E si evenman politik aktyel yo fè pati ajanda lenmi pèp la ?

E si evenman politik aktyel yo fè pati ajanda lenmi pèp la ?

Esau Jean-Baptiste
New York, USA, 09/16/2022 – E si evenman politik aktyel yo fè pati ajanda enmi pèp lan.

Sa ki ap pase aktyèlman nan peyi an mande pou nou reflechi sou avni peyi an. Wi, li mande yon refleksyon ak tèt repoze.
Reflechi nan ki sans? Nan yon premye tan, nou k ab konprann li kòm fristrasyon yon pèp ki pa kapab ankò ak sitiyasyon ke yo ap viv lan.
Pèsonèlman, chak fwa k em sòti an Ayiti, lè yon zanmi mande m kòman m kite peyi an, mwen toujou reponn konsa: pèp sa vrèman gen anpil paysans pou l soufri. E mwen ajoute: pou mizè ke m wè dèyè an, mwen pa vle kwè gen lòt pèp nan mond lan ki tap aksepte viv konsa.
E se chak jou ke bagay yo vinn pi mal. Sa ki dwòl lan, pandan bagay yo ap vinn pi mal pou sa ki pi pòv yo, sa ki pi rich yo kontinye ap vinn pi rich.  Yo mete ak politisyen yo pou yo souse yon manmèl ki pa gen lèt ladan l ankò.
Nan sans sa, li trè difisil pou yon mounn ki gen sanbilite pou mounn, pou w pa kriye pou fason mounn ap viv nan peyi an. Men politisyen ak mounn ki gen kòb ansanb ak zanmi yo nan entènasyonal lan pa rive bay pèp sa regle anyen pou yo.
Ke se timoun, ke se ti granmounn yo, ke se andikape, ou k ab wè mizè an nan je yo, nan tout kò yo. Rezon pou m di ke mwen pa t ap sezi pou sa ki ap pase la. Pèp lan grangou. Pèp lan nan yon mizè nwa. Yo pa wè anwo. Wo pa wè anba. Yo pa konnen ki Sen pou yo rele.
Donk si sa k ap pase la yo se ta repons yon pèp ki revòlte ak sitiyasyon ke yo ap viv lan, li tap yon reyaksyon nòmal ke anpil mounn t ap k ab konprann.  Si mounn sa yo potko reyaji, se yo ki potko vle. Paske yo pa gen anyen pou yo pèdi.  Sa fè lontan depi ke yo pèdi tout sa ke yo te gen pou pèdi.
Men, san k em pa vle krache sou sa ke pèp lan ap fè jodi an, an nou eseye konprann yon bagay. E si sa ki ap pase yo la ta rantre nan ajanda mounn ki toujou ap planifye ak ekzekite mizè pou pèp Atisyen nan laboratwa yo.
An nou eseye konprann. Yo asasine pwofesè, doktè, pastè, prèt etidyan, ti elèv lekòl, ti machann, peyizan, depite, senatè, prezidan an fonksyon etsetera,  ororite peyi an menm jan ak zanmi yo nan entènasyonal lan pa di anyen.
Okontrè, se yon sèl chanson, yon sèl refren ke yo ap chante: eleksyon. Yo renmen di: se eli ki ranplase eli. Men jodi an, yo pa k ab di se: eli ki pou ranplase eli paske aprè 10 senatè ki ap touche lajan ak jwui tout privilèj Leta san ke yo pap fè anyen, pa gen yon otorite, ke se lokal ak nasyonal, ki gen lejitimite nan peyi an.
Mounn legliz yo gen yon bagay ke yo renmen repete anpil ki se: Eskandal lan gen pou l rive, men malè ak mounn pa ki eskandal lan gen pou l rive. Men lè se yon gwoup mounn ki rive pwovoke eskandal sa pou regle zafè ti enterè pèsonèl yo kont yon majorite ki ap soufri, li tris anpil.
Paske, si se pat la ke swadizan otorite yo te vle vini, pat gen oken rezon pou pri yon gaz ki pa menm genyen nan ponp te rive ogmante. Tankou lót lan ta di: “Suivez mon regard”.
An plis de sa, èske nou konstate ke se kay kèk ansyen manb ki te nan opozisyon ak Phtk ke yo ap atake. Se vre ke mounn sa yo pa inosan nan pwoblèm peyi an, men mwen vle rete kwè ke lajan Petwokaribe ansanb ak lajan rekonstriksyon an pa nan men yo. Donk èske gen yon men kache dèyè aksyon malonèr sa yo?
Lòt bagay ke m pa rive konprann, se prezans chèf G9 lan nan manifestasyon ki te fèt jedi aprè midi an. Nan mitan yon pakèt mounn, chef lan te ap chante dechoukaj, dechoukaj, dechoukaj. Dechouke kiyès? E pou ki rezon?
M ap fini pou m di, kat yo vrèman bouye. Sa k ap pase yo la kreye anpil konfizyon. Li mande yon rekil pou konprann plis toujou. Men nan mitan tout konfizyon sa yo, si tout kondisyon reyini pou yon eklatman sosyal, yon guè sivil, ou byen yon revolisyon, prèske pa manke anyen tou pou bòt etranje yo retounen sou tè Papa Dessalines lan. E gendwa se la ke yo te vle rive egzateman ak peyi an.
Pwofesè Esau Jean-Baptiste

Pwofesè Esau Jean-Baptiste 

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *