SAKRIFIS !

SAKRIFIS !
Daly Valet
Port-au-Prince, Haiti, 09/03/20022  – Ayiti bezwen yon lidè kapab ki sakrifye tèt li ak yon jenerasyon fanm ak gason kabab pou sakrifye sistèm sa ki sakrifye Ayiti a.
Mezanmi fòk ou sou plas pou nou konprann sa k ap pase Ayiti a. Lavi chè plis ke lanfè sou latè.  Pòtoprens menm tounen yon bon jan twou kote tout tenten anpile : blakawout, salte, debri, gang, vyolans, anachi, kawo, otorite demisyonè pouryanis, politisyen pwofitè sanzave, kòmèsan sanvègòy.
Nòmalman si vi pèp òfèlen an, pèp demini an pa t konsènen e si vi nou chak ak lavni pitit nou pa t anje, nou te dwe chita sou ti chèz ba nou ap gade kay la kraze sou tèt elit poliik ak ekonomik malpouwont, iresponsab sa. Sa Ayiti ap viv jodi a se rezilta piyay san limit ak gouvènans makab klas ekonomik ak klas politik istorik k ap domine Ayiti depi peyi sa te tikatkat. Men nou tout oblije mete pye nou nan dlo pou nou batay.
Nan kalfou malè ak mizèrere Ayiti ak pèp ayisyen an ye la, se goumen nou dwe goumen pou sa chanje. Se moman mobilizasyon !
Sò nou ap vin pi mal chak jou, si yon lidè, yon jenerasyon pa desidè fè sakrifis nesesè pou nou kapote sistèm kriminèl peze souse sa e bati Nouvèl Ayiti a .
Daly Valet

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *