Ariel Henry ak ekip ou yo, jou bare nou.

Ariel Henry ak ekip ou yo, jou bare nou.
Marcel P Mondesir

Ariel Henry ak ekip ou yo ki fin dechèpiye Ayiti, lage pye n.

Ariel Henry ak sousèt ou yo nou fè Ayiti twòp mal, moman rive pou n mare pakèt nou tout bon.
Ariel Henry ak ratyè w yo sispann tann pyèj, tann pèlen kont pèp la.
Ariel Henry ak ekip ou yo, nou tann kabrit enflasyon an fin pase kounye y’a nou chita dèyè yon mikwo pou nou vin di fèmen baryè grangou a san nou pa di kisa  n ap fè pou kase ren lavi chè y’a.
Ariel Henry ak ensousyan w yo, nou tann bandi fin wete lavi pèp la,  pou n vin di PNH frennen machin ensekirite y’a. Kounye y’a pifò Ayisyen fin estwopye, pèdi lavi yo, pèdi byen yo. Nou pa menm di kisa Lajistis pral fè pou pèmèt fanmi viktim yo jwenn jistis ak reparasyon.
Se pou tout sa yo popilasyon nan Grandans, Sid, Sidès, Nip, ap kontinye limen dife mobilizasyon kote pèp nan Lwès, Latibonit Sant yo menm ak mete gaz rezistans pou Flanm nan pa febli
pandan Pèp nan Nò, Nòdès ak Nòdwès ap pote Bwa panyòl ak Sèl pou simen sou dife y’a pou Flanm nan monte piwo toujou jouk tout syèl peyi y’a anvayi ak lafimen pou Ariel Henry ak asosye l yo pa gen chans jwenn chemen pou yo sove. Paske fwa sa se Lajistis k ap genyen pou ba yo santans yo, Sanksyon final la.
7 ak 8 Sektanm tankou Yon Sèl Moun tout Ayiti ap Leve kanpe pou Aso final la kote nou pral pran tout Dispozisyon pou mete kanpe Pouvwa Altènativ la, k ap genyen pou trase chemen lòt Ayiti y’a.
Wi lòt Ayiti y’a posib
Wi nap fè  l.
Se pou sa nou pral DEKRETE
Les États Généraux de la Nation kote Premye Rankont lan ap fèt ou byen nan Bwa Kayiman sou tras Boukman
ou byen nan Machan Dessalines lakay Papa nasyon an.
Se yon mannyè pou l kapab genyen tout sans ak tout senbolik li.
Marcel Poinsard MONDÉSIR

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *