Apwe Viktwa  elèktoral  Pati Travay Brezil la ake Lula Nan tèt li, Ki Pèspèktiv pou peyi depandan nan periferi yo? 

Vwa Rezistans Popilè (No57).-

Apwe Viktwa  elèktoral  Pati Travay Brezil la ake Lula Nan tèt li, Ki Pèspèktiv pou peyi depandan nan periferi yo? 

New York, USA, 12/28/2022 – Nan dat 30 oktòb 2022 a 6 zè tapan, nouvèl la tonbe Lula repran pouvwa nan peyi Brezil pou yon nouvo manda.
Malgre vizaj la pa nouvo sou sèn politik la, moun pat ka imajine ke pèp peyi  Brezil la t ap jwenn enèji pou repwan kontwòl desten yo ak sa ki t ap pase nan zòn nan pa gen lontan  de sa. Koudeta espektakilè oligachi lokal ak entènasyonal la te reyalize sou Pati Travayè Brezil la sa gen sèlman 6 lane, te kite yon santiman enpwisans ak degou kay anpil pwogresis ki t ap konstate kouman gwo tanpèt  enperyalis  la t ap ravaje soukontinan Amerikdisid la.
Nan deseni ki sot pase la, enperyalis yo te make anpil pwen nan pwojè dominasyon/soumisyon yo t ap enpoze depi kòmansman aplikasyon doktrin Monroe a…1823….
– Yo tante destabilize Maduro  nan peyi Venezyela,
– Yo fè koudeta nan Bolivi,
– Yo achte pouvwa nan Ekwatè kote yo pouse do Prezidan Koreya yon pwogresis nan ekzil,
– Yo fè koudeta kont Prezidan Dilma Rousèf Nan peyi Brezil..
– Yo jete Lula nan prizon,
 – Yo te nan wout pou transfòme soukontinan  sa an yon senp kontwa enperyalis tankou lontan.
Sepandan, kalite òganizasyon ki nan baz chanjman politik ak sosyal nan zòn nan, pèmèt pèp yo rebondi toupatou, e “Somè Amerik” ki sot òganize Ozetazini an 2022 a,  bay apèsi sou kouman anpil peyi nan kontinan an vle kase kòd ki te mare yo nan pye tab tontonsam.
Nou lwen aplikasyon Deklarasyon Monroe ki te ba Etazini dwa piye richès peyi Amerik la, e mas pèp Amerikdisid yo di yo devan ak lanbi revòlt la ake lèspwa Ke  pèp Amerik Santral ak Karayib pral swiv tras yo.
       Nan diskou 30 oktòb apre yo te fin pwoklame ke se li ki genyen eleksyon yo, Lula te baze sou akonplisman y kòm  Prezidan, pou l trase wout politik ak ekonomik Brezil pral swiv nan lane k ap vini yo.
Li site “CELAC “(Communauté Etats Latino-americains Et Caraibes), Mercosur( Mache Ekonomik Sidamerik ) ak BRICS, pou  l bay lide sou kijan peyi Brezil pral konfime tèt li kòm pwisans  rejyonal k ap monte. Pawòl Prezidan peyi Brezil p ap inosan.
CELAC se yon òganizasyon politik tounèf san Etazini ak Kanada, ki gen anbisyon vin ranplase LOEA ki deja sou kabann Lanmò. LOEA ki se yon enstriman politik nan men Etazini, reyalize e sipòte twòp move zak nan peyi ki nan kontinan pou l ta espere gen kapasite kontinye jwe  wòl yo te ba li a.
Yon nouvo lidèchip ap degaje nan Amerik la, Brezil pare pou l jwe gwo wòl akote peyi tankou Meksik pa egzanp, pou tante leve imaj ak defi tout kontinan an paske Etazini fayi nan wòl lidèchip li.
Lula pale sou koze mache lib Sid-Ameriken an nan monè lokal yo, li nonmen BRICS ak kouman l konte ranfòse Kowoperasyon Brezil ak peyi Afrik e Karayib yo. Konsa, ak yon mache de 450 milyon moun anviwon, 2 peyi nan G20, mete sou potansyèl ekonomik peyi tankou Kolonbi, Venezyela, Chili osnon peyi Perou, Amerikdisid gen mwayen enpoze tèt li kòm yon pòl ekonomik ak politik non neglijab sou sèn entènasyonal la.
BRICS

Etazini ak Linyon Ewopeyèn avèti, batay la pral angaje pliske peyi nan soukontinan sidameriken an pa antann retounen anba dominasyon Etazini ak Linyon Ewopeyèn.  Brezil nan BRICS, Ajantin ak Venezyela kandida pou foure tèt yo nan gwo espas ekonomik ak  politik sa, Amerikdisid la gen gwo avni devan l.

Kidonk, Brezil gen mwayen pou al chache pwofite sitiyasyon delika ameriken yo, pou l enstale tèt li kòm yon gwo lidè rejyonal, pou chanje konfigirasyon  ekonomik e Petèt politik amerikdisid  la.
Ki Leson Ayiti Ka Tire Nan Sa KI ka  Pase Nan Soukontinan Amerikdisid La?
     Depi gwo evènman politik nan peyi Venezyela yo, moun remake nivo òganizasyonèl pèp ki nan zòn nan, atenn yon limit èkstra- òdinè. Kantite vòl lajan ak lò peyi Venezyela, tantativ asasina, presyon militè ak politik oksidan  enperyalis la  la egzèse sou Venezyela, pou l abandone chimen demokrasi popilè a, pèp la kenbe tennfas. Koudeta ki bwè lwil nan Bolivi ak Brezil la, montre batay twaka syèk pèp yo nan zòn nan ap mennen pou libere soukontinan an, pote fwi, donk rezistans pèp yo nan tout Amerikdisid la pa yon aza.
Toupatou nan zòn nan, yo monte gwo fòs sosyal lokal ak rejyonal nan yon batay  anti dominasyon/siumisyon klè. Yo rasanble anpil peyizan nan yon òganizasyon peyizan lokal ak rejyonal solid ” Kanmpesino” ak revandikasyon klè anfavè popilasyon peyizán nan. Mouvman sa, k ap charye yon lide nasyonalis anti-enperyalis, rive sèvi baz Alyans politik nan tout rejyon an.
Yo monte fwon politik laj nan tout peyi nan kontinan, pou al pran pouvwa politik la sou teren elektoral la. Yo vize jesyon politik la apre priz pouvwa a nan mete Alyans laj antikolonyalis yo sou papye ak konpwomi preyalab, pou pran pouvwa san zam olye y al tonbe nan yon konpwomi fòse apre yo ta fin rive nan pouvwa a.
Malgre frajilite Alyans yo, koudeta enperyalis yo toujou parèt anfas tout milyon moun ki antre nan konsansis la. Konsa ake anpil entèlijans, Lula chwazi yon eleman adwat ki onèt nan gwoup Bòlsonaro a, Alckmil Jeraldo ki  te anfas li nan dezyèm tou eleksyon 2002 yo kòm Vis Prezidan l, e Jeraldo ki te ansyen gouvènè Saopolo, gen  yon baz politik sifizan ki ba l kapasite divize òganizasyon politik nan dwat Brezil la.
KiDonk zafè Lula a, fè wè ke nan  moman kote oksidan  enperyalis la dispoze itilize mansonj ak zak sabotaj pou detwi tout moun yo pa ka kòwonp, li enpòtan pou tout militan ki nan batay kont kolonyalis yo kenbe onètete ak entelijans yo, pou yo rive toujou gade konfyans nan òganizasyin mas popilè yo.
Kidonk, retou Pati Travayè a nan pouvwa Brezil la montre nan ki nivo sosyete nan soukontinan Amerikdisid la  ap eseye  òganize tèt li. Se pou  tèt sa, nou dwe atann nou Ke batay politik yo  ka ogmante nan Amerik di Sid, santral ak Karayib la paske Brezil se yon nouvo fòs politik ak ekonomik ki pare pou l reklame espas pa l nan sa k ap fèt sou kontinan an. Nan diskou 30 oktòb 2022 a, Lula di Brezil twò gwo pou l okipe ti espas sa sou echikye mondyal la.
Lula

Pawòl sa yo vize dirèkteman Amerik Latin e Karayib la pliske òganizasyon CELAC, te deja bay mach aswiv la. Konsa, Brezil ka mwen awogan, men li pral parèt ak vize ejemonik pa l pou l vin domine kòm yon nouvo mèt nan kontinan. Donk lit enfliyans jewopolitik la pral pi mangonmen pliske Brezil dwe trennen nan do l ekip BRICS la kòm parapli politik ak ekonomik. Nan batay pèp ayisyen ap mennen an, chak jès solidarite ap konte.

Deklarasyon Prezidan Lula ki di Brezil dispoze resevwa jiska 200 mil ayisyen anreyaksyon ak atitid kriminèl dominiken yo, antre nan yon liy politik klè vizavi peyi Karayib yo.
Pwogresis ayisyen yo pandan y ap kontinye òganize tèt yo nan mitan mas popilè yo, dwe panse sou kijan jefò ap rive fèt pou itilize fenèt opòtinite solidarite sa, ki pral louvri nan Amerikdisid la ak Prezidan Lula nan tèt peyi Brezil ake Pati Travayè Brezil la. Konsa, li enpòtan pou òganizasyon politik pwogresis yo sou teren an koumanse reflechi sou kijan pou retabli kontak ak òganizasyon brezilyen ak Amerikdisid yo, pou ranfòse kapasite yo nan mobilizasyon an pa bò isit.
Viv Inite nan mitan Patriyòt ake Progresis yo!
Viv Mobilizasyon Pèmanan Pou Pwojè Nasyonal La!
Viv Inite Nan Mouvman Rezistans Lan!
Libète ou Lanmò!
PJ pou
Komite Rezistans Popilè Benwa Batravil, KRPBB. 

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *