Lavi se yon lekòl!

Massachussetts, USA, 01/09/2022 – Yon lekòl ki de tan zantan ap bay egzamen ak elèv li yo. Gen nan egzamen sa yo ki konn fasil. Konsa tou genyen nan yo ki konn pi difisil pase lòt . Kit se nan sa ki fasil ou difisil yo, toujou gen anpil moun ki konn pa pase egzamen sa yo. Men, kòm pa janm vrèman gen ekpseryans negatif, men m lè yon moun pat rive pase yon egzamen, li gen anpil bagay li kapab toujou aprann kòm leson nan moman li t ap pase eprèv sa yo.
Moun dwe toujou ap chache konprann lavi; chache konnen kouman l fonksyone, li enpòtan pou w konnen règleman yo. Yon lòt eleman enpòtan ki pa dwe chape w se konnen kouman pou w evolye ladan l.
Paske, lekòl lavi y’a pa senp. Men depi tèt ou byen plase sou 2 zepòl ou, depi w mete tèt ou an plas, pa gen manti nan sa, ou dwe kapab defann ou nan lavi y’a.
Wi, lavil se yon lekòl!
Ou kapab toujou fè kèk fo pa ladan l. Ou kapab toujou fè kèk erè, paske w se moun. « Seul Dieu et les imbéciles ne font pas d’erreur » dit-on. Men, manman koze y’a se aprann pou w aprann lè w fè fo pa yo, lè w fè erè yo, pou korije yo san ou pa blaze tèt ou, san ou pa pèdi liy ou, chemen w.
Li enpòtan pou soti grandi, pou w soti pi ranfòse apre eprèv difisil yo. Se pa pou granmesi nan kilti nou, grandèt yo di « Se bite m bite mwen pa tonbe ». Se jan w fè relèv la, jan w retounen ak metòd, disiplin ki pèmèt sosyete y’a wè nan ou menm, yon moun ki sibi yon evolisyon pozitif, yon moun ki petri apre yon gwo eprèv.
Se nouvo atitid yo k ap vin fè w blennde epi ou anmezi pou repati tout bon « sur de nouvelles bases, avec de nouveaux principes ».
Sonje pawòl sa yo ki di : « nul ne se connaît tant qu’il n’a pas souffert ». Et surtout : « c’est à l’œuvre qu’on reconnaît le vrai maçon ».
Ou dwe konnen antouraj ou, anviwonman w, frekantasyon w ak karaktè w, se eleman pivot yo ye nan relèvman yon moun k ap travèse move pas.
Sa pou w konnen, ou kapab toujou genyen moun k ap pataje lide ak ou, k ap akonpaye w nan lekòl lavi y’a. Sonje egzamen final la se ou menm k ap genyen pou pase l. Sa vle di ou fèt pou w toujou genyen bon sans ou ak ou, ou fèt pou w toujou « lucide ». Se ou menm k ap genyen pou peye tout konsekans fo pa w ansanm ak ère w.
Si w pa janm janbe kafou danjere, ou pap janm konnen si w se gason ou se fanm. Moun dwe toujou ap aprann. Moun toujou kapab fè erè. Sa k pi enpòtan, lè w fè erè y’a, ou admèt sa epi pi fondalnatal la ou pran tout dispozisyon sitou nan panse w pou w pa fè erè y’a ankò. Paske si w tounen fè l ou vin yon recidivis, ou pa korije. Ou pa aprann.
Li toujou pi bon pou w gen yon atitid kote w toujou anvi tande, twoke lide, pataje. Pa janm fè avari, kouri pran devan nan anyen.
Eksperyans montre gen posiblite pou rezilta soti pi pozitif lè plis moun mete men ou bay kèk lide. « Du choc des idées, jaillit la lumière », vérité Lapalissade. Mais avec la révolution numérique et de plus en plus avec les réseaux sociaux, l’inter connexion devient si facile mais aussi si fragile. Tout se dit, tout se montre sur la toile. Il nous faut vraiment développer l’esprit critique et surtout du discernement pour ne pas se laisser entraîner dans la facilité. Il en est de même quand on évolue en groupe, quand on veut encourager la participation de tout le monde dans la prise de décisions, il nous fait obligation de trouver le juste milieu pour ne pas se perdre dans « le démocratisme ». Espérant que tout le monde ait le même avis sur une question.
Si on n’arrive pas à définir une vraie ligne de conduite, de vrais mécanismes de délibération, l’on va s’enfiler dans un fil d’araignée. Cela dit, pratiquer la participation, cultiver la démocratie n’est pas synonymes de « toujou rete ap trennen tann sila yo ki pa janm vle leve pye yo ».
Marcel Poinsard Mondésir





