Ayisyen, Kolera tounen sou nou ankò. Absè sou klou.

Massachussetts, USA, 10/03/2022 – Sa kap pase konsa? Ou ta di se yon flewo k ap frape peyi y’a. Ou ta di se yon mal Ayiti fè l ap peye. Ou ta di lavi pa fèt pou Pèp Ayisyen. Ou ta di maledeksyon se pou Ayiti sa ekziste.
Poukisa?
Paske pou sa nou genyen deja kòm traka, kòm chay pou move pass n ap travèse deja pou kolera tounen nan dengwenn nou ankò.
Nan ki eta nou ye?
Fwa sa se tout bon. Anpil lanmò posib. Se kounye y’a nou manke tout sa k nesesè pou fè fas kare ak Kolera. Anpil lopital ap fèmen pòt yo poutèt pa gen mwayen pou ofri sèvis.

Depi nan gaz pou limen delko, pou mete nan men, rive nan dlo pou lave men. Lopital yo pa gen entrant ditou, ditou rad adapte pou pèsonèl yo mete, Sewòm pou bay malad yo, sereng pou mete Sewòm pou malad yo. Se bouch plen dlo. Nou pa fouti pale. Dayè ak ki otorite. Tout sa k nesesè pou bay sèvis, se zewo bare.
Menm posiblite pou n fè pwòp Sewòm nou pa gen sa pyès. Sik, sèl, sitwon dlo eleman sa yo ra anpil pou moun nan plizyè lokalite paske pa gen transpò pou machandiz rive nan zòn sa yo.
Mete sou sa, laperèz ki gaye nan mitan moun yo, mank prekosyon ap fè youn ap evite pote lòt la sekou. Sitou, nou konnen Kolera attrapan.
Youn nan pi gwo prekosyon se evite kontak ak noun ki genyen maladi y’a, ou ki prezante siy yo, si w pa gen posiblite pwoteje tèt pa w.
Sa nou kapab fè?
An n fè pi gwo jès la: Lave men nou toutan nou kapab. Youn di lòt. Youn ede lòt la pwoteje Tèt li. Nou tout konnen pi gwo sous Kolera se salte, se fatra. An n chache kouman pou evite salte, pou jere fatra, pou nou pa trape maladi y’a.
Sonje kouman lavi bèl. Sonje nou dwe fè tout posib pou n gen lavi. Sitou sonje se pa okenn fatalite. Se pa okenn flewo ki tonbe sou Ayiti. Se pa madichon nou genyen. Se nan fason nou jere lavi ansanm nan peyi y’a (Vi kolektif).
Nan kondisyon sa yo se kolektivman pou n deside jere lavi n yon lòt mannyè. Pa gen Bon Dye bon. Pa gen zafè Bon Dye pap kite tout pitit li yo mouri vre.
Se yon mòd konpòtman pou nou deside genyen pou ansanm nou pwoteje lavi plis moun nan peyi y’a.
Marcel Poinsard Mondésir, agwonom





