Larisi/Ikrèn…  Yon lèkti diferan…

Larisi/Ikrèn…
Yon lèkti diferan..
Anvayisèr Se anvayisèr!
Hitler resisite…. Si Se vre Se tradiksyon sa Poutine  di  yo nan Diskou l anvan li fè lage Pwemye Bonb yo..sou peyi “ Ukraine”, mèkredi 23 Fevriye 2022..
Menm diskou jisfifikatè de dominasyon peyi kapitalis yo ki kache dèyè enterè ki pa avwe pou vòlò byen avèk richès lòt pèp. Diskou Poutin lan pa diferan de Diskou dirijan politik tankou Roosevelt, Truman, Johnson, Bush Père, Bush Fils anvan yo kòmanse zak jenosid yo kont lòt pèp yo pa renmen binèt yo e ki konn vle menase “ Empire” kapitalis yo Ba yo kontwole a..  Epi, Se Menm Diskou ki pa genyen okenn etadam pou moun ki pwal mouri pa makòrn e pa pakèt…nan peyi yo sible yo. Sonje Zile Okinawa ( Japon), Hiroshima, Nagasaki (Japon),
Sonje Vietnam ant 1965/1975
Sonje Diskou Ronald Reagan pou Ti zile la Grenade an 1983
Sonje Diskou Bush Père sou Panama..
Sonje Irak an 1991
Sonje Afghanistan an 2001 e Irak 2003…Sonje Diskou chèf leta ameriken anvan bonb kòmanse lage…..
Antouka, limanite antre nan yon faz ki danjere anpil si peyi kapitalis sa yo pete lòbèy antre pou foure men yo nan richès ki nan peyi Ikrèn…
Diskou Poutine lan Sanble Tèt koupe avèk Diskou dirijan Peyi kapitalis oksidantal yo lè yo vle fè krim onon la Pè Mondyal oubyen menas atak imajinè kont Pèp Lakay yo…
Antouka,
Se pa pwoblèm chanje kondisyon la vi moun nan peyi Ukraine ki poze la.. Poudayè si Se lavi moun ki te enterese yo peyi kapitalis sa yo Se pa nan foubi zam men longè yo tap ye pou touye plis moun..
Nou menm nan peyi d’Ayti depi anvan nou te vin peyi, gwo peyi t ap anvayi tèwitwa sa ( Fevriye 1802 ake Lafwans) Nou konnen sa k te pase annapwe: 1804.
Answit an Jiyè 1825, Se ake 22 gwo Bato lagè Lafwans te vini fè nou vale yon dèt ( 150.000.000 francs or a lepòk Se jouk sou Estime nou fin peye l..)
Answit sou Geffrard Pwisans gwo ponyèt Lèspay ake Amiral Rubalcava debake sou nou ake Konbyen Bato lagèr vin mande pou leta Aysyen peye yo gwo lajan Paske nou te ede dominiken yo kouri dèyè pretansyon yo pou vin retabli Lèsklavaj akote nou la..
Sou Gouvènman Tiresias Simon Sam, gwo potanta Alman voye gwo Bato lagèr vin tòdye men leta Aysyen apwe Zafè Lüders..
An 1914, Bato lagèr ameriken debake nan Pòtoprens ale labank santral Epi  san Ti  mouchwa yo pwan rezèv lò nou yo pou y al depoze i nan City Bank NY.. Jouk jounen jodya a ki sa lòd a deveni, nou pa gen eksplikasyon..
An jiyè 1915, yo ( Bato lagèr ameriken yo) retounen ankò..
Yo touye, yo rache…
Konbyen milye peyzan kako yo pete fyèl a yo  a travè tout peyi a ake konplisite gwo boujwa tout kalite koulè nan Pòtoprens, Okap, Okay, Jakmèl
Epi lè yo kite peyi a an 1934 yo lage  e sipòte yon latriye gouvènman Champwèl e asasen pou detwi tout sa ki ta Sanble ake lide 1804 yo.. Depi Sudre Dartiguenave rive Jouk nan Jovenel… Gen yonn ( Aristide) ki tap eseye fè wòklò, yo fèl vin Lakay a yo sou tèt Epi yo di l Koupe m sa sèk… Yo fè l vale pretansyon l yo Epi yo imilye l ake ake 22.000 Marines ameriken/Aysyen yo fè vin lage l nan Palè Nasyonal Epi pou l aplike plan pou detwi yon anbriyon endistri Nasyonal Ke peyi a te bay tèt èy..
An diz lane ( 1994/2004) yo voye gwo avyon ake gwo jandam vin finalize plan dèstriksyon Ayti a sou banyè Loni ake LOEA Jouk yo kite yon “ Core group” nan” fifty-one” a peyi a…. Ake tout gwoup gang yo ki kreye laperèz anraje pou evite mobilizasyon an ki tap devlope an granmoun e ki te menase ranvèse sistèm pouri a. Finansman e pwotèksyon gang yo Se pou evite emèjans yon lidèship konekan ki te ka oryante batay politik la pou l ta gen yon karaktè Nasyonal e ant Hégémonique…
Kidonk, nou menm Aysyen nou fè eksperyans ake peyi Gwo palto ake Gwo zam ki vin enpoze nou kat volonte yo. E nou poko janm soti anba yo..
Yo anvayisèr rete yon anvayisèr
Yon peyi anvayisèr rete yon peyi anvayisèr..
Pa gen anyen, absoliman anyen ki bon yon peyi anvaysèr ka pote pou Pèp. Ke se Lafwans, Ke se Etazini, Langletèr, Lèspay, Almay, Bèljik, Pòtigal, jodya Larisi, Lachin anvayisèr rete anvayisèr, kolonyalis rete kolonyalis, kapitalis rete kapitalis, enperyalis rete enperyalis… Se nwan peyi yo ki chanje sèlman..
Depi sou linyon Sovyetik dirijan kremlin yo te Kòmanse vire do  bay doktrin “ Non Agression” Lénine lan ( Lénine et Les Questions Nationales).
Apwe Konferans Yalta a an 1945, Lame Wouj la antre nan depatcha tewitwa Ewopyen ake gro palto kapitalis tankou Churchill ake FD Roosevelt sou kesyon zòn enfliyans
– An 1954 , yo antre Hongrie
– An 1968, yo antre  Tchecoslovaquie  ki te sou enfliyans yo.
– An 1979, yo anvayi Afghanistan..
De Larisi a linyon Sovyetik e de Linyon Sovyetik a Larisi dirijan gwo palto pwisans kontinantal sa poko janm rive depase konpòtman politik “ Tsar”  tankou Nikolas 2, sètadi yo otokrat, e Zafè Pèp pa regade yo… Pa gen okenn diferans ant Staline ake Poutine…
Se pa Zafè okenn klass “ proletaryen” k ap regle la..
Ou pwal wè tout gwo Lawon ipokrit kapitalis Alye ameriken yo pwal rele annweyyyyyy Epi kriye tankou keokodil. Manti. Se Paske yo konnen yo pap anmezi fouwe men Pwan pandan Poutine ake Nouvo kapitalis Larisi yo pwal koupe Epi rache…
Se Pèp Ukrenyen an ( jandam, ouvriye, etidyan, tout moun ki renmen pouki kite yo antre ake zam fann fwa yo, Epi prepare yon lagèr popilè pwolonje tankou Pèp Afghanistan ki te kouri ake bòt a yo Epi Lotrejou la bay ameriken yon lòt kal pou listwa pou yo pa janm Bliye.. Tankou Pèp vyetnamyen te fè l pou Lafrans ( 1954) Epi Etazini an 1975…
Anvayisèr Se anvayisèr
Anvayisèr kapitalis Se anvayisèr kapitalis, tout Pèp sou latèr ki diy dwe trete yo menm jan:
Ake fèr cho pou tanpe yo..
Philome J.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *