YO BARE YONYON*!
Pa Réginal Souffrant
*****************
Malgre w koupe tèt pou Blan,
Blan pa ezite abiye w tou an blan,
Raboure w nan yon gwo avyon blan,
Fè w potre ake farin lanèj blan,
Pou w ale jije, enprizone kay Blan.
Konpè Yonyon, sa fè vrèman lontan
W ap koupe-rache kon soukouyan
Pou Blan ki pa janmen ba w bon jan.
Dayè, li toujou ba w lanmen ak gan.
Reyèlteman, ou fofile nan move ran.
DCPJ** te fè w kwè ou se yon toupwisan.
Malgre w te nan prizon, ou te gen ranplasan.
Ou te toujou pi bòzò lontan pase pan.
Boujwa santi te konn di w ou gen anpil kran,
Sosyalman, ou pa t janm chanje ni klan ni kan.
400 Mawozo wè politik la ak je drandran.
Gang yo pa reyalize yon jou konsa, Blan
Ap pantan sou yo pou pete zizi ak flan.
Atchapika Blan toujou fini san dan.
Depi entèrè l chanje, Blan ap mete kran!
Menm si Lanmò Sanjou obeyisan
Ak plan Blan, pòt lanmò a louvri de batan
Pou akeyi l paske l pa menm gen valè ekskreman.
Menm si Tipli simen bal sou nou souvan
Kon grenn lapli, enpinite a pa ka dire touttan.
Enperyalis la fè w koule anpil san
Jouk ou tounen yon sanmanman.
Ou dechèpiye malere jouk nan nannan.
Menm si Blan di w ou s’on gason vanyan,
Ou pa menm yon blan mannan. Wayan !
——————–
*Yonyon : Non gate chèf gang 400 Mowozo a.
**DCPJ : Direction Centrale de la Police judiciaire.
Réginal Souffrant






Bon bagay Regi .
Ekri pou yo .