Ariel Henry, yon tèt gridap, k ap mennen yon pouvwa tèt gridap!
Marcel P Mondesir
Massachussetts, USA, 12/15/2022 – Soti nan wotè Kenskòf, Laboul, Mòn Kalvè pou desann Kwabosal, Kwadèmisyon, Kwadèboukè, franchi sou wout Ench jouk nou rive Wanament yon bò. Konsa tou ou fann Mòn depi Laboule pou tonbe Kafou jouk Jeremi. Menm jan tou ou pran lanmè y’a pase Chen kontan ki nan Lagonav, vire ZileKayimit jouk ou rive nan komin Tibiwon, èske peyi Dayiti genyen otorite nan tèt li?
Dayè chèf bandi yo tankou Tilapli, Izo, Gran Grif, 400 Mawozo se yo menm ki enpoze moun nan Sid ak moun nan Nò wout, lè yo deside ba nou pasaj, pou nou fè.
Èske genyen Leta nan peyi sa?
Moun ki etidye syans politik yo, kouman yo kapab kalifye gouvènans Ayiti ap sibi nan moman sa ak Ariel Henry ki se bon jan ApreDye y’a. Paske li pa gen pou l rann kont bay pèsonn moun sou jesyon l nan tèt peyi y’a.
Kisa liv filozofi politik yo di sou moun k ap mennen bak yon peyi? Ki responsablite ekip gouvènman an genyen nan jesyon peyi y’a? Èske misyon yon gouvènman se pa satisfè bezwen popilasyon l ap dirije y’a?
Èske nan liv filozofi politik yo, yo pa defini gouvènan, otorite yo tankou yon ekip moun ki la pou sèvi popilasyon y’an?
Jan sa ap fèt nan peyi Dayiti, èske se pa Ayiti ki osèvis moun k ap gouvène nou yo? Èske se pa gouvènan yo, otorite yo, gwo zotobre yo, ki gen tout avantaj, tout privilèj nan men yo paske se yo menm ki sou pouvwa a?
Kiyès gwoup moun ki an sekirite ankò nan peyi y’a apre ekip ki sou pouvwa ansanm ak tout alye Akò Akwòkò 11septanm 2021 yo pou yon Gouvènans Apeze?
Ariel Henry
Èske se pa ekip Ariel Henry y’a ak akolit li yo nan Akò Akwòkò 11 septanm 2021 pou yon gouvènans apeze y’a k ap wè tonton Nwèl ap pase, paske se yo menm sèlman ak boujwa flibistye san koutya yo k ap benyen nan jwisans, nan banbòch sou do yon pèp ki nan moman sa pa menm gen dlo potab pou l bwè?
Èske nou konnen tèlman nou gen yon gouvènman machòkèt, yon gouvènman tèt gridap nan moman sa, lavèy fèt fen ane yo, moun ki pa nan bato Ariel Henry y’a pa konnen kouman yo pral pran lari y’a paske koze rate gaz la vin pi serye toujou?
Èske jwèt ping pong k ap fèt ant divès aktè nan chenn apwovizyonman ak distribisyon gaz la, yon pwodui estratejik konsa se pa pou fasilite moun ki gen monopòl yo, kote sèten anba sanksyon kominote entènasyonal la, pwofite fè yon mas kòb sou do pèp la piplis toujou ak mache nwa nan peryòd desanm nan?
Patrick Boisvert
Èske gen moun ki kapab esplike popilasyon an poukisa minis Finans lan mouche Michel Patrick Boisvert ki fè tout karyèl nan Ministè y’a e ki te toujou sou dosye gaz/petwòl la, lage peyi y’a nan tyouboum sa, nan ensètitid sa, lè li pa pran okenn dispozisyon pou pèmèt Kòmann yo fèt kòmsadwa epi egzije pou gaz la rive nan ponp yo?
Èske gen moun ki ka di pèp Ayisyen an poukisa Ariel Henry ansanm ak ekip Akò Akwòkò 11 septanm 2021 an pou yon Gouvènans Apeze chwazi kite peyi y’a, espesyalman kapital la ap koule, ap koukouman anba pil fatra ki depase wotè Katedral la?
Èske se mal élevé si nou mande yo kouman anndan lakay yo ye?
Se pou montre nou tout bon ak yo Ayiti se yon jesyon ki kite « amateurisme » dèyè, yon jesyon yo menm sèlman kapab defini, yon gouvènans ki defye tout tewori syans ansanm ak filizofi politik.
Konpòtman sa, se pou ekip Ariel Henry y’a di nou pèp Ayisyen yo se yon bann tèt gridap k ap dirije yon pouvwa tèt gridap.
Men nan lane 2023 nou pral montre Ariel Henry, akolit li yo ak tout patwon yo nou pa nan tèt gridap, paske n ap derasinen yo sou pouvwa a. Yon van nouvo, yon van fre ap gen pou soufle sou Ayiti cheri nou an nan lane 2023.
Ayiti pa tèt gridap!
Ayiti pap janm tèt gridap!!!
Ayiti se vrè limyè l te ye. Ayiti ap rete vrè limyè!!!