Nòt pou laprès: Konbit Oganizasyon Politik Sendikal ak Popilè yo mande demisyon Ariel Henry

Pòtoprens 16 septann 2022
Nòt pou laprès 
Konbit Oganizasyon Politik Sendikal ak Popilè yo salye kouraj ak detèminasyon pèp revandikatif ki  levekanpe pou mande chavire sistèm pezesouse a.
    Nan sans sa a   Fòk Ariel Henry kite pouvwa imedyatman, fok yon ekip gouvènmantal tou nèf pran tèt leta pou pèmèt yon tranzisyon koupe fache tabli pou rive mete baz lòt leta a pèp la ap ekzije a.
  Yon lot bò,  Konbit Oganizasyon Politik Sendikal ak Popilè yo bat yon gwo bravo pou mas Popilè yo ki leve kanpe nan kat kwen peyi a pou denonse ensekirite, grangou, ogmantasyon kriminèl pri gaz ak enjerans CORE GROUP la epi sitou pou mande depa Ariel Henry ak akolit li yo nan tèt leta a.     Pouvwa gang PHTK a, boujwazi mafia a akolit li yo nan entènasyonal la  soti pou fè peyi nou tounen yon lanfè kote gang yo ki se ouvrye politik PHTK ak Kò group ap fè sa yo pipito. Se
yon mannyè pou yo kreye tout kalte ensekirite ki ka pèmèt yo vòlò latrye richès peyi nou genyen.  Nan sans sa a, yo responsab tout dega k ap fèt nan peyi a.
Konbit la mande popilasyon an anjeneral pou nou monte barikad yo piwo toujou pou fòse Ariel Henry kite pouvwa a rapidman. Pandan wikenn sa sitou, soti samdi maten pou rive dimanch a midi, nou mande popilasyon an pou li kreye yon ti koulwa pou pèmèt manje ak dlo ka pase, pou popilasyon an, kite koulwa pou anbilans ki pote malad pase epi apre nou dwe fèmen pirèd, monte nivo mobilization  an pi wo.
Konbit la mande aktè Montana yo ak tout lòt aktè ki wè enterè peyi, ki konprann nesesite kolezepol rapid pou jwenn prese prese yon solisyon kòrèk ki nan enterè mas pèp la ki leve kanpe nan tout peyi a. Fòk nou  jwenn yon antant prese prese sou ekip gouvènmantal ki dwe ranplase rapidman ekip defakto Ariel Henry nan tèt leta a ak sou yon program politik, ekonomik, sosyal ki dwe aplike pou soulaje pèp revandikatif la ki nan gwo soufrans eki levekanpe pou ekzije  liberasyon peyi anba rejim gang Phtk a, anba kidnaping, anba grangou, lavichè, ogmantasyon kriminèl gaz la, anba enjerans meriken,  Kògwoup.
Viv yon Aiyti granmoun, viv yon lot endepandans
  Pou Konbit la:
Patrick Joseph 
Guy Numa 
Jean-Paul  Bastien
Olrich Jn Pierre 
Josué Mérilien

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *