An n aprann de erè nou!

An n aprann de erè nou!

Marcel P Mondesir

 

Massachussetts, USA, 09/04/2022 – Enben pou kèk nan nou n ap tyoula, pou sèten lòt n ap debat, pou Yon lòt valè n ap reziste. Men sa pou nou tout nèt konnen, kelkelanswa nan kategori nou twouve n, nou tout vle viv, nou tout ap devlope rezistans pou lavi y’a. Pi enpòtan toujou, rezistans pou yon lòt kalte lavi. menm lè se pa yon egzèsis fasil ditou. Se nan mitan yon bann jwè koken n ap evolye. Yo fè tou fason pou lage po fig anba pye nou, pou nou kapab glise, pou nou kapab tonbe.

Nou kwè nan sitiyasyon dwòl Ayiti ye la, nan mank e melanj nou ye la, kote koripsyon an fofile kò l tout kote, nan tout espas, menm kote nou pa ta panse. Gade sa k ap pase nan zafè kontenè legliz Episkopal yo.

Ou ta di ki moun, ki enstitisyon ou dwe fè konfyans ni bò kote Leta, ni bò kote sektè prive, ni bò kote enstitisyon moral yo.

ULCC agents

Nan sans sa, li enpòtan anpil pou n apresye kèk travay sèten enstitisyon ap fè pou pèmèt sosyete a dekouvri tout bon vre longè, lajè ak pwofondè kansè ki rele koripsyon an. Se konsa, nan peryòd twoub sa Unité de Lutte Contre la Corruption (ULCC) ap fè yon travay san di petèt, nou kwè tout sosyete y’a dwe swiv ak anpil atansyon ak enterè.

Le proverbe qui dit « Il n’est jamais trop tard pour bien faire », peut s’appliquer à cette institution de l’État chargée d’effectuer un contrôle sur les biens des grands commis de l’État par leur déclaration de patrimoine faite sous serment devant le greffe du Tribunal de Première Instance 30 jours au plus tard à la date qui suivent leur entrée en fonction dans le poste(électif ou nominatif) et une nouvelle déclaration 30 jours au plus tard à la date qui suit leur fin de fonction.

« Nul n’est censé ignorer la loi ». Ainsi, il est de la responsabilité de chaque citoyen et de chaque citoyenne appelé (e) à occuper une fonction tombant sous le coup de cette loi de prendre toutes les dispositions nécessaires pour s’acquitter de cette obligation.

Kòm se an n Ayiti nou ye. anpil nan moun sa yo pral rale agiman pou fè konnen yo pat janm tande pale de yon lwa konsa.Yo pat konnen.

Kote w kite kèk ladan yo, ki ak anpil odas, pral klewonnen se pa yo menm sèlman. Poukisa se sou yo ULCC chwazi lonje “dwèt Judas/jouda l”.

Yo “pat konn nan fè bwas. konsa jan yo rantre y’a/ aktif yo te genyen anvan yo te vin Palmantè se ak li yo sòti.

Genyen ladan yo menm k ap pouse odas yo, san pidè yo nan dènye bout yo, yo pap jennen di yo vin pi mal, aktif yo redwi “à un pot de chagrin” tèlman yo fè zèv, yo ede pèp pandan manda yo.

Okontrè ULCC ta dwe fè yon plaidoyer pou Leta ta pèmèt yo genyen yon “Ti kaka aran”, tankou sa Senatè Grandans lan, ansyen Prezidan Sena lè l te manke moso y’a. Nou sonje ti kaka aran mouche Lamothe te wouze anpil ladan yo nan yon gwo anvlòp jòn.  Ti granmoun nan te jwenn pa l. E li te di se pat anyen sa.

Epi, la vie continue. N’est-ce pas mesdames et messieurs les parle menteurs.

Sa nou konnen ULCC pran kouraj li ak 2 men. Li pase bale anndan kay la, li retire anpil fatra. Se pou Lakoudèkont nan nivo pa l, menm lè pouvwa Jovenel Moïse la, te vle fè l mazora, te vle deplimen l, pou l mete l toutouni, ki se pa Toutouni Opòtinis Pascal Adrien ak Jorchemy Jean-Baptiste la non. Men yon deplipay pou l pa ta rive fè tout bon ak tout otorite l travay kontwòl li, erezman Lakoudèkont genyen enstriman legal nan men l toujou pou l aji ak fòs otorite pou l antre nan fondman dosye yo, yon fason pou kore ULCC nan sèten dosye pou soumèt yo « en bonne et due forme » bay Lajistis pou « les suites de droit ».

Ayisyèn ak Ayisyen anndan tankou nan dyaspora menm lè y ap mete pye sou kou nou, menm lè nou pa kapab respire la, n ap fè tout posib pou n Kore ULCC ak Lakoudèkont nan travay netwaye kay la y ap fè la. Ak travay sa k ap fèt la, lè l va fè jou tout bon sou peyi y’a nou va konnen kote yon pati nan resous yo ye e Lajistis ap kapab rejwenn yo.

Pousa, n ap fini pou nou sijere ULCC ak Lakoudèkont pou yo genyen yon coffre fort nan Bank Santral kote chak dosye yo fini travay yo depoze devan Jij yon kopi ladan l pou apre yo pa al kase Parquet yo pou fè disparèt prèv ak konviksyon yo. Tout sosyete y’a ap konnen sou dosye sansib sa yo BRH ki gen trezò  peyi y’a nan men l genyen trezò sa yo nan men l tou.

Nou pase maladi, nou dwe konnen remèd.

Marcel Poinsard Mondésir 

 

 

 

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *