Ayisyen nou pa konn kote nou Gad
Nou ka viktim nenpòt kote nou ye. Nenpòt Kilè yo vle. E, nan nenpòt sikonstans.
Jodia, bandi yo, nan pratik yo, antre kay moun, fè maltretans, jan yo vle, san kè sote. Yo vire, yo ale.
Se konsa, Lanmò a vin jwenn ou, anndan lakay ou.
4 bandi antre lakay yon houngan, ki t ap egzèse pratik vodou l. Yo arimen tout Moun yo, metrize yo. Sa pa sifi pou yo. Swaf sang, mache ak anvi touye tou. Yo wete lavi 6 moun (houngan ak 5 lòt Gason ki te la). Yo bat Medam yo. Yo pa etenn souf yo, yon fason pou yo kapab, apre tout traumatis, yo fin sibi, vin temwaye imilyasyon yo te viv la.
Quelle horreur!
Quelle atrocité!
Quelle barbarie!
Èske nou an n Afè ak Moun, nan sitiyasyon sa a? Ki mal popilasyon an fè, pou-l merite viv krim sa yo?
Konsa tou, nou ta poze kesyon ki itilite lwa yo?
Poukisa lwa yo, Ginen yo, kite akt odieux sa yo, fèt sou Moun k ap sèvi l, san yo pa bay kriminèl sa yo, repons?
Pa genyen lye sakre ankò.
Pa genyen zòn pwoteje ankò
Pa genyen entouchab ankò.
Paske:
Ou viktim anndan lakay.
Ou viktim nan lekòl ou.
Ou viktim anndan lopital.
Ou viktim anndan Biwo Leta.
Ou viktim anndan peristil.
Ou viktim anndan legliz.
Poukisa, tout sektè yo poko kompran-n NESESITE, POU YO FÈ YON SÈL, NAN BATAY KONT ENSEKIRITE YA?
BANDI YO FRAPE NOU TOUT, AK MENM FÒS KRIYOTE A, AK MENM APETI POU BWÈ SANG, MENM ANVI POU FÈ N SOUFRI !!!
Sèl bon jan Kowòdinasyon Fòs yo, ak Yon plan byen defini, pou DECHOUKE BANDI, kapab wete peyi a, ansanm ak pitit li yo, anba men Defwoke Sa yo, Ki an Sèvis Kòmande.
Yon Aksyon parèy, pa gen lòt objektif, se ranfòse laperèz, lakay anpil Moun, epi fòse tout sa k ap fè Rezistans, kite peyi y’a. Konsa, ya wè pa gen jwèt. Fòk yo kite l, tout bon.
Nou pap sispann di Otorite peyi nou MÈSI. MÈSI pou manfoubinis ak abandon yo.
Marcel Poinsard Mondésir
Photo: www.news.anmwe.com






