Ayiti popilasyon: Konbyen nou ye, nou menm Ayisyen?

Ayiti Popilasyon: Konbyen nou ye, nou menm Ayisyen?
Marcel P Mondesir

Massachussetts, USA, 11/15/2022 – Dapre Nasyonzini, jodi y’a popilasyon mondyal la rive nan 8 milya. Ki moun ki konnen konbyen nou menm Ayisyen nou ye nan total sa? Èske nou tout dakò, youn nan pi gwo pwoblèm nou genyen poun òganize sosyete y’a, pou defini politik piblik yo nan tout domèn enfrastrikti ak sosyal se paske nou pa konn konbe moun n ap jere nan sosyete y’a?

Èske nou admèt se pa nòmal pou nan lane 2022 Ayiti pa fouti bay pitit li yon pyès idantifikasyon, menm yon batistè?
Èske nou dakò, nan moman n ap pale la, pa genyen okenn antite nan Leta ki kapab fè dekont kantite moun ki fèt, kantite Mlmoun ki mouri nan chak depatman alewè nan tout peyi y’a chak Ane?
Se yon gwo feblès pou yon bon planifikasyon Deta. Eleman sa yo dwe tout anwo nan Flfèy wout la pou Tranzisyon Koupe fache y’a.
Si pou nou refè Ayiti, nou dwe genyen « données fiables, sérieuses et utilisables en termes de planification stratégique et de politiques publiques ».
Il est plus qu’indispensable qu’il y ait un groupe de réflexions et de propositions sur la question démographique qui tienne compte du territoire, de ses ressources, de la répartition spatiale de la population, du développement des infrastructures sociales et économiques, bref du développement durable.
Pour le moment, il existe deux entités etatiques qui devraient travailler ensemble pour déjà formuler des propositions, à savoir le bureau du secrétaire d’État à la population et le Comité Inter Ministériel d’Aménagement du Territoire(CIAT).
Quid de leurs relations et de leurs productions? À cela devrait s’ajouter l’Institut Haïtien de Statistique et d’Informatique (IHSI) pour les enquêtes périodiques de population et autres.
8 milya Moun sou Tè y’a jodi y’a, kiyès ki konnen konbyen nou ye nou menm Ayisyen?
Pou n genyen batay kont grangou nou dwe konnen konbyen moun nou gen pou bay manje. Se premye eleman pou sektè agrikòl la genyen sou tab la pou l bati plan li.
Tout politisyen ap klewonnen eleksyon, eleksyon. Wi se vre, eleksyon yo se youn nan mwayen pou ede nou jwenn chemen estabilite ak pwogrè. Men se pa nenpòt eleksyon. Dayè se eleksyon pike kole, eleksyon kòmande ki se sous pifò pwoblèm Ayiti.
Pou frennen pwoblèm eleksyon yo, peyi y’a dwe konsevwa yon estrikti k ap ranmase koze nan tout aspè l. E youn nan gwo moso yo, se pou nou konnen ki kantite popilasyon nou genyen, konbe nan tout popilasyon an ki andwa pou vote soti nan nivo nasyonal, pase nan depatman pou rive nan komin ak seksyon kominal yo. Sa se travay IHSI nan yon premye tan.
Apre sa, moun k ap gen responsablite òganize eleksyon yo ap sèvi ak done/chif sa yo pou fè lis elektoral yo. Depi n ap goumen kont koken nan eleksyon, nou gen yon fason pou nou ranje kabann nou.
Marcel Poinsard Mondésir

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *