Ayisyèn, Ayisyen, nou te konn bay leson, jodi y’a nou kapab pran leson.

Ayisyèn, Ayisyen, nou te konn bay leson, jodi y’a nou kapab pran leson.
Marcel P Mondesir

Nou te konn bay leson. Menm jan tou, nou ka pran leson. Dayè, anpil fwa Nou pran leson. Pi mal, nou rive kopye lòt yo. Sou koze pran leson, malerezman, anpil fwa, nou pran move leson yo. Mete sou sa nou pran yo mal. Sa k anpire malad la, sa k konplike rezolisyon pwoblèm yo.

An nou pran dènye sitiyasyon an. Koze gaz la. Nou pran leson nan men FMI, ki pa janm sispann mande mouche Leta pou l koupe sibvansyon sou gaz la, pou l kapab rive ak sa FMI  rele estabilite nan Resèt piblik yo. Pou pi senp, ak sa gwo ekonomis yo rele Ekilib Kont Piblik yo. Sa vle di depans = Rantre.
Tankou nou menm Ayisyen nou toujou ap repete l, epi anpil fwa aplike l : « pa kwoke dyakout ou kote men w pa kapab rive. »
Nan ka FMI an, pawòl sa yo pa gen menm sans ditou, yo pa sonnen menm jan nan zòrèy pèp la ak zòrèy gwo palto FMI ak Leta peze souse y’a.
Lè FMI pase lòd pou koupe sibvansyon yo, se pa pou pèmèt Leta gen plis lajan pou bay popilasyon an Sèvis nan lasante, aprantisaj/edikasyon nan tout nivo pou tout moun, agrikilti, kilti/lwazi ak tout obligasyon yon Leta ki rele Leta e ki angaje pou bay pèp li bon jan kalite sèvis menm ak dènye 5kòb taks ak enpo l ap peye yo.
Konpòtman moun k ap vin pase lòd yo, se pou pèmèt Leta degaje resous, jwenn lajan pou l peye dèt li bò kote « créanciers » entènasyonal li yo.
Créancier se moun ki konn prete w lajan. An n di pito moun ki konn bay ponya.  Nan Ka Leta yo, pi souvan ponyadè sa yo se yon seri gwo bank ki gen reprezantan yo anndan enstitisyon sa yo, ki yo menm, ap fè regleman sou kouman pou yo prete peyi yo, ki kantite lajan pou w bay lè wap remèt, ki sanksyon pou yo pran kont peyi y’a lè li pran tan ou byen lè li pa kapab remèt lajan.
Nou menm tankou bon elèv, nou fè tout sa FMI, Bank Mondyal ak tout lòt yo egzije pou yo kapab toujou jwenn lajan yo menm lè Leta nou an dakò sakrifye nou menm Pèp la.
Li bon pou n gade ki kantite lajan ki genyen nan bidjè peyi y’a pou sèvis dèt la. Ribrik sa, se kantite lajan Leta/gouvènman an mete pou peye enterè sou lajan gwo babin yo ( FMI, Bank mondyal ak lòt yo…) prete peyi y’a. Kantite lajan sa toujou pi fò pase lajan ministè lasante, ministè ledikadyon ak ministè agrikilti. Ou ta di 3 pi gwo wòch dife pou kenbe chodyè devlopman Ayiti y’a. Nou konprann sa sa vle di?
Toujou sou zafè gaz la epi tou kote nou chwazi pran move leson yo.  Èske nou konnen nan moman nou ye la, tout gwo peyi yo nèt, pandan yo mete kouto anba gòj Leta tyoul la pou wete sibvansyon sou petwòl nan peyi y’a, yo menm se kounye a epi se ak kout milya y ap sibvansyone petwòl lakay yo, pou pèp yo.
Rezon an senp: enflasyon k ap galope pi mal pase chwal etyò lakay yo. Yo blije louvri vann lajan pou evite lavalas popilasyon desann nan lari. Paske nan gwo peyi sa yo, chak fwa le pèp pile makadam nan se rèl kay Makorèl, tèlman dega yo lou. Se toujou an plizyè milye pou n pa di milya dola pèt yo evalye.
Nou te konn bay leson. Tout peyi k ap goumen pou koupe fache ak esklavaj, ak komès trafik moun, ak apartheid, toujou vire je gade sa nou menm pèp Ayisyen te fè nan fen 18ième syèk ak kòmansman 19yèm syèk la.
Se yon Glwa! Se yon Fyète pou nou menm!
Premye pèp nwa ki kase chenn lesklavaj nan batay tout bon.
Mamady Doumbouya

Jodi y’a, pèp Ayisyen nou kapab pran leson.

Wi nou kapab epi nou dwe pran bon leson, nan men Leta, nan men pèp ki dakò epi ki kwè se enterè peyi yo ki pou devan nan tout sikonstans. Menm lè, sa egzije yo sakrifis, sa mande yo koupe fache ak yon seri pratik ansanm ak yon seri Leta yo kwè ki te zanmi yo, ki te moun yo ayè.
Se pou sa, nou panse e nou kwè nou dwe fouye je gade, nou dwe louvri lespri nou, nou dwe chache kouman pou n tabli kontak ak yon seri nouvo pouvwa k ap boujonnen nan moman sa.
Nou pa di pou nou mete kabòn sou papye pa yo epi repwodui sa y ap fè yo san okenn « nuance », san okenn adaptasyon. Non, mil fwa non. Menm si genyen otorite ki kounye y’a aji tankou makak, pèp Ayisyen pa makak.
Konsa, nou gen pou n chita tande, nou gen pou n foure je gade, nou gen pou n poze kesyon, nou gen pou n konprann fason yo fè, fason yo poze pwoblèm yo epi demach otorite yo ansanm ak popilasyon yo itilize pou pote repons. Se repons sa yo ki fè peyi sa yo, ap resevwa « slaves incompréhensions, invectives, sabotages » bò kote gwo pwisans yo, paske otorite yo ansanm ak Popilasyon yo deside, dispoze ranmase karaktè yo. Yo dispoze viv tankou moun nan itilize resous yo, tout tip resous yo genyen nan enterè lakay yo.
Viv Mali
Viv Guinée Conacry.
Nou te konn bay leson!
Nou kapab pran leson!!
Marcel Poinsard Mondésir 

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *