Solidarité des Haïtiens de la Diaspora (S.O.D.H.)
1075, Keuka Road West Hempstead, NY 11552
New york 27/03/2022
Solidarité des Haitiens de la Diaspora (S.O.H.D)
Nòt pou la Près
Solidarité des haïtiens de la Diaspora mété chapo’l byen ba pou’l salyé tout militan konsékan k’ap
kontiniyé batay nan lit pou chanjé péyi a é k’ap rézisté pou rétiré tè papa Dessalinnes nan anba grif
gouvènman PHTK,SDP,Matelly ak alyé’l yo, S.O.D.H ap poté kolé ak tout mouvman k’ap fèt nan
léspri pou déchouké gouvènman gang,défakto kalé tèt Arièl Henry é alyé, é mété kanpé yon
gouvènan sali piblik pou rémété Ayiti kanpé doubout.
S.O.D.H Solidarité des Haïtiens de la Diaspora ap mandé a tout ayisiyen, é sitou ak avan gad lit pèp la pou sivéyé tout oganizasyon ti boujwa tou akô akôkô k’ap négosyé ak Ariel Henry bô tab la ak anba tab la ki réprézanté boujwa tikoulout, gang, kalé tèt PHTK kriminel k’ap kontinyé simayé kadav frè ak sè nou yo nan tout lari a.An nou véyé pou yo pa vi’n pran tèt gwo mouvman lévé kanpé sa a nan al négosyé ak boujwa tilolit restavèk k’ap kontinyé fè richès sou do pèp la.
S.O.D.H ap kontinyé goumen nan dyaspora kou andédan péyi a pou krazé sistèm pézé sousé sa a é rémété Ayiti péyi papa Dessalinnes ak zansèt nou yo kanpé doubout.
Roland SAINRISTIL (Long Island, New-York)
Jean Praslin Jr LIVETTE (Montréal, Canada)
Maxi FRANCOIS (Hollywood, Florida, U.S.A.)
Tina LORQUET (Greenfield, Massachusetts, (U.S.A)
Jean Léonard JOSEPH ( New York)
Jean Théonord RIGODON (Chili Paris France )
Jean Robert Louisma (Chili )
Serge T. GREGOIRe ( Santo Domingo )
Israel GUIRAND (Miami Floride )





