Jakmèl pale, Ariel pwale

Jakmèl pale, Ariel pwale

Serge Pierre-Louis

Jakmel, Ayiti, 09/03/2022 – Anpil fwa, pou dechouke apranti diktatè nan Pòtoprens yo, gwo mobilizasyon yo konn kòmanse nan vil Gonayiv ak Okap elatriye. Men, depi kèk jou, avèk mobilizasyon san pran souf kont ensekirite, la vi chè, pwoblèm gaz, pèp Jakmèl mete pye yo a tè.

Yo ap frape pye yo ou beton non sèlman pou bagay yo chanje, men tou pou PM ki pap regle anyen an ale. Donk, depi Jakmèl pale, Ariel pa kab rete. Li oblije ale.  Tankou Monseyè Romulus ta di: ale bay tè an blanche.

Jakmèl pale, Ariel pwale. Li prale pou l nou fè plas ak yon tranzisyon de yon gouvènman Sali piblik ki ap gen kòm fèy de wout yon akò ki ap akòde tout peyi an. Nou pa bezwen akò ki ap dezakòde sosyete an ke plis jan li ye an.

Manifestasyon jakmel (HPN)

Gwo jodi premye septanm lan, poukisa, se Jakmèl? Paske Jakmèl pa gen abitid sa, Si’w wè li ka pran lari ak asyèt vid ap frape ap kriye, sè ke ka a grav. E se chak jou ke li ap vinn pi grav. Jakmèl pa abitye pran lari konsa; Jakmèl pa Okap, li pa Gonayiv, li pa menm Okay. Jakmèl se ‘vil festiv’ ak vokasyon touristik, piktiral, atizanal etsetera .

Jakmèl se premye vil nan tout Karayib lan ki te elektrifye, sètadi premye kote nan Antiy lan ki te gen Izin kap distribye kouran. Jodi an Jakmèl gen pliske ke 2 mwa san kouran EDH.

Vil lan san dlo tiyo; san sèvvis vwari pou ranmase pil fatra tout kote; san gaz nan ponp gazolinn yo. Se samdi an yon machann gaz-a-tè pran bal pou gaz malatchong.

Si mounn Jakmèl pa kanpe, kòman yo ap fè pale de vil touristik ak kilitirèl, lè se chak jou pil fatra yo ap ogmante nan chak kwoin ri.  Si yo pa gen kouran elektrik ak dlo ki ap koule nan tiyo, yo p ap gen fyète pou yo ap frape lestomak, epi di se yo VIL touristiK.

Se vre touris yo p ap k ab pase Matisan pou rive Jakmèl.  Men, menm si yo ta pran yon ti avyon pou rive nan vil lan, pa gen touris ki ap aksepte sikile nan vil sal konsa.  Menm piti jakmèl p ap k ab viv konsa.  Menm si yo ta vle, men pou kesyon ijyenik ak sante, yo p ap k ab Mennen pitit yo vizite ak viv pandan kèlke jou nan move kondisyon sa yo.

An plis de sa, depi 3 lane kanaval Jakmèl pa ka pase byen jan li te konn abitwe pase. Fèt grandyòz ki konn selebre nan peryòd 30 avril-1er Me vinn raz ou ta razwa ki razè. Kòman pou moun n Jakmèl fè pa ta pale?

Pandan ke mounn Jakmèl ap pale pou denonse move la vi, se move la vi tout rès peyi an ke yo ap denonse.  Pwuiske sa fè 1 an, 3 mwa egzateman depi ke Martissant fèmen. Sa koz anpil biznis kraze nan Jakmèl tankou nan tout rès Gran Sid lan. Kous Moto Taxi vin n pi chè.

Kòman w ka imajine pou Ariel Henry san lejitimite, san kapasite ta rete ap kalbende nan tèt peyi an? Oh non! Voye Ariel ale.

Definitvman, Jakmèl pale, Ariel pwale.  Li pa kab rete ak tout asosye li yo pou yo ap jwui tout privilèj Leta peyi an.  Pandan ke yo p ap regle anyen.

Serge Pierre Louis

(SPL)

One comment

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *