KOWOT PATRIYOTIK
Adresse : 156, Ave Christophe, Port-au-Prince, Haiti
kowotpatriyotik@gmail.com / +(50) 4042 3909/3702-9730
Pòtoprens, jou ki 10 oktòb 2022 a,
Nòt pou laprès
KOWÒT la kondane dekrè lawont rejim PHTK ki mande blan anvayi peyi a.
KOWÒT PATRIYOTIK revòlte kont dekrè selera ki pibliye nan jounal ofisyèl peyi a pou mande Nasyon Zini foule tè zansèt nou yo te kite pou nou an, lemonn antye konnen kriz san parèy ki nan peyi Dayiti a se Nasyon Zini, Kògwoup ak rejim PHTK ki planifye, òganize epi fè ekzekitel. Rejim kriminèl PHTK anba kouvèti Nasyon Zini kreye gang toupatou nan peyi a, nan tout katye popilè pou yo kidnape, dekapitalize, vyole ak touye tout kategori moun nan pèp la sèlman pou yo fè lajan ak kreye terè pou anpeche moun manifeste. KOWÒT la te toujou ap denonse mannèv delwayal rejim PHTK ak Kògwoup kap pouse pèp la nan lagè sivil pou yo jwenn okazyon fè Ayiti Wanda nan Karayib la.
KOWÒT PATRIYOTIK ap mande tout PATRIYÒT ayisyen bliye enterè personèl, fè inite nasyonal menm jan lanperè Dessalines te fèl san mètdam pou ranvèse rejim kriminèl PHTK wa Ariel Henry a ap domine a, mete yon gouvènman tranzisyon koupe fache kap revoke san pèditan dekrè lawont la. Tout patriyòt nan peyi a gen enterè pou moute yon inite kòmandman, pou tout moun pale yon sèl vwa ak blan pou fè respekte souverènte peyi a paske se twòp atò.
KOWÒT PATRIYOTIK ap mande kominote entènasyonal la bay Ayiti yon chans, ayisyen bouke ak Etazini, Kanada ak Lafrans pandan nap mande Etazini yon trèv pou ayisyen ka regle pwoblèm Ayiti. KOWÒT la konte depi nan ane 1915 pou rive nan ane 2022 a, 4 entèvansyon militè ameriken ki gen kouvèti Nasyon Zini pami yo, san Ayiti pa janm reprezante okenn menas pou sekirite Etazini, nou paka bliye kouman ameriken anvayi Ayiti sèlman paske te gen yon tranbleman tè, Entèvansyon militè ameriken 1915, 1994, 2004 ak 2010 pote anpil malè pou peyi a sou plan sosyal, ekonomik ak kiltirèl, okenn moun paka bliye konbyen milyon yo dechèpiye nan bank santral nan lane 1915, yo pote kidnapin nan peyi a, yo pote kolera nan peyi a ak tout lòt maladi. Se pou tout rezon sa yo, KOWÒT PATRIYOTIK ap mande Kominote Entènasyonal la espesyalman Etazini ak Kanada jete nan poubèl dekrè lawont Ariel la ki pa gen ni dwa ni kalite ak legitimite pou vyole konstitisyon peyi a, ki di a klè nan atik 8 alineya 1 :
« OKENN ETRANJE PAGEN DWA FOULE TÈRITWA PEYI DAYITI. »
Pou sekretarya jeneral la :
Me. Francisco Alcide Av Guy Robert Lolo (Delege KNT) Philippe Desir
Sekretè jeneral Sekretè adjwen Sekretè egzekitif





