An n evite Pyèj Reziyasyon ak Nou tout Koupab la!
Nou tande anpil pawòl. Nou ranmase anpil bagay. Lè nou fè yon poze, nou wè se nan jwèt y ap pase nou. Se pou timoun yo pran nou.
Pou n kapab dijere, epi konprann, tout sa zòrèy nou tande, tout sa 2 nawèl nou kapte,
nou wè nou pèdi nèt, tèlman sa nou tande yo, sitou sa nou wè yo, depaman ak sa nou te espere. Men nou di nou pa dwe pèdi lespwa. Se tout bon, nou pa pèdi lespwa.
Nou pa dwe kanpe nan wout. Nou pa dwe kite yo anvlope n pou vin rantre nan Nòmalite, kote nou aksepte sitiyasyon an.
Nou pa dwe kite yo mete nou nan « cage » reziyasyon an.
Sa pou nou konnen
Sa pou nou pataje
Sa pou nou klewonnen
Se koze sa yo:
Yo pa janm fè kado nan lavi. Tout gwo konkèt yo se rezilta entèlijans melanje ak
sakrifis plis jefò. E pou fini, nou pa dwe bliye: VIv se lite. E se pèp ki goumen, pèp ki konn goumen ki reyisi nan lavi.
Konsa, sèm ak frè Ayisyen parèy kwen yo, kelkanswa kote nou ye, ann kontinye goumen pou n rive chavire tab la tout bon.
Se pa vre nou tout pa koupab. Se pa sa k ap vann san yo nan faktori, sa k ap trimen ak yon pikwa sou yon mouchwa tè san okenn ankadreman teknik, san okenn kredi, se pa sila yo ki pa konnen ni lendi ni dimanch ki responsab eta Ayiti la.
Pa kite yo lave sèvo nou souple. Koupab yo la, yo konnen yo. Yo vle melanje nou tout. Rezon an senp: « quand on veut tuer son chien, on l’accuse toujours de rage. »
Marcel Poinsard Mondésir






