Ayibobo pou Medam seleksyon foutbòl lan.
Pennsylvania, USA, 02/22/2023 – Li te aprè 10 zè di swa madi 21 fevriye 2023 lè nouvèl lan te tonbe. Ayiti bat ekip medam Chilyen yo 2 a 1. Kounye y’a medam yo pèmèt nou pral nan mondyal foutbòl k ap fèt nan 2 peyi Ostrali ak Nouvèl Zéland soti 20 jiyè pou rive 20 out 2023.
Nap raple ak eksplwa sa, aprè gwo seleksyon 1974 lan te mennen Ayiti nan koup di mond ki te fèt nan peyi Almay, se premye fwa yon ekip Fanm nan kategori sa kalifye pou jwe yon faz final koup di mond.

Wi se yon eksplwa, se yon mèvèy ki dwe pote lajwa ak kè kontan lakay tout Ayisyen ki di se Ayisyen yo ye. Paske nan yon moman kote krim, vyòl, kidnapping, vòlè Leta, movè gouvènans se sou non sa yo yo rekonèt Ayiti nan mond lan. Ekip medam sa yo, se yon ekip Anacaona, Sanithe Belair, Catherine Flon, ansanm ak tout lòt Fanm depi Bwakayiman rive jounen jodi ki pa janm sispann mare senti yo, mete karako yo pou defann peyi y’a.
Malerezman, anpil fwa, listwa pa rapòte non yo. Nou konnen se gason yo, pi souvan k ap rapòte evenman yo.
Pandan anpil moun nan peyi y’a gen dlo nan je, ekip foutbòl medam yo mete tout trip yo nan boul la pou pote Yon moso lajwa, yon moso Lanmou pou nou tout. Yo di nou Ayiti pap koule vre. Yo di Nou si nou tout ki pa dakò ak zak bandi yo, sitou bandi ak kravat yo, mete men ansanm, n ap reyisi make gòl kont vyòl, vòlò Leta, kidnapping ak move gouvènans lan.
Viktwa ekip la, se viktwa tout moun k ap mouri anba grangou, se viktwa tout moun bandi anpeche pran wout lekòl pou kapab vin moun tout bon demen, paske Ledikasyon se kle pou louvri pòt lavi y’a demen.
Depi ane pase okazyon an te la. Lè sa, Ayiti te sèlman bezwen fè yon match nil kont ekip Jamayik lan pou l te kalifye. Men, malerezman sa pat rive fèt.
Mieux vaut tard que jamais se sa moun k ap pale fransè yo di. Men nan lang manman grenadyè yo, yo konnen trè byen pwovèb ki di: Pito nou mize nan wout, men nou pote bòn nouvèl.
Se konsa, aprè medam yo bay ekip Sénégal la yon rakle 4 a 0 samdi 18 fevriye 2023, yo te rete gwo moso an, ki se bat Chili madi 21 fevriye y’a.
Medam yo, te kanpe anfas yon ekip Chilyèn byen óganize jwèt la pat fasil di tou pou grenadyè yo. Men, ak flanm melanje ak detèminasyon Catherine Flon pou yo ale nan mondyal la ane sa se konsa tou grenadyè yo te rann match la difisil anpil tou pou ekip Chili a. Se sa nou rele konviksyon ak defann peyi.
Tankou nan batay pou lendependans lan “La Crête à Pierrot”, medam yo ak Kapitèn Nérilia Mondésir nan tèt yo te tire anpil gwo boulèt nan kan medam Chilyèn yo. Se konsa nan fen premye mitan an, aprè li finn resevwa yon sipèb pas nan men Roselore Borgella, MelchiebDumormay ta pwal pati sou goch lan ak defansè ekip advès lan pou l te make premye gòl Ayiti y’a.
Epi, nan pwolongasyon/dyegi nan fen dezyèm mitan an, aprè kapitenn Mondésir te finn rate yon penalite, se Dumornay toujou ki ta pwal bay kou touye ya, kou de gras lan kont ekip chilyèn lan.
Ak viktwa sa Drapo Ble ak Wouj la pral flote nan peyi Ostrali ak Nouvèl Zeland. Yon fwa ankò medam yo ki soti nan toyo Anacaona, Sanithe Belair, Catherine Flon ak tout Manman k ap bat dlo pou fè pitit yo vin moun nan sosyete eksplwatasyon sa kote Fanm yo toujou ap sibi, ap Ekri Yon bèl paj pou wete tout gwo tach ki sou Ayiti nou an.
Grenadyè yo ap replase Ayiti sou Katmond lan
Boukan News





