Men kèk eleman Rezilta « Le Moniteur numéro spécial Vendredi 7 octobre 2022 » an

Men kèk eleman Rezilta « Le Moniteur numéro spécial Vendredi 7 octobre 2022 » an
Marcel P Mondesir

Massachussetts, USA, 10/08/2022 – Se nan yon tiraj espesyal « Le Moniteur » 7 oktòb 2022 gouvènman Akò Akwòkò  11 septanm 2021 an ak Ariel Henry premye trèt plis SDP Marjorie Michel, Ricard Pierre, André Michel, Sorel Jacinthe, MTV, Charles Emile Erald, NOUHLA Louis Gerald Gilles, Jean Tolbert Alexis, Edmonde Supplice Beauzile Fusion, Rosemila Petit-Frère ak tout lòt Conzé yo livre peyi y’a, Tè Mackandal, Bouckmann, Toussaint Louverture, Lanperè Jacques I, Boisrond Tonnerre, Sanite Belair, Défilé La folle ak Charlemagne Péralte la bay kominote entènasyonal la.

Yon semèn apre minis Afè etranjè Jean Victor Généus, men ki etranje ak tout kalamite peyi y’a fin deklare devan pi gwo enstans politik mondyal la, « tout est sous contrôle en Haïti », 2 jou apre mouche Ariel Henry nan yon deklarasyon di pèp Ayisyen « Kale je nou », nouvo Conzé yo siyen pass dwa bay Sekretè jeneral Nasyonzini an Antonio Guterres, Sekretè jeneral Òganizasyon Eta Ameriken yo Luis Almagro ak minis Afè etranjè Kanada Mélanie Joly kòm 3 koutye kominote entènasyonal pou bòt fere tounen vin mete pye sou kou pèp Ayisyen ankò.
Wi mask yo tonbe
Epi tou misyon Ariel Henry ak akolit li yo te klè
Wi Ariel Henry Akò Akwòkò 11 septanm 2021 an rive kote mèt li yo te bezwen l rive ak peyi y’a.
Wi tweet madan La Lime nan rive nan bout li, atenn objektif li.
Wi misyon Jean Rebel Dorcéna ak tout lòt manm CNDDR yo ki se te federe gang yo pou kreye laperèz, toufe tout manifestasyon nan katye popilè yo bay rezilta;
Wi depi PHTK premye vèsyon, kote yo te deja fè konnen prezidan se Ayisyen, pou rive nan PHTK dezyèm vèsyon kote yo bay dosou l la tout pouvwa (federe gang yo) pou rive nan twazyèm vèsyon an kote yo fè l fè tolalito ak nou, misyon an te klè tankou dlo kokoye.
Wi depi premye masak sou moun Lasalin yo pou rive nan blokaj tèminal Varreux pase nan simityè tou louvri Matisan, pou fè yon dètou nan enposiblite pou peyizan nan pi gwo plenn peyi y’a, youn nan grenye, youn nan gad manje peyi y’a, nap pale Vale Latibonit jouk pou rive nan kidnape epi kenbe 16 misyonè meriken ki te blije benefisye èd Wa Maj yo pou sove anba men 400 Mawozo.
Wi se te pou rive la ki fè tanzantan yon lidè/dilè soti yon Akò nan pòch vès li. Genyen nan Akò sa yo se lòt bò dlo yo fabrike. Genyen lòt se devan boutèy diven, chanpay ak gwo plat manje nan Otèl Pòtoprens yo akouche yo. Le blanc avait toujours été favorable à la fabrication de ces accords, pour la plupart des crocs en jambes pou anpeche nou chita tout bon vre sou yon pwodui lakay.
Malgre tantativ pou genyen yon vrè pwodwui lakay, po fig fè kenken, tanzantan ou tande yon glisad, ou wè yon antre soti ou pa fin konprann. Danje yo se veritab Pèlen Tèt. Yon mannyè pou tèt ansanm nan, pou konsansis lan pa akouche.
Pa gen manti nan sa, demokrat ayè yo, ki tounen démon krat jodi y’a, yo fè tout sa yo konnen, yo fè tout vis nan jwèt la, yo mete tout kalte mi nan dominio an, anplis yo mare kat la, yo doye l tou, yon fason pou yo te kapab bay pèp la kout pa konprann sa.
Yo fè, yo fè, yo fè. Yo wè se bite nou bite. Malgre tou sa, yo rive kote yo te vle y’a.
Depi 7 oktòb 2022 y’a, jou Charlemagne Péralte te Fèt la, Ariel Henry et ses sicaires de l’Accord Akwòkò chante Lantèman pitit pitit Bosal yo.
N ap di Ariel Henry ak tout restavèk li yo, tout flibistye l yo, tout PHTKistes li yo, madichon pou yo.
N ap mande pèp Ayisyen an pou yo swiv egzanp Peyizan Machatè yo nan Okay, entèlektyèl yo pou yo swiv egzanp Depite Gonayiv la Raymond Vilaire Cabèche sou lokipasyon 1915 la. N ap bay trèt yo ansanm ak tout okipan yo leson.
Marcel Poinsard Mondésir, agwonom

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *