ABA OKIPASYON, VIV AYITI GRANMOUN VIV YON TRANZISYON KOUPE FACHE
Nou menm inivèsitè ayisyen ki deyò peyi a ap viv ak kè sere epi endinye anpil parapò ak sitiyasyon malouk peyi a ap konnen nan moman an. Sa peyi a ap sibi nan moman an se rezilta yon pratik politik ki dominan nan peyi a depi plis yon dizèn lane. Kite nou raple, se depi lè OEA ak Core-Group fin entèvni dirèkteman pou enstale pwòp gouvènman pa yo nan tèt peyi a nan lane 2011, chimen an te trase pou mennen peyi a nan kalfou malè sa a. Fòk nou pa bliye gwo wòl MINUSTAH te jwe nan akouche malè pandye sa a. Rezilta plis pase 10 lane rejim PHTK a nan gouvènay peyi a se masak, kidnapin, dilapidasyon fon piblik, represyon ak banalizasyon lavi. Se sa ki esplike soti 2011 pou rive jounen jodi a plis pase 10 milya dola fon piblik dilapide (CIRH, Petrokaribe, ak lot fon piblik), prèske yon ventèn masak nan katye popilè yo ak yon santèn vyòl soti 2018 rive 2022, plis pase yon santèn viktim asasina nan prèske nan tout sektè rete enpini… Zak sa yo enskri nan yon lojik politik sou lobedyans Core-Group ki vle kwape tout elan mobilizasyon popilè yo ki reklame klèman yon chanjman radikal. Ekspresyon popilè chavire chodyè a tradui klè kou dlo kòk volonte popilè a pou kraze modèl sosyete miwo miba sa a.
Malgre prezans MINUSTAH ki te swadizan la pou ede kwape gang yo, malgre MINUJUSTH ak BINUH ki te gen swadizan misyon ede peyi a rive kanpe enstitisyon yo sou de (2) pye fèm yo, ede lapolis la nan travay li epi pèmet aparèy jistis la fè travay li komsadwa, prezans yo pito sabote enstitisyon yo, prezans yo ranfòse kesyon gansterizasyon peyi a jiskaske reprezantan espesyal BINUH nan peyi Ayiti Helen Lalime te deklare sou tribin Nasyonzini federasyon gang yo (G-9 an fanmi ak alye : Core-Group ak alye yo) to kidnapin lan te bese nan peyi a. Depi apre sasinay Jovenel Moise pratik politik la pa chanje ak gouvènman Core-Group plase nan tèt peyi a. Olye pou ta gen yon chimen ki trase pou pèmet peyi a pran yon lòt oryantasyon sitiyasyon peyi a vin pi malouk.
Nan mwens pase yon lane gouvènman elejitim ki sou pouvwa a moute gaz la pandan 2 fwa, dènye desizyon li pran sou dikte FMI an se kou ki pou touye koukou a paske gouvènman an chwazi moute pri gaz la plis pase 100% nan yon moman dola ameriken ap sapata goud la, pri pwodwi premye nesesite yo disèt wotè. Nou ka konstate depi apre desizyon antipèp sa a peyi a bloke, ni lekòl, ni inivèsite ak okenn lòt enstitisyon pa ka fonksyone kòmsadwa, gwoup gang yo ranfòse tèt yo plis, grangou a vin pi rèd nan dengonn malere, malerèz nan peyi a. Menm gouvènman ilejitim ak ilegal sa popilasyon ayisyèn lan konteste a oze mande « nouvo kolon blan » li yo pou fè fòs miltinasyonal anvayi peyi a ankò pou vin ranfòse pi plis okipasyon ak dominasyon peyi a pa sispann sibi depi 1915. Se yon zak trayizon kont manman lwa peyi a, kont pèp ayisyen ak kont listwa li. Tout okipasyon militè peyi a konnen se toujou plis mizè, masak kont klas popilè yo sa pote. Menm aktè ki pwodui sitiyasyon malouk sa a nan peyi a pa ka nan pote solisyon ankò, se ap toujou solisyon kosmetik ak medsin chwal.
Boutofen, nou menm siyatè nòt sa a, nou rete solidè epi makònen ak revandikasyon pèp ayisyen ki ap mande yon tranzisyon granmoun koupe fache. Nou kondame tout lide pou ranfòse depandans peyi a ak yon fòs miltinasyonal ankò. Nou rete kwè solisyon kriz malouk PHTK-Core Group lage peyi a la dwe yon solisyon ayisyen. Epi nan dimansyon kriz la rive la, nou ankouraje tout aktè politik ak sosyete sivil nan peyi a pou yo mete yo alawotè pou yo jwenn yon konsansis k ap chita sou baz prensip ak etik k ap penmèt nou mete enstitisyon yo sou de pye militè yo yon mannyè pou atake pwoblèm fondamantal k ap sakaje peyi a nan moman. Nan sans sa, nou rete solidè ak tout inisyativ ayisyen ki rive pran an granmoun, ki pa soti nan okenn dikte anbasad epi ki vize tabli yon tranzisyon koupe fache ki pral kreye kondisyon pou tabli yon sosyete kote Ayisyen ap viv nan lapè ak diyite.
Non siyati Inivèsite/Etid
Jean Bernard Jean Jean Louis UFC Fortaleza/ Géographie
Walner Osna Université d’Ottawa/ Sociologie
Fritz-son Lalane Université d’Ottawa/ Sociologie
Fritznel Honneur Universidade Federal da Integração/Antropologia
Magalie Civil Université d’Ottawa/ Sociologie
Pierre Ronsard Brunache Université Paris Sorbonne/ Clinique et Psychopathologie
Dana Richemé Université Paris Cité/ Sociologie
Guerchang Bastia Université Paris 8/ Urbanisme et Aménagement
Johny Gene Merilus Université Lumière,Lyon II/ Sociologie
John R. Gougueder Jean Universidade Federal da Bahia/ Servicio social
Wilsot Louis Université Paris Cité/Sociologie
Milcar Jeff Dorce Université de Bordeaux/ Droit International Public
Jeanne Elsa Chery Université Paris 8/ Etudes sur le Genre
Feguenson Hermogene Escuela Internationale de Cine y TV de Cuba
Mackenson Beauvais Universidade Federal da Bahia/ História
John Yvelet Charelus Université Québec à Montréal(UQAM)/ Sociologie
Luder Providence Universidad Bolivariana de Venezuela/ Economía Política
Riguender Util Université d’Ottawa/Sociologie
Mackenson Jean Université d’Ottawa/Géographie Anthropocene
Harry Moïse Ecole Pratique des Hautes Études/ Sociologie
Job Paul Universidade Federal da Bahia/Relações Internacionais
Jean Nephetaly Michel Université d’Ottawa/ Sociologie
Mayens Mesidor Université Paris 8/Géographie
Bergomy Hercules Université Sorbonne Paris Nord/Géographie
Jean-Carlot Milien Université Paris 8/Géographie
Jean James J.J Rolph Universite de Guyane/Interculturalité
Moïse Eugène Université Lyon 2/Sociologie
Dieulin Ostavien Ecole d’Urbanisme de Paris/ Urbanisme
Robert Barbier Université de Lille/Histoire du droit et des institutions
Brunel Derilus John Jay College of Criminal JusticeNew York/Sociology





