Eske fwa sa n ap pran leson, n ap chanje atitid? 

Eske fwa sa n ap pran leson, n ap chanje atitid? 
Marcel P Mondesir

Tout moun ki pou jwenn ap jwenn.  Sa pou nou konnen, blan yo sèvi sa yo vle, jan yo vle, lè yo vle. Epi sa pou nou tout san okenn eksepsyon konnen malerezman yo pran nou pou « papye twalèt ». Depi yo fin sèvi ak nou, yo jete n.  Pi grav toujou, san okenn ezitasyon, san okenn rezèv, san okenn rekonesans « pour services rendus » yo fout nou kout pye nan dèyè nou.

Kilè n ap konnen epi admèt se Ayiti ak Ayisyen ki pa nou, se yo ki pou nou? Konsa se nan enterè yo sèlman pou n aji.
Se pa premye fwa yo fè sa yo fè la. Nou mèt asire n, se pap dènye fwa. Malgre tout sa, genyen anpil nan nou ki kanpe dèyè pòt la ap tann kilè pou yo fèn siy. Ki moman pou yo rekrite n? Kilè pou yo envite n vin pale ak yo.
Konbyen nan nou ki deja bay rad nou nan dry pou Thanksgivings pou al manje kodenn lakay anbasadè Ameriken  nan Pòtoprens menm jan sa abitwe fèt 4 jiyè ?
N ap veye lis k ap soti pou 4 jiyè « Endepandans day » pou al trenke vè epi sa ou tou konnen ou elijib pou sèvi yo.
Genyen lòt se pou yo kapab pi gwo benefisyè lajan pou fè pwomosyon òganisazyon sosyete sivil, pou travay fè fòmasyon leadership ak entrepreneurship. Sèten lòt pou konnen kouman pou sèvi ak mas medya. Pi gwo moso yo se pou fè pwomosyon Dwa Moun.
USAID, Union Européenne, l’Agence Canadienne pour le Développement International (ACDI), l’Agence Française de Développement (AFD), tout se menm koze yo, yo gen menm misyon. Yon leman pou atire opòtinis ki pral chita vann konsyans yo, vann frè ak sè yo, vann peyi yo.
E apre, sa nou wè la. Dayè ak tout moun sa yo, yo genyen yon « bassin » ki pou yo menm kalifye pou tout koze yo bezwen regle. Sa anpil nan nou tout pa rive kapte se mannyè yo jere chak grenn nan nou menm dapre objektif ak ajennda yo.
Le blanc connaît et maîtrise nos cordes sensibles. Facilement, il arrive à découvrir le maillon faible parmi nous et à partir de celui-ci avec:  patience, intelligence et méthode il peaufine son plan de déboulonnage en fonction des objectifs qu’il s’est fixés.
Se nou menm ankò, apre reyinyon ak yo, toujou vin devlope « incohérences et mésententes » nou devan yo, lè nou pran pòz vin di popilasyon an kouman sa te pase.
Ce que nous devons savoir Haïti et Haïtiens en toutes circonstances, contre vents et marées,  loraj, tanpèt, kanon, nenpòt jan sa prezante devan nou, nou fèt pou konnen Ayiti ak Ayisyen anvan tout lòt. Malè lòt yo dwe sèvi nou leson pou nou kòmanse louvri je nou. Li dwe fè nou konnen peyi de rechany lan pa egziste vre.
Si nou pa vrèman pran konsyans pou nou fè peyi an fonksyone nòmal pou n  viv ladan l tankou mounn, sa ki pase nan semèn lan, li pat premye, li p ap denye non pli.
À bon entendeur, un salut patriotique.
Marcel Poinsard Mondésir, agwonom

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *