Vwa Rezistans Popilè (No16).-
Yon Ti Bak, Pou n mache pi byen, Pi Douvan.
Mobilizasyon Pèp La Ap Make Pa, Li Bezwen Yon Nouvo Vitès.
Depi trayizon 17 oktòb 1806 la, fòs pwodiktif peyi a bloke, ekonomi an kanpe anplas. Relasyon feyodal e neyokolonyal ki tabli nan peyi a depi akò 1825 lan, epuize tout posiblite nati sosyete sa ki èksplwate pèp ayisyen an nan dènye limit li, pou l ta pote yon minimòm solisyon nan sitiyasyon peyi a.
Klas dominan yo ak kolonyalis yo piye resous natirèl yo e detwi anviwònman fizik peyi a ak mechanste e yon lespri malfezan. Presyon demografik sou rès resous ki rete a, vin entolerab. Agrikilti a anlanbo, sektè endistri lokal peyi a pase nan yon eta rachitik avan FMI ak ameriken yo fè l disparèt, sektè endistri enperyalis la (soutretans) ki chita sou konplisite Leta reyaksyonè a, anba rapò dominasyon ak sibòdinasyon pou èksplwate omaksimòm travayè ayisyen yo, ap sèvi sèlman pou maske vyolans kriz la, nan moman kote mèt neyokoloni an gen pwoblèm pou l toujou pwojte tèt li kòm sèl towogronde nan mond lan.
Sityasyon entolerab sa pouse pèp Aysyen an antre nan yon mobilizasyon manch long pou l fini ake dominasyon Etranje, eksplwatasyon piyajè lokal yo pou bay peyi a yon lòt dirèksyon.

Yon revolisyonè Ris ki rele Lenine, aprann nou kouman yon mouvman popilè se tankou vag lanmè k ap monte epi k ap desann (flux et reflux). Pou kenbe l vivan, gen bezwen yon avangad politik solid ki dwe chwazi nan plan taktik lit la, bon moman pou l toujou relanse revandikasyon fondamantal mas popilè yo. Sonje mobilizasyon, se yon ansanm aksyon mas popilè yo dwe antreprann sou plizyè fòm pou rive nan yon objektif final anndan yon liy estratejik ak taktik.
Se nan batay konkrè, sou tèren an, avangad politik mouvman an dwe analize konjonkti a pou fikse ak mas popilè yo lòt etap lit la, ki dwe toujou fèt andedan yon liy politik klè paske se motivasyon e andirans mas popilè yo ki ka pèmèt tout aksyon nan liy taktik la rive akonpli.
Donk, eske avangad politik la òganize deja? Eske yo defini objektif final la ak mwayen pou atenn li deja? Eske yo mete yo dakò sou lènmi prensipal ak segondè yo ki anfas mobilizasyon an deja? Eske yo defini liy estratejik ak taktik la deja? Eske yo mete yo dakò deja ke nan konjonkti aktyèl la, mobilizasyon mas popilè yo, se sèl motè ki anmezi debloke sitiyasyon an?
Kontèks entènasyonal la rann kolonyalis yo pi feròs, pwogresis yo dwe konprann sa e travay san rete nan mitan mas popilè yo pou kominike, eksplike, e oryante..
Kouman sitiyasyon sosyo-politik la ye an Ayiti nan moman sa?
Devan awogans “Core-Gwoup ” ak ameriken ki chwazi inyore egzistans pèp ayisyen an, pou enpoze Jovnèl nan tèt peyi a pou kontinwite pouvwa mafya PHTK a nan pawodi eleksyon 2016 yo, yon konsansis tasit te degaje nan mitan pèp la pou refize aksepte linakseptab frekansite ameriken yo sou tè papa Desalin nan.
Gwo manifestasyon eklate atravè tout peyi a pafwa ak gwo entansite tanto ak entansite fèb, pou denonse sistèm feyodal e neyokolonyal la. Ameriken yo ki te pran sant volonte gwo chanjman ki te jèmen nan mitan mobilizasyon an, te fè chwa gwo mwayen represyon pou bloke mobilizasyon popilè a. Apre krim ak masak pouvwa mafya PHTK pat rive anpeche mas popilè yo okipe beton an, ameriken yo deside ede ajan l yo sou teren an pou simaye Gang ame toupatou, federe yo atravè peyi a pou touye, vòlè, kidnape moun, pou kase elan mobilizasyon pèp la. Kan sa pat mache, mèt neyokoloni an aktive opsyon sakrifye Jovnèl la ankonplisite ak ekip PHTK a pou tante nwaye vrè revandikasyon mas popilè yo.Konsa, asasina Jomo Apredye a, menmsi l pa atenn objektif li, li pèmèt ameriken yo atire anpil aferis politik nan alyans PHTK, Gang G9, Mateli/Aryèl Anri a pou febli mouvman popilè a. Yo rive kenbe pouvwa a ak panse ravèt la: Si yo pa ka manje manje a, yo dwe kaka nan asyèt la pou yo ride rasis ameriken yo demoli peyi a.
Kidonk, atravè asasina Jovnèl la, enperyalis la ak PHTK rive efase yon senbòl rejè ki te sèvi pwen inite pou rezistans popilè a ke “Core-Gwoup ” te kreye lè yo te plake Jovnèl nan tèt peyi a an 2016, nan bagay yo te rele eleksyon an. San rive kase mobilizasyon an nèt, enperyalis la reyisi fè baskile nan kan mafya a kote lajan dwòg, kidnaping ak vòl ap koule san rete tankou ladous kivyen, anpil moun ki te sou beton an anfas PHTK, pou kite mobilizasyon an nan yon sitiyasyon moribon. Se pou tèt sa, moman rive pou pwogresis yo chita sou bilan 4 lane batay sou beton an, degaje yon avangad solid ki kwè nan fòs popilè yo, trouve objektif minimòm nan, chache liy estratejik ak taktik la pou fikse an akò ak mas popilè yo pwochen etap nan mobilizasyon an.
Nan liv Lenine ki rele ” 2 taktik sosyaldemokrasi nan revolisyon demokratik “, kamarad Bòlchevik la aprann nou nan moman lit, ap toujou gen devyasyon, kèkfwa menm, se oryatasyon yon majorite ki pa toujou pibon oryantasyon an ki enpoze l. Lè sa rive anndan yon mouvman pwogresis, se prensip kritik ak otokritik ki pou fè lit la reprann kap li vè revolisyon an.
Viv Mobilizasyon Pèmanan Pèp La! Viv Relans Mobilizasyon Popilè a!
Viv Inite Popilè a! Libète ou Lanmò.
Komite Rezistans Popilè Benwa Batravil, KRPBB. 7 mas 2022.
Pou Komite a,
PJ.





