Depi apre lendepandans, oligachi kont-revolisyonè ki te asasinen Desalin nan pajanm bezwen fòs travay mas popilè ayisyen yo. Poukisa? Paske enèji mas yo pat enterese yo, difèt nan ajennda pa yo, pagen plas ni pou pwodiksyon nasyonal ni pou avni peyi.
Sendikalis Dominique Saint-Eloi
Panse pwodiksyon nasyonal ak avni peyi, te dwe oblije oligachi domèstik la, mete lekòl pou bay mas popilè yo kalifikasyon pwofesyonèl nesesè, rann yo itil pou transfòme tèt yo an aktè pwòp desten peyi yo. Ò, depi nan kreyasyon nasyon an, mouche Jan Pyè Bwaye trase liy wouj oligachi a klè: Mete lekòl pou mas popilè yo t ap sèvi yon fwèt kach kont oligachi a ki toujou konsidere mas popilè yo kòm yon menas pou enterè yo.
Pandan tout 19èm syèk la, oligachi kont-revolisyonè a bloke pratikman tout pwodiksyon peyi a pou ekate mas ansyen esklav yo nan aktivite vital peyi a.
Se pou tèt sa, apre 1915, manm oligachi sa te pote kole ak anvayisè ameriken yo ki t ap pèsekite peyizan ak mas popilè yo toupatou nan peyi a, avan yo te deside, an kolaborasyon ak oligachi a, pou depòte anpil peyizan ak moun ki nan mas popilè yo al koupe kann nan Dominikani e nan Kiba pou devlòpman endistri k ap pwodui sik.
Ak zak kriminèl sa, oligachi a, an konplisite ak ameriken yo, tante rezoud pwoblèm lit mas popilè yo, odetriman peyi a k ap trimen nan move tribilasyon depi konplo trayizon 17 oktòb 1806 la.
Se nan pwojè “CBI ” la (pwogram ekonomik pou peyi nan Basen Karayib la), ke Divalye te siyen, ameriken yo te trase wout ekonomik pou tout peyi depandan nan zòn nan pandan lane 70 yo. Ameriken pase lòd, pou Ayiti ak lòt neyokoloni yo, pa pwodui manje pou popilasyon yo, se Etazini ki dwe voye manje dechè chimik san baryè dwann, pou ayisyen achte lè yo fin travay nan faktori soutretans.
Apre lanmò Papadòk an 1971, Janklod Divalye, Babydòk, te klewonnen yon eslogan vid, “Revolisyon Ekonomik ” pou te fè swit ak yon swadizan Revolisyon Politik Papadòk ta fè, lè l te ratibwaze tout opozan politik (kamoken) ki te anfas rejim Divalye a. Anfèt, Janklod Divalye, an bon domèstik, t ap kreye kondisyon sikolojik pou fè pèp la bwè sa ameriken te mete sou papye pou gouvènman popetwèl yo, aplike san wete ni mete. Konsa, anpil faktori soutretans pral blayi sou Ayiti nan mitan lane 70 yo.
Kisa Faktori Soutretans Lan Ye?
Soutretans, se faktori kote ouvriye plizyè peyi gen dwa patisipe pou fè yon menm pyès nan yon travay anchè n. Pou fè yon rad pa egzanp, chak ouvriye nan chak peyi, fè yon pati nan rad la. Pou sa fèt an Ayiti, Boujwa ayisyen yo dwe siyen yon kontra ak gwo konpayi nan peyi etranje kote mezon santral konpayi an enstale l la, sou baz salè minimòm peyi etranje a.
Manifestasyon ouvrye Ayisyen ki nan soutretans
Pa egzanp, salè minimòm yon ouvriye ameriken se 15 dola us, swa 120 dola us pou yon jounen travay. Boujwa ayisyen an pral kalkile frè transpò, lwaye, elektrisite elatriye avan l detèmine ki kantite kòb pou ba ouvriye ayisyen an nan 120 dola us pa jou li jwenn pou chak ouvriye yo. Konsa, kòm ameriken yo ak oligachi a kreye plis mizè an Ayiti, yo alèz pou yo ofri pipiti salè bay ouvriye ayisyen ak pi move trètman nan neyokoloni yo. Boujwa yo bay ouvriye ayisyen yo mwens pase 5 dola us (500goud) pa jou san avantaj sosyal, pandan yon ouvriye dominiken resevwa 12 dola us pa jou ak jeton pou transpò, kay abonmache nan vilaj ouvriye, kafeterya pou l manje, asirans sante, pansyon, lekòl gratis pou pitit li ak lopital nan lye travay yo pou ka ijans. Donk, kòm koze soutretans se envansyon kapitalis k ap chache plis pwofi, ouvriye ayisyen plis viktim paske yo mwens òganize.
Ki batay ouvriye ak sendika yo dwe mennen an Ayiti pou chanje lavi yo vrèman?
Jeneralman atravè listwa, ensten revòlt toujou jèmen kay moun yo èksplwate. Ouvriye ayisyen yo kòm viktim, toujou jete kò yo nan batay. Toutfwa, batay sèlman sou revandikasyon ki konsènen ouvriye yo, ap twò limite pou devlope konsyans klas osnon enterè klas kay ouvriye yo. Aktivite atizanal tankou pale nan radyo pou aksyon ponktyèl, ka pèmèt ouvriye yo reyisi kèlke jou grèv, men pap gen swivi san yon òganizasyon solid ak dirijan solid ki dwe asire kontinwite aksyon yo selon yon liy batay global.
Chak fwa mobilizasyon mas ouvriye, mas popilè e alye yo pran chè, dwe genyen plis dirijan solid pou ankadre mas moun ki mobilize yo pou anpeche abolotcho detounen mas yo nan vrè chimen yo. Konsa, anpil pwogresis dwe travay pou relve nivo konsyans ouvriye yo, ede yo òganize tèt yo, elaji baz òganizasyonèl yo ki dwe konekte ak òganizasyon peyizan, etidyan, elèv lekòl, pwofesè elatriye pou debouche sou yon gwo estriti sosyal òganize, paske tout aksyon ouvriye, pou l reyisi, dwe gen yon karaktè popilè nan chache konekte revandikasyon yo ak preyokipasyon mas popilè yo.
Kidonk, istorikman oligachi kont-revolisyonè a pat prevwa kondisyon sosyo-ekonomik akseptab pou mas travayè nan Ayiti yo te vle a, e Ayiti yo gen jodi a.
Lè apre revolisyon 1791-1804 la, Desalin te pwopoze jistis sosyal, endepandans nasyonal ak Inite nan kan pèp la, oligachi kont-revolisyonè a te pito fè konplo ak puisans esklavajis yo pou asasinen l. Yo te vle kenbe tout richès peyi a, evite pataj ekitab richès yo ki ta ka fasilite peyi a tire benefis nan fòs travay mas ansyen esklav yo ki te dispoze bay anpil enèji pou te devlope pwodiksyon peyi a. Jodi a, apre ameriken ak FMI fin sabote baz tout endistri peyi a ki te dwe pèmèt pitit pèp la jwenn travay, apre ameriken yo ak FMI fè domèstik yo plase nan tèt neyokoloni an sabote tout baz pwodiksyon peyi a, se nan anklav enperyalis ki rele Pak endistriyèl, moun nan mas popilè yo al likide fòs travay yo pou po pistach.
Sepandan, pou ouvriye yo fè viktwa sou patron bouwo yo ki gen rasin toupatou nan pouvwa ak kay enperyalis yo, ouvriye yo dwe fè tèt kole ak tout kouch popilè nan gwo leve kanpe pou yon pouvwa souveren k ap konsyan sou pwoblèm tout mas defavorize yo nan peyi a.
Viv Mobilizasyon Pèmanan Pèp La!
Viv Inite Ouvriye Yo Ak Mas Popilè Yo! Libète ou Lanmò.