Machann Akasan….
Se pa chak jou Magrit pote siwo…
Apwe klas Sètifika (11/12 lane), Se peryòd tranzisyon. Ni nan Lekòl. Ni nan Lavi. Nèg ap kite lekòl gason sèlman pou ale nan Lekòl fiy ake gason, Lakay Edith. Nèg te nan tranzisyon pou kite ti moun chiya pou ay nan jèn moun rebèl e tripòt….
Sa w tande a, ògan repwodiksyon yo t ap devlope San kanpe; vwa a ap chanje; plim nan manton, anba zesèl, tout kote ap parèt..Epi Se ti demwazèl yo ki ta pway peye sa…Ni nan Lekòl. Ni nan katye a. Ti biyè ake Bèl ti powèm andedan yo fè kenken. Powèm damou ake Bèl fwaz Ke m pwan nan Intimite ake “ Nous Deux” Se ale pou vini..Tout ti Medam ki te kòmanse ap pouse tete nan katye a ( Ri 15 J) resevwa biyè yo yon jan Ou yon lòt..
Men nan Lavi toujou gen sa, gen yonn nan ti Medam yo ki te vle fè tèt Nèg pati tout bon vre.Li te rele Céline…E ni li ni paran y Se te moun Pòmago. Se te yon bèl ti dam. Li pat Gwo. Li pat mens non plis. Li pat Lasigwap. Li pat yonyon non plis… Li pat yon patapouf. Ni l pat yon bwa bale non plis…Li te antrede..
Depi Celine gade w ou pat ka pa gade y tèlman zyel te Sanble yon konbinezon, yon melanj, yon reynyon solèy la, lalin lan ake zetwal yo tout ansanm nan vizaj li..
Lè Celine ap ri Ou ta di Se Rosiyòl, Toutrèl, kolibri, ake zatolan ki mete ansanm pou ekri yon melodi…Depi bèl mizik sa tanmen kònen nan zòrèy aw, men w, pye w tout kò w pap ka Kenbe, Fòk Ou tranble kan menm..,
Lakay Céline te genyen yon ti Boutik e Matante li t ap vann Akasan chak maten nan jou Lekòl. Céline te lekòl nan Ri 5 H, nan yon gwo balkon ki te pentire an Wouj grena… Lè l soti lekòl, Céline te gen abitid kite Dezyèm pòt lakay li ( pòt salon an) louvri pandan l ap etidye…Depi m fè yon pase devan pòt la, Se ti Allo, Se ti Ba bay…ki fèt rapid… Se konsa ti madmwazèl sa te kòmanse pwan tèt a Nèg tout bon..
Epi, konsa konsa, nou soti nan ti Allo, nou travèse nan ba bay, nou tonbe nan bonjour, comment Ça va ? jouk n ay abouti nan ay Swiv li lè y nan wout pou ale Lekòl oubyen lanmès nan legliz Sakrekèr…nan ri 2…. Nou tap tann yon ti souri oubyen yon ti jedou….
Adjeee, mwen te konn resevwa okòmansman Pito bon jan koutje e yon seri Kout Tchwip ki soti nan ri 2 ki akonpaye m rive jouk nan Ri 15…. Men Si gen yon mo mwen pa konnen Kòman li ekri, li rele “ Dekourajman”.
Se konsa yon jou apwemidi mwen soti nan Lekòl mwen ri 14 boulva e mwen mache e kouri pi vit pase yon Jumbo Jet pou m rive a 4trè tapan nan ri 5 pou m ay tann la belle Céline… Jou apwemidi sa, mwen pat konn ki enspirasyon ki monte m, mwen salye l e mwen di y: Bonsoir, comment vas Tu, ma belle fleur? Tu as bien travaillé? Tu as un visage angélique… Li vire Epi ake vizaj li ki pi “ rayonnant” pase pa Émeline lè l ap chante A K I K O, li di m “ Ti gason Ou vle fè m pèdi lòlòj mwen vre! Epi vwa l ap febli..!
Sa pat pwan anpil tan pou nou te vin nan Kenbe men e pase men nan senti e nan kou pandan n ap mache apwe gade adwat e agòch pou tchakèr pa ay vann nou…Bagèy yo te fèt!
Sak te pi bèl la, Se lè m deside pa ay achte Akasan nan ri 16/17 I a ankò pou m ay abòne chak maten lakay “ Ma belle Fleur”. Akasan lakay matant ( Tantann ) a Céline lan te pwès, li pat djololo, Yo te mete esans vaniy ladan y, bon lèt Odikap, kannèl, annetwale… Lè m te konn fin pwan Akasan sa ake yon pen kabich ki gen yon larivyè Pawa manba andedan y, mwen te konn santi m dizòm.. Mwen panse m te ka ay grenpe pye Mòrn Makaya an Fay minit….
Achte Akasan lakay “ Ma belle fleur” te vin tounen yon “ rituel”. E nou te gen ti mo paspatou nou pou lè m parèt Se li ki toujou vin vann mwen.
Yon Pwemye pase pou m di:
Canto, cantas, Cantavi, cantatum. Cantatrl
Yon Dezyèm pase apwe de minit:
Laudo, laudas, laudavi, laudatum, laudare…
Apwe twa minit pou m monte vwa a:
Amo, amas, amavi, amatum, amare…
Mwen kite yon ti tan pase ankò, po m nan menm m ap avanse pi lan pase yon tòti…. Lysius Felicitatis Salomonum….
Epi “ Ma belle Fleur” parèt tout trant dey deyò.
Bonjou mesye
Bonjou madmwazèl…
Ak 100 w vin achte
Wi..
Pou Konbyen?
25 kòb
10 louch byen ranpli…
Epi gade anwo, anba, sou kote, pa dèyè, yon ti bo pati “Pyout”. ..
Ake 25 kòb Akasan sa, mwen bwè, ti fwèran m bwè, ti Sèranm bwè e nou kite pou pita lè n soti lekòl a 11:30 am ( onzèr edmi).
Chak de jou, Se te konsa.
Epi chak Dimanch, randevou kase sou plas katedral la pou yon ti Kenbe men. Yon ti chita kole sere. Yon ti bò kote de lang file pou Sen segonn. Lanmou Ti Moun. Plezi Ti moun.
Yon maten , 5 Novanm 1968, dat sa pa janm efase nan tèt anm jouk jounen jodya… Mwen fin fè sèman a l’Akassan en latin..Tout bagèy fin di..Jenn jan galan m ap parèt ake gwo po m nan men m. Mwen tande yon gwo men yon bèl vwa ki di, Céline Ou poko fin konnen leson w, Se mwen k ap sèvi ti vwazen an jody a. Matant a Celine parèt byen move….
Se pou 25 kòb Ou vle vwazen?
Wi.. vwazin
Kote veso a?
De louch….
Jodya pap genyen ni Lysius, ni Felisitatis, ni Salomonum Paske Se Nikolas Fabrius Geffrardum ki la…
Se pa Chak jou, magrit pote siwo pou AK 100,
PJ
Photo: Youtube






Aaaaaa m renmen istwa a tout bon
Aaaaaa m renmen istwa a tout bon! Souvni timoun Ala bel moman nan lavi yon moun