NOT POU LAPRES
Pèp Ayisyen, zansèt nou yo ekri pi gwo listwa mond sa. Yo aboli lesklavaj, yo kreye yon Nasyon, yo kreye Dwazimen pou mond lan. Nou te montre frè ak sè esklav yo gou libète ak opresè nou yo laverite ki se dwa nou genyen menm jan ak yo, nou pa machandiz ni byen..
Charles X nan lane 1825 voye plizyè flòt Fransè menase peyi nou, fòse’n pwan ponya nan bank lakay yo pou nou peye yo 150 milyon fran pou rekonèt nou endepandan, akapare tout sous ki ka bay peyi a lajan pou kraze baz devlopman peyi nou pou kondisyone sa nap viv Jodi ak dèt endepandans. Poutan se yo ki te dwe dedomaje chak Ayisyen pou sa yo fèn sibi e paske Anperè Jean Jacques Dessalines te bat lame Napoléon byen bat.
USA konplis peyi Lafrans pase pwan ti rès la, pilonnen souverente’n, volè resèv lò nou, retounen nou nan lesklavaj nan lane 1915 sou non lokipasyon, chanje konstitsyon peyi nou, USA sa kenbe annotaj pati teritwa peyi a ki se Lanavas an baje nasyon zini. Si jodi a nap viv sa nap viv yo nou pèdi respè devan peyi frè ak sè nou yo (lafrik), si jodi a Ayisyen paka manje, Gang anvayi’n kraze mache touristik nou se Lafrans ak USA ki lakòz, zam kap tiye pitit peyi a ki fè masak, kidnapig ak asasina yo soti USA.
Ansanm Òganizasyon Sosyo-Politik ki siyen nòt sa kanpe yon gwo zouti ki se LAREZISTANS pou egzije RESTITISYON DOUB DÈT ENDEPANDANS lan REZÈV Lò ak LIL LANAVAS. REPARASYON, pou verite sa yo sispann kache pou yo nan liv sou entènèt elatriye pou lave lonè’n. Pou jenerasyon kila sila kap vini yo konnen peyi lafrans bati sou san esklav ekonomi USA bati ak san pèp Ayisyen, bank peyi sa yo gen kòb, Lò ak zonbi Ayisyen e Afriken. Batay la ap long, nap tann tout òganizasyon konsyan ki vle mennen Lit diyite Pèp Ayisyen an rejwenn LAREZISTANS. Pou nou reveye tout peyi viktim kolon sa yo pou REZISTANS mennen DELIVRANS. Viv Jean Jacques Dessalines.
Nou salye laprès patriyotikman.
Pati INITE AFKA CRERS
Bernard Winder René Marie Carmella Etienne Bergeline
PLATFÒ DINAMIK PETYONVIL
Cassandra Kettia Noël
NOU PAP KONPLIS POZA ACHATAMOD
Jonathan Renois Desaguste Johnny Rodriguez Windy Alcima





