Ayisyen sanble nou fini nèt

Massachussetts, USA, 11/02/2022 – 4 milyon Timoun pa menm kapab mache kwaze nan lari paske bandi pa ba yo chans sa. Epi tout pòt lekòl rete fèmen wi.
Kiyès ki kapab di nou nan ki lopital n ap jwenn bon sèvis san pèsonel medikal la pa sou gwo tansyon ak presyon?
Nan ki legliz nou kapab al tande pawòl BonDye san Kè nou pa sou biskèt?
Nan ki Oufò nou kapab al bat yon kat, al jete dlo san nou pa gade nan 4 direksyon anvan n antre? Ousi yo pa fouti pale fò, ni bat tanbou.
Kiyès Djokannel ki kapab pèmèt li di, li pral danse yon Tropicana ou byen ki bon jènjan ki oze pase pran yon dam pou l al trase lewit nan yon night-club?
Depi kilè ou kanpe Monwi pou w pran yon fritay, yon panyen fwi, yon diri ak lalo anvan w antre Pòtoprens?
Fèm konnen depi ki mwa ou achte tablèt pandan w nan kamyon an sou wout Akayè y’a?
Èske w sonje dènye fwa ou fin monte Mòn Karaté epi machin nan kanpe pou w achte fwi peyizan nan vwazinaj Leyogann ak Jakmèl?
N ap di mèsi ak tout moun ki ak tout konsyans yo dakò patisipe nan plan lanmò sa. Nou rete kwè santans pa yo a ap pi lou.
Marcel Poinsard Mondésir





