pèp Ayisyen twouve l ak kominote entènasyonal la ansanm ak pouvwa Ariel Henry y’a.
Yo pap fouti fè tankou Rwanda, RDC, peyi ki nan corne Afrique lan(Somalie, Djibouti, Éthiopie, Érythrée) kote genyen yon lagè ki pa janm fini. Moun ap mouri tankou bèt ki pran nan pèlen epi kominote entènasyonal sa touye je l pandan y ap jere belijeran k ap fè lagè sa yo dapre kapasite yo genyen pou pèmèt gwo peyi yo jwenn plis resous.
Se nan menm pèlen sa yo mete nou menm pèp Ayisyen. Kominote entènasyonal la, tanzantan li gen konpòtman rat mòde soufle ak nou. L ap manipile aktè politik yo. L ap fè kòmsi li anvi vare sou gang yo, pandan chak jou k pase menm gang sa yo ap okipe plis teren epi « force de feu » yo ap ogmante an pwisans.
Nan menm moman sa, zak bandi yo pi terib, pi kriyèl toujou. Konsekans plis moun nan divès kouch klas mwayèn yo blije likide ti resous yo genyen pou pati kite peyi y’a, pandan kouch popilè yo ekspoze yo bay dan reken nan lanmè y’a. Se chak jou Gad kòt tout peyi nan Karayib la ap ranmase kadav frè ak sè nou yo nan lanmè lakay yo epi lè yo pa mouri se pa ti imilyasyon yo pa sibi nan men « soi disant sauveteurs » yo anvan yo pimpe yo tounen nan « l’enfer géré par Ariel et sa bande » pou kominite entènasyonal la.
“Oui, il n’y aura pas de Ponce Pilate après le génocide planifié, programmé et mis en œuvre par la communauté internationale en Haïti. Malgré toute l’évidence de la situation et des faits, la communauté internationale dans une surdité totale ne décide pas de prendre la moindre mesure pour freiner la catastrophe annoncée par elle mais non voulue par le peuple haïtien.”
Pi gwo tristès nou menm pèp Ayisyen nan katastwòf pwograme sa kont nou menm nan, se paske apre sa, se menm Kominote entènasyonal sa k ap vin kanpe “pour prendre toutes les dispositions pour juger et punir les coupables.” Men koupab ki pap yo menm ditou. Nou senpman kapab fè yon kout je “sur le Tribunal spécial du Rwanda” pou n konprann sa k ap pase y’a.
E se nan nivo sa, konplis yo an Ayiti, sa vle di Ayisyen kit sa k ap egzèse pouvwa, kit sa kap vann nanm yo pou gen pouvwa, kit sa kap koupe rache nan ekonomi an, tout sila yo ki sèvi pon pou kominote entènasyonal la, yo fèt pou konnen apre jenosid la, y ap kanpe pou kont yo devan pèp Ayisyen an ak rès mond lan kòm masakrè pèp Ayisyen an.
Yo pap kapab di yo pat konnen. Yo pap kapab di se pa yo.
Yon sèl fason pou machin sa kanpe tout bon vre, se leve kanpe jeneral sa ki pou kontinye, yon fason pou sendika Core Group la, BINUH, OEA, ak Antonio Guterres tande rezon tout bon vre.
Pèp konbatif pa janm pèdi batay!!!
Marcel Poinsard Mondésir





