Bon konba, Ayiti manman cheri

Wi, bon konba Ayiti manman cheri nou. Ou menm ki bay la vi e tete ak ti jenmòm wouj lan ki rete anwo nan tèt Petyonvil lan ki panse tout byen w yo se pou li, e ki refize pataje ak lòt pitit fi w ki rete nan fatra anba la vil lan nan katye popilè yo.
Men m si anpil nan yo toujou mete ak lòt moun n pou di w betiz, fè betiz ak pase w nan betiz.
Bon konba ak ou menm ki pa jan m sispan n yon bon manman pou ti wouj ak ti nwa ke mèt peyi yo fòse al viv byen lwoin lòt bò dlo.
Manman cheri, nan jou fèt ou, mwen pa ta sipoze ap poze w kesyon sa, mwen pa vle di ke ou gen move vant, men kòman yon bon fanm tankou w te rive bay nesans ak ti vagabon nan Matisan yo ki ap fè san koule san rete.
Manman, mwen konnen ti mesye ak gwo zam nan katye pòv yo, men m jan ak chèf gwo palto yo pa men m papa ak mwoin. Yo tèlman ap fè bagay lèd, mwen jennen pou m di ke yo se frè m. Men, se sa yo ye, yo se frè m paske se ou ki manman nou tout.
An verite, jodi an, mwen konnen ke se zantray ou ki ap rache lè pitit ou yo divize konsa.
Se zantray ou tou ki ap rache lè pitit ou ki lwoin pa k ab rantre vinn bwè yon ti tafya, manje yon ti griyo ak bannan fri, tranpe yon ti mòso kasav nan yon kafe kreyol, ak danse yon bon rara
Manman cheri, mwen anvi wè w anpil. Mwen anvi apiye sou epòl ou pou m kriye. Mwen anvi di w kòman etranje yo ap maltrete pitit ou yo lòt bò dlo. Mwen anvi di w, depi ke yo te fi n touye Desalinn, pa vrèman gen anyen serye ki ap regle. Blan yo ansanb ak milat yo pa vle mounn pòv yo vote prezidan. Se yo ki pou deside kiyès ki pou chèf nan peyi an. Konsa, li ap pi fasil pou yo vòlò tout sa ke nou genyen anba tè ak nan mitan lanmè.
Manman cheri, mwen gen anpil bagay mwen anvi pale ak ou. Men, mwen pa vle fè w pi tris nan jou fèt ou. Mwen manke bliye, di gran mè m pou mwoin, si m pa t nan rara Leyogann ane sa, frè ki pa menm papa ak mwoin yo pat ban m chans pase Matisan. Se pa bliye ke m bliye kilti m. Pou m vin n pran yon ti beny chans, mwen te planifye rantre Pòtoprens, epi pran yon ti avyon pou Okay. E kondwui pou m rive Leyogann. Yo di m ke w pa t vle sa paske ti avyon yo toujou ap tonbe.
Manman,fòk mwen ale. Kat mwen pwal fini. Ban m kouri di w:
Bòn n fèt manman.
Mwen renmen w anpil
Se te pitit gason cheri w
Pwof. Esau Jean-Baptiste
Photo: 509zone.com





