An n dekòtike pawòl mouche premye minis Ariel Henry yo si sa posib?
Ariel pale pou l pa di anyen. Mouche y’a pa di yon mo li pòt ko janm di depi premye jou li chèf la epi l ap fè egzèsis pale ak nou menm pèp Ayisyen.
Nou pa konnen si lè l ap pale ak bòs li yo, patwon l yo li konn di koze pou yo konprann. Men ak nou menm pèp Ayisyen seswa jamè.
Ayè oswa sa te pi rèd. Yon peyi an boultachya. Yon Pèp k ap monte lesyèl pa do. Yon grangou ki pa gen siyati. Yon ensekirite ki pote lamayòl, yon gouvènans politik san devan, san dèyè. Bref yon peyi san gouvènay. Epi se mizik sa nou tande nan zòrey nou bò 11zè nan aswè. Granmoun ansyen yo ta di: A la nonm malonnèt papa.
Nou kapab konprann poukisa se yon mesaj chanpwèl lè nou tout nan kabann nou Ariel Henry lage nan kòtòf lestomak nou.
Ariel Henry premye minis peyi DAyiti. Yon lane apre, bato a ap navige nan fon lanmè l ap ranmase dlo, l ap fè fon epi kaptenn nan vin di nou menm pèp Ayisyen li pa fouti fè anyen pou evite l kontinye pran dlo.
Èske nou sonje sa fè twa fwa se menm pawòl sa yo mouche Ariel Henry tap klewonnen nan zòrèy nou. Epi rezilta: nyèt.
Ensekirite a(Kidnaping la) bese pandan yo kontinye ap pran moun, ap touye moun. Jouk jodi y’a Matisan rete yon defi pou PNH, yon simityè « à ciel ouvert » pou pèp la.
Men moun tounen ap mouri pou pi rèd nan Site Solèy. Bandi Canaan montre sa yo kapab kontinye fè. Ariel Henry pa di nou kilè n ap jwenn gaz nan ponp yo. Mouche y’a sèlman di nou li menm ak Fusion-SDP- Nouhla- MTV- Verite-Inite-Inifòs-Tolbert Alexis yo pral monte gaz la pou yo menm ak PHTK kapab jwenn plis lajan pou fè gagòt epi ranje kò yo pou fè dappiyanp sou pwosesis elektoral la.
Yo gen lajan nan men yo, yo gen kontwòl gang yo, y ap enstrimantalize kèk manb nan PNH la, konsa chèf PHTK ap ba yo timoso nan gato elektoral la pou ansanm yo kontinye banbile sou do nou menm pèp.
Se yon rezime 3 dènye mesaj li yo Edmond Supplice Beauzile, Marjorie Michel, Rosemilla Petit-Frère, Charles Emile Hérald, Josué Pierre-Louis, André Michel, Louis Gérarl Gilles,Alix Richard ak Tolbert Alexis bay mouche y’a vin lage nan kòtòf lestomak nou. Yo pa ta fè nou sa. Nou pa merite sa.
Mobilizasyon pi rèd nan semenn sa. Depi Chadonyè pase Okay rantre Aken Miragwann. Pran Tigwav pandan n ap tann moun Sidès yo nan anba MònTonb Gato pou ansanm nou rantre Leyogann epi nou pral gonfle Kafou pou n ateri Pòtoprens.
Yon lòt bò mesyedam nan rejyon Nò yo ap mache Kontre pou gade kouman rive Senmak yo monte sou Akayè ak Kabarè pase nan Plenn nan kote tout moun rankontre pou ni zòn Sid, ni zòn Nò, mache fè, yon sèl sou Gran Ri devan lokal ansyen Teleco pou n al di Ariel Henry ak tout parèy li yo: bann madigra mal maske pèp Ayisyen pa pè nou. Pèp k ap goumen pa janm pèdi batay. Yo ap rive demaske maskarad ki ta vle fè yo pè an. “Maskarad, mwen pa pè w, se mounn ou ye”
Nou te konn fè l!
Nou kapab fèl!
N ap kontinye fè l tout bon!!!
Marcel Poinsard Mondésir






