Loved “Philadelphia, bèso Demokrasi Modèn.
Frè ak Sè nou yo nan Vil sa ap planifye yon Nwit Solidarite ak Ayiti e ak Pèp Ayisyen an.
Lendi 19 Septanm 2022, pwal gen yon Nwit Lapriyè ak Fwa Divès, nan yon Sware Vijil ak Chandèl atravè Mond la pou sipòte Ayiti ak Pèp li kap monte yon maswife anba vyolans ak lamizè.
Gwo evenman sa patwone ak yon Asosiyasyon Rezo Legliz ak Klèje tout dedominasyon, Oganizasyon Fanm, Etidyan ak lòt òganizasyon sosyal.
Tanpri envite zanmi w. Di yo… jou 19 septanm 2022 ant 6 Zè ak 8:00 È nan Aswè nou menm, nan zòn Philadelphia, nou pwal rasanble nan Broad Street bò City Hall Court la pou sipòte Pèp nou nan move moman yap travèse nan Peyi Dayiti.
Pandan wap li Nòt sa.
Envite zanmi w! Patisipe! Nou tout, nou tout ki renmen Ayiti, ki pote limanite nan kè nou, ansanm nou ka fè diferans, ansanm nou ka Pote chanjman, paske nou tout Renmen Ayiti. Ayiti se Manman nou.
Pou moun ki nan lòt vil, ak lòt pati nan mond lan ou ka patisipe Live ak nou sou Facebook.
Asire w ke ou gen yon chandèl , oubyen kite yon limyè sou galri ou limen pandan evenman sa ap pase pou atire lòt moun de kalamite Pèp Ayisyen an.
Pwogram:
Lapriyè pou Ayiti, Pawòl Enspirasyon, Chan ak Dans Gras ak patisipasyon e Pèfòmans espesyal African Dance Ensemble ak divès lòt atis lokal.
Jounal/Radyo/Televizyon… ap prezan tou
Ansanm, se pwal yon sware memorab nan solidarite imen.
Fè li mache! Sitiyasyon Ayiti a konsène nou tout.”





