PLHAP
PLATEFORME HAÏTIENNE POUR LA PAIX
Pòtoprens, AYITI, 12 Janvye 2023
NÒT POU LAPRÈS
Nou salye kouraj chak gren Ayisyen ki wè ane 2023 sa, menm si se chif yo ki chanje. Toujou gen rate Gaz, pafwan ponp yo pa genyen menm, malgre gouvènman sa te mete 138% sou yon galon gazolinn nou te konn achte 201 goud ki depase salè minimòm peyi a..
Grangou ak lwaye deraye, to dola pèdi fren nèt sou valè goud la, peyi a nan blakawout, e Ariel Henry toujou Premye minis defakto. Nou tout Malad sante piblik disparèt, lari a sal, jiskaprezan Leta pako jwenn fòmil pou transfòme fatra. Nou gen yon peyi kap mouri, otorite yo pa gen okenn sousi, yo imilye nou tout kote, nou wè Sak pase nan dlo Panama, kijan Dominiken ap imilye nou, USA Depòte nou ankachèt ak koperasyon gouvènman ki la.
Premye Janvye sa ba nou 219 vyèm ane depi nou kreye lendepandans, li raple nou kiyès nou ye. Nou se konbatan, nou fèt Solda, nap mouri Solda. Loksidan pat fè Anperè Jean Jacques Dessalines kado 1804, reveye’w pèp Aisyen, 2023 sa nou dwe pwan desizyon pou nou repwan Peyi’n, pou nou rebatil, pou nou bal libète Edikatif, ekonomik, Syantifik, Sosyal elatriye.
Se swè, nou menm nan PLAHP pou pèp Ayisyen an, bòn Chans e bon konba pou lane 2023 pou 2024 ka yon bòn Ane..
Siyati ki Otorize pou siyen nan Non tout òganisasyon ki manm PLHAP, se kòdonatris Jeneral PLHAP, Madam Débora LUBIN
Coord. Générale PLHAP, Mme Débora LUBIN
Resp. Femme Autonome d’Haïti (FAH)
Plateforme des Etudiants Haïtiens (PLEH).
Morin ROBENSON Mouvement d’Intégration de la Jeunesse (MIJ).
Winder BERNARD Espoir Haïti (E.A).
Wilberde ALOUIDOR Union des Jeunes Pour la Promotion De la Démocratie (UJPD).
Mario DORISMOND Ong. Les jeunne Penseur D’Haïti (OJPH).
Mme. Edwine BLAISE Présidente, Ajifanm





