Ayisyen nou pran nan pèlen tout bon vre!

Ayisyen nou pran nan pèlen tout bon vre!
Marcel P Mondesir
Massachussetts, USA, 09/24/2022 – Depi w kwè ou se Ayisyen nan souch dirèk la, mesaj sa se pou li ye tou.
Depi kèk tan, nou te konn ap di bato ki rele Ayiti y’a pral koule. Li nan mitan lanmè l ap pran dlo. Sanble kaptenn nan ansanm ak maren/matelots yo pa kapab fè mannèv.
Jodi y’a dapre jan nou gade bato sa sou dlo a, dapre jan nou konprann konpòtman kaptenn nan ak tout maren yo/matelots yo, nou rive ak konklizyon e sa chita sou konviksyon nou, se Kaptenn nan ki chwazi koule bato a.
Nou pap refè okenn repetisyon, nou pap mete okenn kouch penti andiplis sou tablo Ayiti ya, tout kalte atis pase penso yo deja sou li.  D’ailleurs cette semaine, le pays Haïti est devenu une grande fresque exposée au plus grand salon international. N ap pale de Nasyonzini.
Pou anpil Moun k ap swiv « la marche du monde » nan peryòd sa, je yo fikse nan Manhattan, Nouyòk, kote anpil gwo chabrak sou tè y’a prezan. Rezon an se 77ieme Asanble jeneral Nasyonzini. Le grand Oral, la grande bavarde des maîtres politiques du monde.
Nan sikonstans sa a, tèm dominan yo se:
La planète qui brûle. Ce thème est abordé sous 2 angles qui se rencontrent l’angle politique et l’angle environnemental. Men tou 2 rive ak menm konklizyon gwo peyi yo k ap eksplwate resous yo depi lontan, « surtout depuis le début de l’ère industrielle, l’ère de la machine à vapeur » ki  rann klima/anviwonman pi frajil toujou yo pa ni deside, ni dispoze mete lajan sou tab la pou pèmèt bon jan aksyon /repons teknik jwenn pou ede pèp nan peyi tankou pa nou yo k ap sibi gwo gwo chòk yo pase move pas yo.
Dezyèm gwo sijè y’a se koze lagè y’a, sitou lagè nan peyi Ikrèn nan. Larisi anvayi Ikrèn epi gwo deblozay. La géo politique a bougé et les nouvelles tracées mondiales aussi. Chak gwoup/kouran pran pozisyon dapre enterè estratejik yo. Menm lè tout moun admèt 2 koze sa yo: konsekans lagè sa se abse sou klou nan zafè grangou, lamizè pou anpil pèp. La raison est la « dislocation des chaînes d’approvisionnement et la rareté constatée de certains biens de consommation usuelle».
Pi gwo abse y’a se koze petwòl ak gaz natirèl la. Akòz anbago sou peyi Larisi y’a, li chwazi fèmen vann petwòl pa l la ki vini mete yon seri peyi Ewòp, tankou Almay nan gwo kouri. Konsa, enflasyon an ap toupizi tout gwo ekonomi yo nan mond lan. Tout enstitisyon vijil sistèm peze souse y’a( FMI, Bank Mondyal, BID, BCE…) tout ap rele anmwe paske yo pa fouti sipòte chòk sa.
Kè tout mèt ak gadyen sistèm nan ap bat byen fò. Rezon an se « déferlement des peuples sur les artères des grandes métropoles » yo gen yo sou biskèt akòz sitiyasyon sa. Nenpòt gwo deblozay kapab pete nenpòt ki kote sanzatann.
Se pou di nou mond lan malad e mèt yo panike. Tout nèt pale pawòl sa nan Gran Mès Nouyòk la.
Twazyèm nan se nou menm Ayiti.  Tout gwo palto yo pran tan yo pou esplike kouman Ayiti malad, kouman maladi sa grav epi tou kouman tretman dapre yo difisil.
Lè nou wè epi tande dyagnostik tout Doktè sa yo, nou poze tèt nou Yon kesyon: ki kote yo te ye epi tou kisa yo janm fè pou te evite Ayiti rive la?
Odas anpil nan moun sa yo tèlman rive lwen, ou ta di se premye fwa y ap tande pale, y ap idantifye sou map monde lan yon peyi ki rele « Ayiti/Haïti ». Nou konprann epi nou aksepte pawòl Gustavo Petro yo, nouvo Prezidan peyi Kolonbi y’a.
Apre sa tout lòt yo se Ipokrit se du pipitchat tankou yon prezidan peyi Dayiti, ki se tyoul yo renmen repete.
Atitid « Ponce Pilate » kominote entènasyonal la, manifeste nan pi wo nivo politik li, paske Asanble Jeneral la, nan moman sa, apre Konsèy Sekirite y’a, se pi gwo enstans politik mond lan, fè nou wè pi klè, fè nou konprann pi byen chwa Kaptenn nan fè pou kite bato a koule la pa inosan.
Epi tou, se pa yon senp aksidan. Se sou enstriksyon ak lòd gwo pwisans yo, mèt sistèm kapitalis mondyalize yo, « les valets d’Haïti agissent en toute âme et conscience ».
Ekip ki sou pouvwa, dapre jan nou konprann atitid yon swadizan kominote entènasyonal sou Ayiti, genyen kat blanch pou l kite gang yo aji, pou l dekonstonbre tout enstitisyon anndan peyi y’a, pou l travay pou l pouse deyò pifò  pitit peyi y’a.
Rezon ki fè nou rive konprann koze yo konsa, se paske nan tout pawòl k ap di nan « bâtiment bien vitré, bien futé, bien sécurisé » nan Manhattan nan, nou pa janm tande kote youn nan vwa sa yo di kaptenn ki gen gouvènay bato Ayiti a mal aji, mal jere l, tankou anpil vwa petèt ak rezon di Vladimir Poutine mal aji, pa gen rezon ki jistifye li vare sou peyi Ikrèn konsa.
Pèp Ayisyen, sa pa dwe dekouraje nou. Okontrè! Nou te konn sa deja. Senpman an nou ranmase karaktè nou tout bon, an nou pa bat ak lonbraj nou nan dechouke byen Leta ak byen malerèz ak malere, byen moun klas mwayèn nan k ap bat dlo pou fè bè. Se fòs nou bezwen, se fòs pou nou ranma. Se
Ayisyen anndan kon deyò ki kwè Ayiti malad tout bon, ann mete ansanm pou n ba li TRETMAN MALADI A MANDE, ki se:
REVOLISYON
CHAVIRE TAB LA
REBAT KAT LA
Marcel Poinsard Mondésir 

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *