A la yon peyi ta dèvenn, Mesye!
Se Wilfrid Suprena
Men m yon atik Jounal moun lan pa ekri sou peyi a pou wè fon panse l… Epi nou vle mete l Prezidan….
Poukisa la?
Ki sa moun ki te mete maril Prezidan te ekri e panse sou Ayti? Anyen..Pa yon liv. Pa yon atik.
Ki moun ki ka di nou jouk jounen jodya Poukisa apwe Goudougoudou 2010 la Se chwa sa Les Clinton te fè pou Ayti?
Aysyen bò kote pa yo te mete l Prezidan Paske yo te vle pwan chans ake yon vakabon….Yon vakabon ki tap mache joure Fanm, ki pat genyen okenn pwojè. Ni pou peyi a. Ni pou Aysyen.
Yon Ti ponyen Aysyen ake etranje itilize vyolans ake inyorans politik majorite a yo foure l nan kòsaj an nou… Li ofisyalize sa l te konn chante : “ Bandi Legal” … N ap viv nan reyalite a konsekans plis ke 10 lane “bandi legal” yo sou pouvwa…
Vakabon an li menm mete yon lòt ki pa gen okenn eksperyans ni nan leta, ni nan diplomasi. Li dòmi, li Reve Nèg sa ka bon pou Ayti… Pa genyen okenn etid serye ki fèt. Okenn rechèch apwofondi sou moun lan, sou pèsonalite l, sou istwa l. Un coup de tête, Voilà!
Epi moun sa li menm lè l pwan mayèt la Se dezas apwe dezas . Depi okòmansman. Chak moun li chwazi pou vin dirije gouvènman l Se demen nan tèt. Depi Premye minis Dr Guy Lafontant, Jean Henry Céant, Joseph Jouthe pase sou Yonn ki pa pwete sèman rive nan Claude Joseph pou asire “ enterim” se Desèpsyon sou Desèpsyon..
Dènye an dat la, Aryel Henry Se yon “ katastwòf politik”…
Epi nou pa wè lòt bagèy pou nou kòmanse fè se pwomosyon pou yon moun ki pa konpwann ni A, ni B nan politik Epi nou ta renmen l vin dirije leta d’Ayti ki déjà an chambwèy…
Ki wòl li te jwe pou te anpeche mari l pwan desizyon ki te vin afebli leta pi plis olye li te ranfòse l?
Mezanmi, Aysyen Sispann fè politik ake emosyon..
Gade jan y ap choute nou tout kote. Nou pa ka tout tan ap chache pou moun ap pwan pitye pou nou.
Ann fè politik yon lòt fason. Ake tèt. Ake rezon.
Mete kè ake santiman akote. Peyi a malad. Se sèvo ake lasyans ki ka ede n soti nan sa n ye la. Moman emosyon yo kaba.
Avwe Ke nou pa serye ni ake tèt an nou ni ake peyi a…
Poukisa pou l ta vin Prezidan la Paske mari l mouri nan yon bagèy ki pa gen anyen, m ap di l ankò anyen ki gen rapò ake politik peyi a.
Mèsi anpil.
Yo fen k kòmanse choute nou, fè chwal pase sou nou tout kote n ap chache refij. Nou lèd. Nou vrèman lèd. Epi pou nou al di “ Nous sommes tous coupables”….
Èske Sosyete Aysyen soufri ake yon Maladi ki rele “ Autisme”…. ? Paske Nou toujou ap repete menm bagèy yo tout tan. San nou pa repiye. San nou pa fatige. Sa k di a nou panse n ap avanse.
Li parèt nou Pwan Plezi nan mete medyòk, enkapab, asasen, irèsponsab, vòlò pou vin dirije nou..oubyen aparèy ake enstitisyon ki sipoze garanti la lwa, sekirite, pwotèksyon, sèvis pou nou tout… Li vin yon “ pattern” pou n ap chwazi moun ki pi mal yo…pi Bakoulou ake souflantyou yo…
An nou di non. Ann eseye yon lòt bagèy. Yon Lòt Pwojè. Yon Lòt Pwojè Nasyonal.
Wilfrid Supréna






Bon travay Mr Wilfrid.
Palé Avek yo, palé Abel Nou
Bagay yo grave.