Orevwa 2022 !

Massachussetts, USA, 12/31/2022 – 2022, nou menm Pèp Ayisyen nou pa bezwen tande pale de ou ditou pou fason soufrans nou te rèd, pou jan souf nou t ap koupe anba tout kalite kalamite.
Ou ta di 2022 se yon manje ranje yon fanm ki rele Madan La Lime ranje nan asyèt pou l twonpe ak vòlè konfyans nou menm Pèp Ayisyen.
Pou nou menm Pèp Ayisyen 2022 ou sanble ak yon katyapika ki nan men Core Group la, yon sendika Kominote entènasyonal la genyen k ap detripe nou menm Pèp timoso pa timoso pandan l ap pwoteje ak defann enterè boujwa salòp yo ansanm ak tout Conzé ki vann konsyans yo pou po patat.
Pou nou menm Pèp Ayisyen 2022 ou te anmè pi mal pase fyèl bèt ki pete nan chodyè bouche y’a, kounye y’a blije jete tout vyann lan, tèlman li pa fouti vann li ankò.
Pou nou menm Pèp Ayisyen 2022 se tankou yon Goudougoudou ki pase ak tout yon tsunami kote pifò moun anglouti/disparèt.
Pou nou Pèp Ayisyen 2022 sa mete peyi nou ansanm ak nou menm toutouni nèt lè tout kalite bandi (ak kravat, ak plim, ak mikwo, ak zam, ak bib nan men yo…) fin rann nou pi vilnerab toujou nan fòse nou kite lakay nou, kite fanmi nou, detwi byen nou, fè nou sibi tout kalite imilyasyon moun pat janm sibi sèlman nan tan lesklavaj, lè yo detwi lavi nou apre fanmi nou fin peye rançon yo mande, lè yo fè nou ap mache ranmase imilyasyon nan peyi etranje tankou(Sendomeng, Etazini, Turquie…) pou n site sa yo sèlman paske se nan peyi sa yo imilyasyon yo ak vyolasyon dwa refijye yo depase tout limit Moun pa janm ni tande ni wè. Nou sonje imaj Texas yo. Nou wè videyo kote Dominiken ap bat Frè ak Sè nou yo tankou yo te konn bat Esklav ki t ap sove kite bitasyon yo.
Pèp Ayisyen nenpòt kote nou ye sou Tè y’a se pou nou chache tout kalite fèy pou nou fè yon gwo Beny pou nou benyen, yon fason pou n Voye manje ranje sa, alkali 3 degout sa, fyèl bèf sa ki rele 2022 sa ale. Jete dlo nan 4 kwen kay nou, fikse Syèl la epi di madichon, madichon, madichon pou ou 2022.-
Marcel Poinsard Mondésir





