Pa kite zòt tòdye lespri nou ak koze nou dwe fè yon sèl pou jwenn Konsansis pou goumen!

Pa kite zòt tòdye lespri nou ak koze nou dwe fè yon sèl pou jwenn Konsansis pou goumen!
Marcel P Mondesir

Massachussetts, USA, 10/12/2022 – Malgré toutes les turpitudes, malgré toutes les compresses, malgré tous les bouleversements, malgré toutes les cruautés et les désillusions qui nous font croire que la vie s’arrête devant nos portes, il n’est pas tout à fait vrai.

Il suffit de nous mettre en mode de bataille. Il suffit, contre vents et marées, d’emmagasiner de l’énergie positive pour renverser la situation et réorienter le radar de la vie dans la direction qui nous conduit vers la victoire.
Jodi 12 oktòb 2022 y’a mwen vle pataje pawòl sa ak tout Ayisyen anndan tankou nan dyaspora yo.
Youn nan fason pou n chanje direksyon rada se pa nan itilize fòmil vid y ap klewonnen nan zòrèy nou toutan. Fòmil ki di fòk nou tout nèt makonnen ansanm nan.
Pa gen okenn kote, okenn sosyete sou latè tout moun nèt makonnen ansanm pou rive nan yon menm objektif.
UNICITÉ PA EGZISTE nan lavi. Depi yo diw toutotan tout moun nèt, tout kouran yo nèt pa chita ansanm pou jwenn Yon solisyon yo pap kapab fè anyen. Se paske yo pa tap janm ede nou jwenn yon bout ak pwoblèm sosyete mi wo mi ba sa.
Sa yo konnen e se sa ki verite y’a, genyen yon majorite moun nan sosyete y’a ki dakò epi ki deside chanje oryantasyon rada sou koze sa yo: Moun kelkanswa pozisyon w ou pa dwe vòlò, ou pa dwe nan konbinezon pou fè dappiyanp sou byen kolektif yo ak byen prive moun.
Moun ki dakò non w ak siyati w se pa yo ki dwe defini pozisyon w nan sosyete y’a ak nan lavi an jeneral.
Moun ki dakò pou Lajistis pa vann tankou patat nan mache Kwabosal. « Selon que vous serez puissant ou misérable, les jugements de cour vous rendront blanc ou noir ». Moun k ap travay pou tout moun peze menm pwa nan balans jistis la.
Moun ki dakò nou kapab genyen diferans sou kèk fason nou poze epi wè solisyon pwoblèm yo, men tou 2 pati yo admèt genyen liy wouj ki pa dwe franchi, tankou sa k di nan tèks la.
Pèp Ayisyen, si nou pa pran tèt nou, si nou pa mete l sou 2 zepòl nou, tout sila yo ki vle kenbe nou nan jouk kraze zo, nan jouk gang sèl kòk chante y’a, nan jouk demen nou ak demen pitit nou se tankou moman sa, ti ponyen k ap ranmase yo, ti ponyen ki toujou fè zewo (0) tounen nèf (9) yo ap toujou gen agiman pou detounen lòlòj nou ak lespri nou.
Se pou tèt sa, nou fèt pou n kapab triye nan tout pawòl k ap pale la yo, pawòl pa nou an, pawòl liberasyon an. Nou dwe genyen kapasite pou n sezi epi konprann nuances(ti diferans) yo pou tout bon vre nou kanpe bò kote moun ak òganizasyon k ap pale ansanm ak nou tout bon vre.
Sa pou nou toujou genyen nan lespri nou, menm 2 marasa genyen kèk siy ki pèmèt ou separe youn ak lòt san nou pa ale nan okenn baz lasyans tankou « empreintes » ou « groupe sanguin ».
Unicité n’existe pas nan domèn syans sosyal, nan sa k konsène moun. Nou pap kite yo tòtòt lespri nou. Tanpri an n evite valse ki vire tounen ap di nou « Fòk Nou tout ansanm fè youn, se lòd Jezi te pase n », nan koze sosyal ak politik Ayiti ye la. Yon demach konsa, se mande Ayisyen kanpe sou waff Pòtoprens pou li plen lanmè y’a ak wòch.
Marcel Poinsard Mondésir

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *