Ankò yon lòt fòm de sipò de yon demokrat ak yon diktatè

Nan klas politik konpare mwen yo, mwen te konn toujou di ak etidyan m yo: depi w wè Etazini renmen yon prezidan an Ayiti, ou mèt konnen se zafè biznis pèsonèl yo ke y ap regle ak prezidan sa. Men depi w wè yo pa renmen yon prezidan Ayisyen, ou mèt konnen prezidan sa bon pou peyi an.
Tout maten an m’ ap reflechi, si m te nan sal de klas jodi an, mwen t ap kite pwogram kou ke m te planifye pou m fè an, pou m te konsantre tout tan an, sou reyaksyon reprezentan Etazini an fè nan zafè mounn nan sektè ekonomik lan ki ap sipòte mouvman manifestasyon semèn n pase an.
Mounn ki ansyen yo ki ap fè ou ki ap swuiv politik an Ayiti t ap di: “nous ne sommes pas nés de la dernière pluie.” Se la nou ye. Nou te konn wè, swuiv ak konpran n anpil bagay kote boujwa peyi an te konn ap enfliyanse politik malerezman nan move sans pou zafè demokrasi ak pwogrè nan peyi an.
Depi lontan, aktè ekonomik yo te konn toujou jwe yon gwo wòl nan zafè politik peyi Dayiti. Lè yo pa sipòte kandida nan eleksyon, yo sipòte kou Deta kont prezidan popilè, pwogresis ki ap travay pou pèp.
Pa egzanp an 1990, apa kèlke gren n boujwa tankou Antoine Izmery (Ti Twan) ki te sipòte kandida Aristide nan eleksyon yo, tout rès mounn rich ki te gen kòb nan peyi an, se kandida Ameriken an ke yo te sipòte.
Si yo p at gen kòb pou yo te gaspiye nan kanpay yon anmèdè de gòch tankou Jean-Bertrand Aristide, an septanb 1991 yo te kontribiye anpil ak anpil milyon dola pou pèmèt lame Dayiti te k ab fè kou Deta kont lidè popilè ke pèp lan te vote ak plis ke 67%.
Sa pa gen lontan, tout mounn ki t ap swuiv ou ki t ap fè politik nan peyi Dayiti nan kòmansman 2000 yo, yo konnen wòl ke IRI ansanb ak yon ekip boujwa nan peyi an te jwe nan kou Deta 2004 lan kont Jean-Bertrand Aristide. Finalman, mesye sa se yon viktim sistèm peze souse peyi Dayiti.
Donk nòt reprezantan Ameriken an se yon sipò an plis ak otorite peyi Dayiti, espesyalman yon premye minis ki p ap regle anyen pou pèp lan.
Ala traka papa. Si premye minis ki la te bon pou peyi an, e ke Washington te bezwen voye l ale, se yo menn ki t ap mobilize mounn ki rich yo pou kontribiye kób nan kesyon an.
Pou nan sitiyasyon ke pèp sa ap viv la, pou se boujwa k pou ta peye yo pou yo pran la ri, mweh vrèman pèdi. Epi, ki sa frize te fè pou koukou konsa, pou l ta fè pitit li, pou l ta rele l frizelya. Depi ki lè boujwa peyi Dayiti te konn mete lajan deyò pou pèp goumen kont otorite tyoul, restavèk tankou sa ki sou pouvwa la.
Okontrè, mounn ki sou pouvwa yo la, se zafè enpeyalis lokal ak entènasyonal ke yo ap regle. Donk ke se pou blan yo, ke se pou sektè ekonomik malpwòp nan peyi an, tyoul, restavèk sa te mèt rete vitam, etènam.
M ap fini ak mo sa yo ki nan mizik Manno Charlemagne sa. “Pèp kanpe sou 2 peye w, desten w se nan men w li ye, ouvè je w klè pou veye zansve… ‘’
Pwofesè Esau Jean-Baptiste





