Bonjour dans une humanité renouvelée!

Le cri du policier qui demande à ses frères et sœurs d’arme d’élever le niveau, d’avoir un comportement digne d’une personne humaine doit nous porter à réfléchir. À visage découvert, il a osé!
Oui, il a osé questionner la conscience du policier qui a froidement ôté la vie de 2 motocyclistes lors d’une dispute pour l’approvisionnement en gaz des motos de ces victimes. À bout portant, sans une minute de réflexion sur l’importance de la vie, sur le tort qu’il fera des victimes ce chien des chiens du système a mis à exécution l’ordre reçu des vrais tenants du désordre de la rareté du carburant.
Tout moun konnen se pou yo kapab fè plis pwofi(lajan) sou do nou menm Pèp toujou ki fè gouvènman Ariel Henry ak Fusion-SDP-MTV-Nouhla-Verite- ak tout lòt yo mare sosis yo ak flibistye yo, boujwa salòp yo pou kreye dezòd rate gaz la.
Nou tande kouman sèten ladan yo ap charye gaz la pote vann lòt bò fontyè.
Nou toujou tande epi wè kouman nan vil pwovens yo tankers gaz yo ap detounen san yo pa rive nan ponp yo.
Ekip Ariel Henry Fusion-SDP-MTV-Verite-Nouhla ki kounye y’a ap trafike pouvwa pou flibistye yo, pou boujwa salòp yo se yo menm k ap pote sou konsyans yo tout krim ekip PHTK Tèt Kale yo ap fè sou pèp la kounye y’a.
Nap di Grenadye Alaso se pou nou vanje tout sa k tonbe yo tankou 2 motosiklis yo nan Kafou Tifou. Pwovèb la di: “bat chen an, tann mèt li”.
N ap di ekip Ariel Henry Fusion-SDP,MTV, Verite,Nouhla, nou la tout bon vre, nou la paske nou tout pap mouri e n ap travay pou n jwenn jistis pou tout sila yo ki tonbe yo, ki pran devan anba bal chien des chiens sistèm nan.
N ap tann poun wè kisa Enspeksyon Jeneral PNH” la ap fè nan sikonstans lanmò 2 motisiklis yo nan Kafou Tifou a. Polisye ki pale y’a deja eksprime « tout son ressenti », li fwete ògèy nou. Li admèt evolisyon sosyolojik ki genyen anndan sosyete an nan epòk sa.
Sa fò anpil lè polisye y’a di se pa pèp 86 la, se menm pa pèp 2004 la. Oh combien les circonstances de la vie, combien le démantèlement des organisations sociales, combien les abolotcho ont transformé le paysage social et le paysage politique du milieu haïtien. Le terrain devient si fertile pour que la barbarie ait raison sur la solidarité et la justice. Tout Moun rantre nan twou yo. Chak Moun ap naje pou l soti.
Se pou Ariel Henry ak tout lòt tyoul sistèm nan konnen yo gen pou fin bwè san pèp la.
Dat 11 Septanm nan, se yon dat madichon pou listwa pèp kap goumen nan limanite.
11 septanm 1973, jodi y’a 49 lane kote yankee yo, san okenn mezi, touye Rèv tout Yon pèp nan peyi Chili, ak sasinay prensipal lidè y’a eksperyans sosyalis sa a, Prezidan Salvador Allende.
Nou menm pèp Ayisyen, dat madichon sa fè dlo koule nan je ak larivyè san nou tout lari de fwa pou pi piti.
11 septan1988, sa fè 34 lane depi ke asasen Bwasa Wouj Franck Romain yo te fè masak ki touye ak blese yon pakèt fidèl nan Legilz Sen JanBosko ki nan zòn Pon Wouj nan Pòtoprens.
11 septanm 1993, 2 lane apre koudeta sanginè Raoul Cédras toujou sou lòd Yankee, FRAPH, nan yon sakrilèj san parèy, rale anndan legliz Sakrekè sou Tijo, Yon boujwa ki te toujou kont sistèm peze souse y’a, Antoine Izmery(Titwann) egzekite li san fwa ni lwa.
11 septembre 2001, le cœur du capitalisme mondialisé fut secoué par les attentats du World Trade Center, du Pentagone le centre stratégique de la défense du mondialisme. Plus de 3000 âmes de toutes les nations furent fauchées par le fanatisme aveugle d’une certaine croyance religieuse.
Ou ta di n ap make pa sou plas. Paske nan ka peyi Dayiti, anyen pa janm fèt pou pini koupab kont masak Sen JeaanBosko yo ak tout kriminèl ki te touye Antoine Izmery nan Legliz Sakrekeè nan Tijo.
Ajoute ak sa, ekip sa ki la kontinye ap bwè san pèp la toujou. Men sa gen pou l sispann tande “messieurs et dames Chiens de garde du système”
Marcel Poinsard Mondésir





