Ki Non Pou N ta ba Yo…?

 

Ki non pou n ta Ba yo…?

Pwofesè Wilfrid Suprena

Yo, Se Aysyen ki nan peyi a, gen sa k ap viv lòtbòdlo tou…. Anpil ( Etazini, Kanada, Zantiy yo, Chili, Brezil, Naso, Lakay Vwazen)…Pi fò nan yo posede yon telefòn entèlijan, yo aktif sou tout medya sosyal yo..

Yo toujou ap enfòme sou sa k ap pase nan peyi a. Yo voye kòmantè ale pou vini… Yo konn pete lòbèy antre yo pou dan griyen..

Men Sak pi enteresan an se Oubyen yo kòmanse Oubyen yo fini kòmantè yo a ake brib fwaz sa:
Mwen pa nan politik.Mwen pa fè politik..

Pou yo, peyi a pa bon.
Se la wont..yo dakò sou sa..

Kominikasyon nan telefòn nan peyi a Se yon kochma, wout pa bon, vòlò fè kenken, fil zariyen kidnapè yo tout kote, biwo leta se “ gagòt “ ake koripsyon, lekòl prive ap kase ponyèt paran ki pap travay e k ap tann transfè, lekòl leta ap tann pwofesè ki pa janm touché e ki pa janm vin travay, lopital pa gen Kabann, pa gen ni materyèl ni medikaman, Ti moun ap Mande nan chak kwenlari…

“Yo pa nan politik” ( un leitmotiv désuèt mais justificateur)…

Men tout sa w tande a, pa nan politik la Se pou:
– Joure “ Don Kato”
– Atake Youri Latortue
– Kraze Evalière Beauplan
– Dénigre Kely C Bastien
– Voye Moïse Jean Charles nan fatra…
– Deplimen Nènèl Cassy…
– Savonnen Schiller Louidor
– Pase Andre Michel nan Paswa…

Ki pwen komen ant dirijan politik sa yo?
Majorite nan yo si Se pa tout gen orijin yo nan milye riral.
99% nan yo Se pwofesyonèl e yo fè eksperyans nan leta. Yo Se Atis, doktè, ekonomis, avoka, kominikatè…Epi anpil nan yo te pase nan Palman Aysyen an..Yo chwazi pou yo opoze yo a Fason ke moun ki nan tèt leta a ap mennen bak peyi a…

Moun sa yo pa ni chèf leta, ni chèf gouvènman nan moman an..
Yo pa sou pouvwa.. e yo pa gen kont pou rann sou lajan taks, enpo lokatif, ake lajan leta prete nan bank etranje pou peye chak ane..

Men,
Gen yon chèf leta ki di l Se “ enjenyè” e ki dil “ antweprenè e ki pat fè okenn eksperyans nan leta…
Gen yon chèf gouvènman ki anvan l pale di l Se enjenyè epi li gen eksperyans nan ONG ake Òganizasyon Entènasyonal
Gen minis
Gen Sekretè leta
Gen Dirèktè Òganis Otonòm ki soti nan yon pati politik k ap ekzèse pouvwa… a…. Kòman y ap gouvène? Kòman y ap dirije? Ki progrè peyi a fè ake sitwayen sa yo sou pouvwa?

Haïti, le pays des Contrastes…

Moun ki di yo pa nan politik yo ki moun yo atake pi plis? Ki moun yo kritike pi plis?
Moun ki Pak kolèkte taks ke yo menm ap peye…a oubyen moun ki pa gen anyen pou wè ake taks yo a?

Moun k ap pwan dola senkant ke yo menm ap peye…oubyen ki pap Pwan l lan?

Pou moun ki pa fè politik yo, tout dram peyi a Se moun ki pa sou pouvwa yo…

Sitwayen ki sou pouvwa k ap koupe, k ap rache, k ap deside onon yo, k ap ipoteke Avni peyi a… Sitwayen sa yo San peche..

Se anfas yo k ap Kritike Sak pa bon akote yo a, ki ta sipoze nan menm kan ake yo, se moun sa Yo ki “ Vilain”… Qui peut comprendre cette logique?

Sa k pi rèd la, si dirijan yo ki pa delivre nan promès yo tap fè lè yo tap kouri dèyè pouvwa Se sitwayen an fas yo, Se Opozisyon an ki rèsponsab eta delabreman, eta deplorab peyi a. C’est à perdre son latin.

Chèf leta, chèf gouvènman enkonpetan, irèsponsab… Se Opozisyon an ki lakòz?

Chèf leta, chèf gouvènman bay bandi benediksyon… Se Opozisyon an ki fè sa..

Chèf leta, chèf gouvènman chwazi kolaboratè ki pa gen nivo…Opozisyon an ki pouse l fè sa…

Toutes les flèches empoisonnées sont dirigées vers l’opposition… Les dirigeants politiques tenant les rênes des appareils d’état sont totalement exonérés de leur responsabilité…

Il faut blâmer l’autre…

Oubyen “ Se nou tout ki koupab” se pawòl ki kouran anpil nan bouch sitwayen ki di “ Yo pa nan politik” “ Yo pa fè politik”…

Ki lojik sa?
Kòman nou ka rele konpòtman sa?

Ann di l klè. Si n ap chache Ipokrit, karesan… Nou pa di: Me yo.

Nou ladan i Tou…

Wilfrid Supréna.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *