Demanbrè kap pale de remanbre sa ke l finn kraze
Pep Ayisyen, pa okipe oken mounn ki vinn ap pale w de youn pakèt istwa dwat e gòche. Se sa ke n ta rele: ‘’Player playing players’’.

New York, USA, 09/05/2022 – Gen yon ansyen zanmi nan dyaspowa ki te rele m pou l envite m nan yon “rankont enpòtan”. Sijè an, se pou n pale sou kriz politik ke peyi an travèse.
Mwen repon misye, ou konnen ke m mwen rete trè lwoin w? Donk, li ap difisil pou n ta vini. Mwen te pwan sa kòm yon eskiz pou m di te k ab rejte envitasyon zanmi an.
Zanmi an ki te renmen ke m patisipe, repon n mwen ke se yon rankont ki ap fèt nan zoom.
Kòm mwen pat vrèman gen anvi pou m patisipe, mwen mande zanmi se ki sa k ap nan ajanda rankont lan?
Zanmi an reponn mwen pou l di ke m ke se: ensekirite, la vi chè, pwoblèm gazolin, ak patisipasyon dyaspowa an nan pwochen eleksyon ki ap gen pou fèt yo.
Mwen repon n misye, kòman pou w ap pale de eleksyon nan eta peyi sa ye la. Mwen panse ke w tap pale de yon tranzisyon ak yon gouvènman de “salut public”.
Mwen kontinye pou m di l ke gouvenman sa non selman li t ap la pou plis ke 2 zan, men ak kabinè de 10 minis, li t ap gen yon kòd de wout pou l takle anpil pwoblèm ke sosyete an ap fè jodi an. Kòm mwen gen anpil pwoblèm, men ki pa pèsonèl ak demanbrè yo, mwen te presize pou zanmi an, minis sa yo ta dwe de nouvo kad nan peyi an menm jan ak nan dyaspowa an.
Zanmi an reponn mwoin se enteresan. Li p at wè l ak konpran n li konsa. Li di m ke si m vle, li k ab ajoute tout sa mwen di yo la nan ajanda rankont lan. Men ak yon sèl kondisyon pou l fè sa, fòk mwen ba l garanti ke m ap patisipe nan reyinyon an.
A malen, malen e. demi. Mwen ap eseye evite pou m pa patisipe, zanmi an ap jwe tout riz pou l konvenk mwen patisipe. Pou l eseye konvenk mwoin, li di m non sèlman gen kèk mounn ki ta anvi wè m, men li konnen ke m ap renmen wè yo tou.
Mwen mande zanmi an, se kiyès mounn sa yo ye. Misye kòmanse ap site non yon pakèt ansyen otorite ki pase nan peyi an. Pou misye montre m ke li gen anpil gwo kontak, ki kontinye ap site non.
Mwen di sa ase. Ou mèt rete la. Ou pa bezwen banm plis. Misye mande m pou ki sa? Kalmeman, mwen repon n misye, 85% nan non mounn sa yo ke w ap site la, se yo ki demanbre peyi an e mete l kote li ye jodi an. Donk, li pa fè sans pou m ta patisipe nan yon yon rankont ak yon pakèt mounn ki te pran plezi nan demanbre peyi an.
Mwen di zanmi an, francheman, mwen pa tout toleran konsa. Yo finn gaspiye tout richès peyi an ak fanmi e zanmi yo, kounye an pou m chita vinn remanbre l ak yo, ou t ap ri m anpil. Mwen ajoute, kòm mwen p ap k ab patisipe, wa mande yo pou mwoin: kote kòb Petwo Karibe an, ansanb ak lajan rekonstriksyon an.
Mwen di misye mwen pap k ab rete plis, fòk mwen rakroche telefonn lan. Men, anvan m ale, ban m di w yon bagay ki vrèman enpòtan pou mwoin. M ap patisipe nan yon rankont ak kèk patriot konsekan kote ke n ap gen pou n pale de pwojè pou remanbre peyi an. Men, pa avèk mounn ki te demanbre l yo.
Pwofesè Esau Jean-Baptiste





