Avèk bòt blan an sou kou nou, pap gen pito nou lèd, nou la 

Avèk bòt blan an sou kou nou, pap gen pito nou lèd, nou la 
Esau Jean-Baptiste

New York, USA, 10/01/2022 – Sa fè kèk ane, depi kriz politik yo konplike, anpil ekspè nan zafè politik peyi Dayiti toujou fè kèk pwopozisyon ki te k ab pèmèt nou sòti nan kriz sosyo politik ak ekonomik ke peyi an ye.

Kòm se anpil mounn ki konnen reyalite politik peyi Dayiti ki toujou fè pwopozisyon sa yo, donk yo toujou trè enteresan. Malerezman, menm jan otorite politik an Ayiti pa jan m pran tan yo pou yo aplike konstitisyon jan li ta dwe aplike, se konsa lidè politik ki ap goumen pou pouvwa yo, pa janm mete tèt yo ansanb pou yo chwazi younn nan pwopozisyon sa yo, epi aplike l.
Jodi an, èske nou oblije al rale nan tiwa, ou byen nan òdinatè pou n jwoinn pwopozisyon sa yo, epi retounen ak yo nan moman gwo kriz ke peyi an ap travèse la?
Èske se fè yon sentèz ak yo tout pou n k ab jwoin yon bon pwopozisyon ou selon reyalite politik jodi an, ekri youn tou nèf pou evite sitiyasyon katastrofik ki ap vini an.
Repons lan se non. Si repons lan se non, ebyen se ki sa li ye? E byen, li se yon inite nasyonal ant tout lidè politik ki sitou sa yo ki trè fò sou teren an.
Avan gwo rasanbleman ki te fèt nan Akayè 18 me 1803, tankou jounen jodi an, zansèt yo te gen pakèt pwoblèm pèsonèl pa yo tou. Men, pou yo te rive fè gwo depasman ke yo te fè nan moman an, yo te wè nesesite pou yo te pèdi kèk bagay pèsonèl, pou yo te k ab gen plis, ki se te sove batay endepandans lan ki ta pwal bay viktwa Vètyè nan dat 18 novanm 1803.
Mwen ap pran egzanp Dany Laferiere te ekri nan youn nan liv li yo pou m di ke lidè politik ak ekonomik yo an Ayiti yo tankou yon gwoup mounn ki chita nan premye klas yon avyon, epi gen yon gwo dife nan dèyè avyon an, yo pa pè, paske se nan premye klas yo. Yo pa pè paske yo pa menm jan ak lòt mounn ki chita dèyè nan avyon an.
Sa ki sou wout ki ap rive sou Ayiti la, si tout lidè politik sa yo pa mete tèt yo ansanb pou fè yon depasman pou rapid, rapid, jwoin yon antant, bòt blan ou vwazen panyòl ap sou kou tout mounn, sitou nasyonalis, pwogresis yo.
Pa two lontan, semèn sa, mwen te ap regade kòman sòlda blan meriken te ap mete pye yo sou kou yon pakèt polisye ayisyen nan la ri Pòtoprens. San konte, nan Depatman Nò peyi an, yo te rive touye yon pakèt sòlda nan Kazèn millitè Roi Henry Christophe nan Okap.
Mwen p at janm sipòte militè yo nan kou Deta kont prezidan Atistide an 1991. Men, antan ke ayisyen patriyòt, mwen pat kontan lè mwen te wè bòt sòlda meriken sou kou polisye peyi m.
Donk, nou mèt rele tèt nou tout jan nou vle. Kontinye frape lestomak nou. Kontinye fè gwo bwui nan radyo pandan ke nou ap fè dilatwa ak avni peyi an.  Men pou sa ki ap mache sou Ayiti la, si nou pa mouri, nou ap la se vre, men nou ap trè lèd. Lè sa p ap gen: pito nou lèd, nou la. Paske nou ap trè lèd. Pi lèd ke chaloska nan 3 jou madigra sou Chanmas.
Pwofesè Esau Jean-Baptiste

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *