An nou gonfle ponyet pou n ranmase fòs!

Massachussetts, New York, 12/14/2022 – N ap vanse tout bon nan fen lane 2022 ya. Yon lane pou Pèp Ayisyen an kote li wè plis pase 7 koulè lakansyèl, tèlman lavi l boulvèse, toumante. L ap debat, l ap itilize tout mwayen pou l soti anba kwa madoulè sa a. Se pap yon bagay fasil, men tou li pa pèdi lespwa.
Nan pwen Pèp la rive la a, li enpòtan pou gen yon bon mete men ansanm ki fet. Li vital pou gen yon bon marinen fòs yo ansanm, dabò nan nivo lokal paske li pi fasil pou n jwenn yon antant anvan nou monte lòt mach eskalye yo, sa vle di al makonnen ak moun epi tout òganizasyon nan lòt zòn yo.
Se demach sa a pou n bay tèt nou kom misyon nan moman an. Yon fason pou n wè kouman n ap rive izole, mete « hors d’état de nuire » pil ak paket bandi legal yo ki mete pye sou kou n nan kominote yo. Yon moun ki sere yon bandi anndan lakay li nan kominote y’a, yon moun k ap fè sèvis siveye rapòte pou otorite, pou lidè politik, yon moun k ap bay ponya fyèl pete, yon moun ki sèl travay li se fè tidife vole anndan kominote y’a pou kominote y’a kapab toujou an tansyon, li pa gen lòt siyati : li se bandi.
Sonje tout bandi k ap aji nan nivo lokal pou rann lavi nou Enposib yo se menm ak bandi ak kravat yo, bandi k ap souse sang nou yo nan nivo anwo yo, nan Leta tankou nan sektè prive y’a.
Se pou nou pran dispozisyon pou n rantre nan lane 2023 ak volonte epi detèminasyon n ap rive dechouke bandi yo tout kote yo kache. N ap deniche yo menm nan twou ki pi fon yo foure tèt yo. Se pou n montre yo « Abyssal la » nou pa dakò l.
Se pou sa tout Moun ki dakò Ayiti malad tout bon e 2023 se lane tretman ap rejwenn tout fòs pwogrè yo pou ansanm nou repanse Ayiti.
2023 yon van nouvo, yon van fre ap gen pou soufle sou Ayiti cheri nou an.
Marcel P. Mondesir





